Add parallel Print Page Options

14 ¶ Jezi t'ap chase yon move lespri ki te rann yon nonm bèbè. Lè move lespri a soti, bèbè a pale. Foul moun yo menm te rete men nan bouch.

15 Men, gen kèk moun ki t'ap di: Se Bèlzeboul, chèf move lespri yo, ki ba l' pouvwa chase move lespri yo.

16 Gen lòt ki te vle pran l' nan pèlen: yo mande l' pou l' fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba l' pouvwa sa a.

17 Jezi menm te konnen sak te nan lide yo. Li di yo konsa: Yon peyi ki gen divizyon ladan l', kote moun ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a la pou disparèt; menm kay yo gen pou tonbe yonn sou lòt.

18 Konsa tou, si Satan ap konbat pwòp tèt li, pouvwa Satan an pa la pou lontan. Nou di se Bèlzeboul ki ban m' pouvwa chase move lespri yo.

19 Si mwen menm mwen chase move lespri ak pouvwa Bèlzeboul, patizan nou yo, ak ki pouvwa yo chase move lespri yo? Se poutèt sa se yo menm k'ap ban nou tò.

20 Non. Se avèk pouvwa Bondye mwen chase move lespri yo; sa vle di: Pouvwa gouvènman Bondye ki Wa a gen tan rive sou nou.

21 Lè yon nonm vanyan ap veye kay li, zam li nan men l', tout byen l' yo byen pwoteje.

22 Men, si yon pi vanyan pase l' vin rive, l'ap bat li, l'ap wete zam ki te ba l' fòs yo nan men l', l'ap piye tou sa l' te genyen an l'ap separe ak lòt.

23 Moun ki pa avèk mwen, se kont mwen yo ye; moun ki p'ap ede m' ranmase, se gaye y'ap gaye.

Read full chapter

Puisans Jezi soti nan Bondye

(Mat 12:22-30; Mak 3:20-27)

14 Yon lè, te gen yon moun ki gen yon denmon sou li ki te fè l bèbè. Jezi chase denmon an sou nonm nan. Lè denmon an te soti, bèbè a te kòmanse pale ankò. Foul la pa t manke sezi lè yo te wè sa. 15 Men, te gen kèk moun ki te di: “Se Satan,[a] chèf demon yo, ki ba li pouvwa pou l chase demon. Satan se chèf tout demon yo.”

16 Gen lòt menm ki te vle pran l nan pyèj. Yo mande l pou l fè yon mirak ki bay prèv Bondye avè l. 17 Men, Jezi ki te konnen ki panse yo te gen nan tèt yo, li di yo konsa: “Yon wayòm ki divize ap fini pa kraze. Yon vil oswa yon fanmi k ap goumen tout tan pa la pou lontan. 18 Menm jan an tou, si Satan leve kont pwòp tèt li, li divize. Ki jan pou wayòm li fè kontinye kanpe? M di nou sa paske nou di se Bèlzebil ki banm puisans pou m chase denmon yo. 19 Si nou di mwen chase denmon ak pouvwa Bèlzebil, epi patizan nou yo menm, ak ki pouvwa yo chase denmon? Se poutèt sa, se yo menm m ap kite jije nou pou sa nou di a. 20 Men okontrè si se pouvwa Bondye a m sèvi pou m chase demon, sa vle di wayòm Bondye deja tabli pami nou.

21 Lè yon nonm vanyan byen ame ap veye kay li, tout byen l yo ki nan kay la an sekirite. 22 Men, sipoze yon lòt ki pi vanyan pase l vin atake l. Sa k pi vanyan an ap ranpòte laviktwa sou li. L ap pran zam li yo ki te garanti sekirite kay la, apre sa, l ap separe byen nonm nan jan l pi pito.

23 Yon moun ki p ap travay avè m, ap travay kont mwen. Yon moun ki p ap ede m sanble, se gaye l ap gaye.”[b]

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:15 Satan Literalman, “Bèlzebil” ki chèf tout demon yo. Se menm bagay nan vèsè 18 ak 19.
  2. 11:23 Yon moun … ap gaye Literalman, “Nenpòt moun ki rasanble ansanm ak mwen se gaye l ap gaye.”