Matye 16:13-19
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Pyè konnen kilès Jezi ye
(Mak 8:27-30; Lik 9:18-21)
13 Lè Jezi rive nan zòn Sezare Filip, li poze disip li yo yon kesyon: “Ki lès nou tande yo di mwen ye, mwen menm Pitit Lòm nan?”
14 Yo reponn li: “Gen moun ki di ou se Janbatis. Gen lòt moun ki di ou se Eli. Gen yon lòt gwoup ki di ou se Jeremi oswa youn nan pwofèt yo.”
15 Apre sa, Jezi mande disip yo: “E nou menm, ki lès nou di mwen ye?”
16 Simon Pyè reponn: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an!”
17 Jezi di Pyè: “Simon, pitit Jonas, ou se yon nonm beni. Sa w di la a, yon lòm pa ta ka fè w konnen l. Se sèl Papa m ki nan syèl la ki te ka fè konnen sa. 18 Ou rele Pyè ki vle di wòk,[a] pa vre? Enben se sou wòk sa a mwen pral bati legliz mwen an. Menm puisans lanmò[b] p ap ka gen viktwa sou li. 19 M ap remèt ou kle wayòm Bondye a. Bondye nan syèl la ap bay apwobasyon li lè w refize oswa pèmèt yon bagay fèt sou latè.”
Read full chapterFootnotes
- 16:18 Pyè … wòk “Pyè”, se fòm grèk pou yon non arameyen “Sefas”, ki vle di “wòk”. Nan Bib la (Eza 51:1-2), menm jan ak nan tradisyon Jwif yo, yo te konpare Abraram ak yon wòk Bondye ta sèvi pou l “bati” pèp li a. Konsa, Jezi ta vle di Pyè se tankou Abraram. Bondye te bay Abraram ak Sara nouvo non epi li fè lwanj pou yo kòm egzanp lafwa pou pitit pitit yo. Menm jan an tou, Jezi bay Pyè yon lòt non (gade nan Mak 3:16) epi li fè lwanj pou l pou gwo pawòl lafwa sa a.
- 16:18 puisans lanmò Literalman, “pòt Lanfè”.
Matye 16:13-19
Haitian Creole Version
13 ¶ Apre sa, Jezi ale nan rejyon ki toupre lavil Sezare Filip la. Li mande disip li yo: Ki moun yo di mwen ye, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a?
14 Yo reponn li: Gen moun ki di se Jan Batis ou ye. Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ankò ki di ou se Jeremi osinon yonn nan pwofèt yo.
15 Li di yo: Bon, nou menm, ki moun nou di mwen ye?
16 Simon Pyè reponn: Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.
17 Lè sa a, Jezi di li: Ou wè ou menm, Simon, pitit Jan an, ou se yon nonm Bondye beni. Paske, se pa moun ki fè ou konn verite sa a. Men, se Papa m' ki nan syèl la ki fè sa pou ou.
18 Mwen menm, men sa m'ap di ou: Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen. Ata lanmò p'ap kapab fè l' anyen.
19 M'ap ba ou kle Peyi Wa ki nan syèl la. Tou sa ou va defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l' nan syèl la non plis. Tou sa ou va pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l' nan syèl la tou.
Read full chapterCopyright © 2017 by Bible League International