Add parallel Print Page Options

13 Grenn ki tonbe nan tè ki gen wòch yo, se tankou moun lè yo tande pawòl la, yo resevwa l ak anpil jwa. Men yo pa pouse rasin. Konsa, yo kwè pou yon ti bout tant, men lè eprèv frape yo, yo vire do bay Bondye.

14 Grenn ki tonbe nan pikan yo menm, se tankou moun ki tande pawòl la, men firamezi y ap avanse, traka nan lavi chak jou a, richès ak plezi lavi kwense yo fè yo pa byen devlope. Si se pou donnen, yo donnen, men fwi yo pa janm rive a tèm pou yo ta pwodui yon bon rekòt. 15 Grenn ki tonbe nan bon tè yo menm, se tankou moun ki tande pawòl la ak yon kè onèt epi bon. Yo obeyi pawòl la kòrèkteman epi avèk pasyans, yo pwodui yon bon rekòt.

Read full chapter

13 Gen lòt moun ki sanble tè ki gen anpil wòch la. Yo tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan; men yo pa kite l' pouse rasin, yo pa kwè l' pou lontan. Lè eprèv tonbe sou yo, yo vire do bay Bondye.

14 Grenn ki tonbe nan mitan pikan yo, se moun ki tande pawòl la, men lè y al fè wout yo, yo kite traka lavi, richès ak plezi ki nan lavi toufè l'. Yo donnen men donn yo pa janm rive rèk.

15 Grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki sensè, ki gen bon kè, ki tande pawòl la, yo kenbe l' nan kè yo. Yo toujou rete fèm jouk yo donnen.

Read full chapter