Add parallel Print Page Options

Janbatis voye poze Jezi yon kesyon

(Lik 7:18-35)

11 Lè Jezi fin pale ak douz disip li yo, li kite kote l te ye a. Li t ap mache toupatou nan rejyon Galile a, li t ap bay pèp la ansèyman, epi li t ap preche pawòl Bondye.

Pandan Janbatis nan prizon, li tande tout sa ki t ap pase, tout sa Kris la ta gen pou fè. Li voye kèk nan disip li yo bò kote Jezi. Li voye mande Jezi: “Èske se ou menm ki gen pou vini an oubyen èske nou dwe tann yon lòt?”

Jezi reponn mesye yo, li di yo: “Al di Jan sa nou wè ak sa nou tande: Avèg yo wè. Kokobe yo mache. Moun ki gen lèp jwenn gerizon. Moun soud tande. Moun mouri resisite. Pòv yo tande mesaj Bòn Nouvèl la. Benediksyon pou tout moun ki pa gen dout sou mwen!”

Apre disip Jan yo fin ale, Jezi kòmanse pale de Jan ak foul moun ki te la yo: “Ki sa nou t al wè nan dezè a? Èske se yon pye wozo van t ap souke? Non, seryezman! Ki sa nou t al wè pito? Èske se yon moun ki abiye ak bèl rad ki koute chè? M pa kwè sa non! Paske nèg ki abiye chèlbè ak gwo mak rad sou yo se nan palè yo rete. Men, kisa nou t al wè menm? Yon pwofèt? Wi. M ap di nou sa: Li plis pase yon pwofèt. 10 Men sa ki ekri sou li nan Bib la:

Men m ap voye mesaje m nan devan w.
    L ap prepare chemen an devan w.[a]

11 M ap di nou sa: Pami tout moun sou latè, pa gen youn ki gen plis valè pase Janbatis. Epoutan, moun ki mwens enpòtan nan wayòm Bondye a gen plis valè pase Janbatis. 12 Depi lè Janbatis kòmanse preche pou jis jounen jodi a, wayòm Bondye a ap sibi gwo vyolans. Gen anpil moun k ap sèvi ak lafòs pou eseye kontwole l. 13 Depi anvan Jan vini, lalwa Moyiz la ak tout pwofèt yo te gen tan pale sou tout sa ki konsène wayòm nan. 14 Konsa nenpòt moun ki kwè sa yo te di a ap dakò Jan se Eli[b] ki te gen pou vini an. 15 Moun ki gen zòrèy pou tande, tande!

16 Ak kisa pou m konpare jenerasyon sa a? M ap konpare nou ak yon gwoup timoun ki chita sou yon plas piblik k ap rele yon lòt gwoup timoun.

17 Yo di lòt yo: Nou jwe bon ti mizik sou flit pou ou,
    ou pa danse.
Nou chante chan fineray pou ou,
    ou pa menm fè tankou w ta pral kriye.

18 Koute! Jan vini, li pa bwè li pa manje menm manje ak tout moun. Yo di li gen move lespri sou li. 19 Pitit Lòm nan vini, li manje li bwè menm jan ak tout moun. Yo di li se granmanjè, ak bwasonyè. Yo di li se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun ki gen move renome. Men vrè sajès la ap toujou bay bon rezilta nan aksyon l yo.”

Avètisman pou moun ki rejte Jezi yo

(Lik 10:13-15)

20 Apre sa, Jezi te kòmanse repwoche moun lavil kote li te fè plis mirak yo. Lavi yo pa t montre okenn chanjman pozitif. 21 Jezi di: “Malè pou nou Jwif nan lavil Korazen, malè pou nou Jwif nan lavil Bètsayida.[c] Si m te fè menm mirak sa yo nan mitan Tir ak Sidon ki se vil payen, bagay la t ap diferan. Yo t ap kwè se Bondye Papa a ki voye m, epi yo t ap chanje lavi yo. Tann dat moun sa yo t ap gentan sispann fè peche. Yo t ap tèlman regrèt peche yo, yo t ap mete rad sak sou yo. Yo t ap chita nan sann pou montre toutbon vre yo vle chanje. 22 M ap tou di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou nou pase pou moun Tir ak Sidon.[d]

23 E nou menm moun lavil Kapènawòm, nou panse yo pral leve nou pou n rive nan syèl la? Non. Okontrè se nan kote mò yo ye a n ap desann. Si tout mirak mwen fè lakay ou yo mwen te fè yo nan vil Sodòm, jis jounen jodi a Sodòm t ap la. 24 M ap di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou moun lavil sa a pase pou moun Sodòm yo.”

Yon mo konsolasyon

(Lik 10:21-22)

25 Apre sa Jezi leve vwa li, li di: “Mwen louwe non ou, Papa, Senyè syèl la ak tè a, dèske ou te kache tout bagay sa yo devan je nèg save yo ak moun lespri yo. Alòske ou revele yo bay ti piti sa yo ki pa reprezante anyen. 26 Wi, Papa, sa fèt konsa paske se konsa menm ou te vle li.

27 Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye pi byen, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye pi byen nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a.

28 Vin jwenn mwen ou menm ki santi w fatige anba fado ki twò lou pou pote, m ap ba ou repo. 29 Aksepte nouvo prensip lavi[e] m ap ba ou, epi w a jwenn repo. Mwen se moun dou epi m pa gen gwo kòlèt. 30 Fado pa m nan fasil pou pote, chay mwen an lejè.”

Footnotes

  1. 11:10 Sitasyon sa a soti nan Mal 3:1.
  2. 11:14 Eli Gade nan Mal 4:5-6.
  3. 11:21 Korazen, Bètsayida Se te de vil Jwif toupre lanmè Galile a kote Jezi te fè anpil irak pou montre otorite l se nan Bondye l soti. Malgre sa, moun yo te refize chanje lavi yo t ap mennen, yon lavi ki pa gen anyen pou wè a Bondye.
  4. 11:22 Tir ak Sidon Vil sa yo te plen moun k ap adore idòl. Epi tout moun te konnen yo pou jan te gen move bagay ki t ap pase nan yo.
  5. 11:29 Aksepte nouvo prensip lavi Sa nou tradui nouvo prensip lavi a se anreyalite mo “jouk”. Jouk se moso bwa yon mete sou kou 2 oswa plizyè bèt k ap rale charyo oswa k ap laboure tè. Konsa bèt sa yo oblije toujou pran menm direksyon.