Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Finding your way around? See how the new Bible Gateway works. Take the tour.
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Study resources + Scripture = deeper understanding.
  • Read
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • News
  • Explore
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
    • Take a Tour
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
VKF
Version
Bible Books Bible Books
VKF
Version
Read
Study
News
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
Print PrintSettingsSettingsShare ShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Mak 11  Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa

(Mat 21:1-11; Lik 19:28-40; Jan 12:12-19)

11 Lè Jezi ak disip li yo te prèske rive Jerizalèm, toupre Bètfaje ak Betani, sou Mòn Olivye a, li voye de nan yo. 2 Li di yo: “Ale nan bouk ki anfas nou an. Lè nou rive, n a jwenn yon jenn bourik ki mare. Pèsonn moun poko janm monte li. Demare l, mennen l ban mwen. 3 Si nenpòt moun ta mande nou sa n ap fè konsa? Reponn li konsa: Mèt la bezwen prete l. L ap voye l retounen tousuit.”

4 Disip yo ale, yo jwenn yon jenn ti bourik mare bò wout la toupre yon pòtay. Yo lage li. 5 Kèk moun ki te kanpe la di yo: “Kisa n ap fè konsa, poukisa n ap lage bourik la?” 6 Yo reponn yo jan Jezi te di yo a, epi moun yo kite yo ale.

7 Yo mennen bourik la bay Jezi. Yo mete rad yo sou do li epi Jezi monte l. 8 Anpil moun te tann rad yo sou wout la. Gen lòt ki te koupe branch bwa nan jaden pou mete sou wout la. 9 Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di:

“Louwanj[a] pou Sovè a!
    Benediksyon pou sila ki vini nan non Senyè a!(A)
10 Viv wayòm k ap vini an,
    wayòm papa nou David.
    Lwanj pou Bondye ki nan syèl la.”

11 Jezi antre nan lavil Jerizalèm, epi l ale nan tanp lan. Li gade tout bagay toutotou li nan tanp la, men kòm li te gen tan fin ta, l ale Betani avèk douz disip li yo.

Jezi modi yon pye fig

(Mat 21:18-19)

12 Nan demen, etan yo t ap kite Betani, Jezi te santi l grangou. 13 Li wè yon pye fig pa twò lwen ki te chaje fèy, li avanse pou l wè si l ta jwenn kichòy sou li. Men lè l rive, li pa jwenn fig, se fèy sèlman li jwenn, paske se pa t sezon fig. 14 Lè sa a, Jezi pale ak pye fig la, li di: “Pèsonn moun p ap janm manje fig nan ou ankò.” Disip li yo t ap eseye konprann sa l t ap di a.

Jezi mete lòd nan tanp lan

(Mat 21:12-17; Lik 19:45-48; Jan 2:13-22)

15 Apre sa, yo antre lavil Jerizalèm. Jezi antre nan tanp lan epi Li mete deyò tout moun ki t ap vann oswa achte. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, ak ban moun ki t ap vann pijon yo. 16 Li pa t pèmèt pèsonn moun pote anyen nan tanp lan. 17 Li t ap anseye yo: “Èske sa pa ekri nan Bib la: Yo va rele kay mwen an mezon lapriyè kote moun tout nasyon ka priye m?(B) Men nou, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”(C)

18 Lè chèf prèt yo ak doktè lalwa yo tande pawòl sa yo, yo kòmanse ap chache yon okazyon pou yo touye Jezi. Yo te pè li, paske tout pèp la te etone pou wè jan l t ap anseye. 19 Nan aswè, Jezi ak disip li yo te kite vil la.

Jezi montre puisans lafwa

(Mat 21:20-22)

20 Nan demen maten, pandan yo t ap pase sou wout la, disip yo wè pye fig la sèk jouk nan rasin. 21 Pyè vin sonje sa k te pase a, li di Jezi: “Mèt gade pye fig ou te modi a sèk.”

22 Jezi di yo: “Fè Bondye konfyans.” 23 An verite m ap di nou: “Si yon moun di mòn sa a, retire kò w la, al jete tèt ou nan lanmè, si l pa gen dout nan kè l, men si l kwè sa l di a, sa gen pou rive toutbon vre. 24 Se poutèt sa m ap di nou, kèlkeswa sa nou mande nan lapriyè, kwè nou gen tan jwenn li, epi n ap jwenn li. 25 Lè nou ap priye, si nou gen yon bagay nan kè nou kont yon moun, padone l, kon sa Papa nou ki nan syèl la ap padone peche nou yo.” 26 [b]

Lidè Jwif yo mete otorite Jezi an dout

(Mat 21:23-27; Lik 20:1-8)

27 Jezi ak disip li yo retounen lavil Jerizalèm. Pandan li t ap mache nan lakou tanp lan, chèf prèt yo, doktè lalwa yo ak ansyen yo vin kote l. 28 Yo mande l: “Kilès ki ba w otorite fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba w otorite pou fè yo?”

29 Jezi di yo: “M ap poze nou yon kesyon tou. Si nou reponn li, m ap di nou kilès ki otorize m fè sa m ap fè yo. 30 Ki kote batèm Janbatis la soti: bò kote Bondye oswa bò kote lèzòm?”

31 Lè sa a, youn t ap di lòt: “Si nou reponn, batèm jan an soti nan Bondye, l ap mande nou, poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a, 32 Men tou, si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, lè sa a pèp la pral lage nan kò nou.” (Lidè Juif yo te pè pèp la paske pèp la te kwè Jan te yon pwofèt.)

33 Lè sa a yo reponn Jezi: “Nou pa konnen.”

Jezi di yo: “Mwen non plis, m p ap di nou ak ki otorite m ap fè bagay sa yo.”

Footnotes

  1. 11:9 Louwanj Literalman, “Hosanna”, yon mo Ebre yo itilize, lè y ap priye, pou mande Bondye sekou. Isit la, li pwobab se yon kri pou selebrasyon. Yo itilize l pou fè lwanj pou Bondye oubyen Mesi li a.
  2. 11:26 Kèk ansyen kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 26 la: “Men si nou pa padone lòt moun, Papa nou ki nan syèl la p ap padone nou peche nou non plis.”

Cross references

  1. 11:9 : Sòm 118:25-26.
  2. 11:17 : Eza 56:7.
  3. 11:17 : Jer 7:11.
Next
Mak 10
Mak 12
Next
dropdown
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway