Add parallel Print Page Options

38 ¶ Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: yon je pou yon je, yon dan pou yon dan.

39 Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Pa tire revanj sou moun ki fè nou mal. Si yon moun ba ou yon souflèt sou bò dwat, ba li bò gòch la tou.

40 Si yon moun vle rele ou nan tribinal pou l' pran chemiz ou, kite palto a ba li tou.

41 Si yon chèf vle fòse ou pote yon chaj pou li sou distans yon kilomèt, fè de kolomèt avè l'.

42 Bay lè moun mande ou. Pa refize prete moun ki mande ou prete.

43 ¶ Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: Se pou nou renmen frè parèy nou, men se pou nou rayi lènmi nou yo.

44 Men mwen menm, men sa m'ap di nou: renmen tout lènmi nou yo, lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou.

45 Se konsa n'a tounen pitit Papa nou ki nan syèl la. Paske, li fè solèy la leve ni pou moun ki mechan ni pou moun ki bon. Li fè lapli tonbe ni pou moun k'ap fè sa ki byen ni pou moun k'ap fè sa ki mal.

46 Si nou plede renmen moun ki renmen nou ase, ki rekonpans nou merite pou sa? Eske pèseptè kontribisyon yo pa fè sa tou?

47 Lèfini, si se frè nou ase nou di bonjou, se yon pakèt afè sa ye atò? Eske moun lòt nasyon yo pa fè sa tou?

48 Non, nou fèt pou nou bon nèt, menm jan Bondye Papa nou ki nan syèl la bon nèt.

Read full chapter

Jezi ap pale sou kesyon konfli

(Lik 6:29-30)

38 Nou te konn tande yo di: grenn je pou grenn je, grenn dan pou grenn dan.(A) 39 Men mwen m ap di nou: pa kenbe tèt ak mechan an. Okontrè, si yon moun ba w yon souflèt sou bò dwat, vire bò gòch ba li tou. 40 Si yon moun vle trennen w nan leta pou l ka pran chemiz ou, kite l pran vès la tou. 41 Si yon sòlda vle fòse w fè yon kilomèt[a] pou ede l pote chay li, fè de avè l. 42 Si yon moun mande w yon bagay ba li l. Si yon moun vle prete nan men w, pa vire do ba li.

Renmen lènmi ou

(Lik 6:27-28, 32-36)

43 Nou te konn tande yo di: Renmen zanmi w, rayi moun ki lènmi w.(B) 44 Men, mwen m ap di nou: renmen lènmi nou yo, priye pou moun k ap pèsekite nou. 45 Konsa, n a vin sanble toutbon ak pitit papa nou ki nan syèl la. Li fè solèy leve ni sou mechan yo ni sou moun ki gen bon kè. Li voye lapli ni pou moun ki fè byen ni pou moun ki fè mal. 46 Si se sèlman moun ki renmen w ou renmen, ki rekonpans w ap tann ankò? Ata pèseptè kontribisyon yo fè ti sa a. 47 Si se sèlman zanmi w ou di bonjou, ou pa fè anyen ekstraòdinè. Èske se pa menm bagay la payen yo fè tou? 48 Konsa, men sa m ap di ou: bonte[b] ou pa dwe gen limit, menm jan bonte papa nou ki nan syèl la pa gen limit.

Read full chapter

Footnotes

  1. 5:41 yon kilomèt Literalman, “yon milyon”.
  2. 5:48 bonte Literalman, “pafè”. Isit la, sa vle di “ki fin devlope nèt”, se yon deskripsyon kalite lanmou pitit yo dwe aprann nan Papa a.

Eye for Eye

38 “You have heard that it was said, ‘Eye for eye, and tooth for tooth.’[a](A) 39 But I tell you, do not resist an evil person. If anyone slaps you on the right cheek, turn to them the other cheek also.(B) 40 And if anyone wants to sue you and take your shirt, hand over your coat as well. 41 If anyone forces you to go one mile, go with them two miles. 42 Give to the one who asks you, and do not turn away from the one who wants to borrow from you.(C)

Love for Enemies

43 “You have heard that it was said, ‘Love your neighbor[b](D) and hate your enemy.’(E) 44 But I tell you, love your enemies and pray for those who persecute you,(F) 45 that you may be children(G) of your Father in heaven. He causes his sun to rise on the evil and the good, and sends rain on the righteous and the unrighteous.(H) 46 If you love those who love you, what reward will you get?(I) Are not even the tax collectors doing that? 47 And if you greet only your own people, what are you doing more than others? Do not even pagans do that? 48 Be perfect, therefore, as your heavenly Father is perfect.(J)

Read full chapter

Footnotes

  1. Matthew 5:38 Exodus 21:24; Lev. 24:20; Deut. 19:21
  2. Matthew 5:43 Lev. 19:18