Add parallel Print Page Options

Lalwa Bondye fas ak tradisyon yo

(Mak 7:1-23)

15 Apre sa, kèk farizyen ak pwofesè lalwa ki te soti Jerizalèm te pwoche bò kot Jezi pou poze l yon kesyon. Yo mande Jezi: “Poukisa disip ou yo pa respekte tradisyon granmoun lontan yo? Yo pa lave men yo anvan yo manje!”

Jezi reponn yo: “E nou menm, poukisa nou dezobeyi pawòl Bondye pou nou ka swiv koutim ki fè nou plezi yo? Bondye di: Onore papa nou ak manman nou.[a] Epi Nenpòt moun ki derespekte manman l ak papa l merite lanmò.[b] Konsa, nou di moun yo pa bezwen fè anyen pou papa yo ak manman yo, si yo bay lajan nan tanp lan, li pa gen okenn obligasyon pou ede paran l yo. Konsa tradisyon nou yo vin pi enpòtan pase pawòl Bondye. Bann ipokrit! Li parèt aklè pou tout moun Ezayi te gen rezon lè l di:

Moun yo ap fè lwanj pou mwen ak bouch yo,
    men kè yo lwen mwen.
Adorasyon yo ban mwen pa gen okenn valè,
    paske se kòmandman pa yo y ap anseye.”[c]

10 Jezi pale ak foul moun yo epi li di yo: “Louvri zòrèy nou byen pou n ka tande epi konprann sa m pral di nou an: 11 Se pa sa k ap antre nan bouch yon nonm ki fè l diskalifye pou adore Bondye, men se sa k ap sòti nan bouch li.”

12 Apre sa disip Jezi yo pwoche bò kote li, epi yo di l: “Èske ou reyalize sa w di a pa fè pwofesè lalwa yo ak farizyen yo fache anpil?”

13 Jezi reponn yo: “Si se pa Papa m ki nan syèl la ki plante yon plant, menm rasin li p ap ka ret anba tè. 14 Kouri lwen Farizyen yo! Yo pran pòz lidè yo, men yo tankou avèg k ap kondui avèg. Si yon moun avèg ap mennen yon lòt avèg, yo pa lwen tonbe nan yon menm twou.”

15 Apre sa, Pyè di Jezi: “Èske w ka ban nou plis eksplikasyon sou konparezon w sot fè a?”

16 Jezi di yo: “Menm nou menm tou, nou pa konprann? 17 Nou pa konprann, tout sa ki antre nan bouch desann nan vant. Epi apre sa, nou jete l nan latrin? 18 Men sa k sot nan bouch se nan kè li sòti. Se sa ki sal yon moun. 19 Se nan kè move panse soti. Se nan move panse ak tout lòt bagay yo ye, tankou touye moun, adiltè, fònikasyon, vòlè, bay manti, tripotay. 20 Se bagay sa yo ki sal moun. Men manje san lave men pa sal yon moun.”

Jezi ede yon madanm ki pa t Jwif

(Mak 7:24-30)

21 Jezi kite zòn kote l te ye a pou l ale nan zòn Tir ak Sidon. 22 Yon dam moun peyi Kanaran, ki t ap viv nan zòn lan, te vin kote Jezi. Li t ap rele Jezi avèk yon vwa byen fò: “Senyè, Pitit David la, ede m non! Pitit fi m lan gen yon demon sou li k ap fè l soufri anpil.”

23 Men Jezi bay dam nan bèl vag. Lè disip yo wè sa, yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: “Tanpri, fè yon bagay pou li pou n ka debarase avè l! Nou bouke tande vwa l, epi kote nou fè li fè dèyè nou!”

24 Jezi reponn yo: “Misyon m limite. Bondye voye m sèlman pou moun pèp Izrayèl yo ki tankou mouton ki pèdi patiray.”

25 Lè sa a, dam nan pwoche pi pre Jezi, li lage kò l atè nan pye li, epi l di: “Tanpri Senyè, ede m!”

26 Jezi reponn li: “Li pa bon pou pran manje ti moun yo voye bay chyen!”

27 Dam lan reponn: “Senyè, ou gen rezon! Men, chyen yo ki anba tab la, konn manje ti moso manje ti moun yo ki tonbe atè sot sou tab mèt yo.”

28 Jezi di dam nan: “Madanm, ou gen yon lafwa ki san parèy! Se pou sa w mande a rive jan w swete l la!” Menm lè a, pitit fi dam nan te geri.

Jezi geri anpil moun

29 Jezi kite kote l te ye a, li ale bò lak Galile a. Li monte sou yon mòn, li chita pou l te kapab anseye.

30 Yon gwo foul moun te reyini. Nan mitan foul la, te gen moun ki bwate, moun ki avèg, moun ki enfim, moun ki bèbè, ak tout lòt kalite maladi. Yo te depoze yo nan pye Jezi. Li te geri tout, san manke youn. 31 Moun ki te la yo te sezi anpil lè yo wè bèbè yo pale, enfim yo geri, bwate yo ap mache dwat, avèg yo wè. Lè sa a, yo pran fè louanj Bondye pèp Izrayèl la.

Jezi bay plis pase 4,000 moun manje

(Mak 8:1-10)

32 Jezi rele disip li yo, epi l di yo: “Mwen santi kè m fè m mal pou moun yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m, epi kounye a yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen pa vle voye yo ale konsa, pou yo pa tonbe feblès nan wout.”

33 Disip Jezi yo di l: “Kote nou pral jwenn pen achte nan peyi pèdi sa a pou n bay tout kantite moun sa yo manje?”

34 Jezi mande yo: “Konbyen pen nou genyen?” Yo di li: “Nou gen sèt pen ak kèk ti pwason.”

35 Jezi mande moun yo pou yo chita atè a. 36 Apre sa, li pran sèt pen yo, ak ti pwason yo. Li di Bondye mèsi. Li kase yo, epi li bay disip li yo pou y al distribye bay moun yo. 37 Tout moun yo te manje vant deboutonnen. Lè disip yo ranmase moso moun yo pa t ka manje ankò, yo jwenn sèt panye plen rabouch. 38 Te gen 4,000 moun ki te manje jou sa a, san konte medam yo ak ti moun yo. 39 Apre Jezi fin voye tout moun ale, li monte nan yon bato pou l ale nan zòn Magadan.

Footnotes

  1. 15:4 Sitasyon sa a soti nan Egz 20:12; Det 5:16.
  2. 15:4 Sitasyon sa a soti nan Egz 21:17.
  3. 15:8-9 Sitasyon sa a soti nan Eza 29:13.