Font Size
Lik 2:21-23
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 2:21-23
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
21 Lè ti bebe a te gen uit jou, yo te sikonsi li, epi yo te ba l non Jezi. Se non sa a anj lan te bay depi menm anvan Mari te ansent pitit la.
Yo prezante Jezi nan tanp lan
22 Lè lè a te rive pou Mari ak Jozèf te fè sa Lalwa Moyiz la te anseye sou koze pirifikasyon[a] yo, yo mennen Jezi Jerizalèm pou yo te ka prezante l bay Senyè a. 23 Dapre sa ki ekri nan Lalwa Senyè a: “Tout premye pitit gason ki fèt, y a mete yo apa pou Senyè a.”[b]
Read full chapterFootnotes
- 2:22 pirifikasyon Dapre Lalwa Moyiz la, yon fi ki fin akouche yon pitit gason te dwe ofri sakrifis nan tanp lan apre 40 jou pou l ka pirifye rityèlman. Gade nan Lev 12:2-8.
- 2:23 Gade nan Egz 13:2, 12.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International