Add parallel Print Page Options

Men kijan pwofèt Ezayi ekri:

“Men m ap voye mesaje m nan devan w.
    L ap prepare chemen an devan w.”(A)
“Gen yon moun nan dezè a k ap pale byen fò:
Prepare chemen pou Senyè a;
    fè wout yo byen dwat devan l.”(B)

Janbatis ki te vin nan dezè a epi li t ap di moun yo “vin batize pou montre nou vle chanje lavi nou epi Bondye va padone peche nou.”

Read full chapter