Add parallel Print Page Options

17 Konsa, sòti nan Abraram pou rive nan David, gen katòz jenerasyon papa ak pitit. Sòti nan David pou rive nan depòtasyon pèp la nan peyi Babilòn, gen yon lòt katòz jenerasyon. Sòti nan depòtasyon nan peyi Babilòn pou rive nan dat nesans Mesi a, gen yon lòt katòz jenerasyon.

Istwa nesans Mesi a

(Lik 2:1-7)

18 Men kijan Jezikris te fèt: Mari, manman li te fiyanse ak Jozèf. Anvan dat maryaj la te rive, Jozèf vin aprann Mari te ansent pa pouvwa Sentespri Bondye. 19 Jozèf, fiyanse Mari a, se te yon nèg debyen. Li deside pou l kraze relasyon an san fè gwo bri, pou evite twòp eskandal.

Read full chapter