Lik 14:25-17:10
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Fòk ou deside si ou kapab swiv mwen
(Mat 10:37-38)
25 Yon gwo foul moun t ap swiv Jezi nan wout la. Li vire gade yo li di yo: 26 “Si yon moun vle vin disip mwen, ki fèt pou l mete m nan premye plas nan lavi li. Moun sa a pa fèt pou l okipe l de dezi papa l, manman l, madanm li, pitit li yo, frè l you osinon sè l yo. Li fèt pou l mete pwòp dezi pa l yo andènye, san sa, li pa kapab disip mwen. 27 Nenpòt moun ki refize pote pwòp kwa li yo ba l pote a epi pou l swiv mwen, li pa kapab disip mwen.
28 Nenpòt nan nou ki ta vle konstwi yon gwo kay t ap chita dabò pou evalye pri a epi wè si l gen ase resous pou fini konstriksyon an? 29 Si li pa fè sa, li gendwa fin poze fondasyon an epi li pa ka fin konstwi kay la. Nenpòt moun ki wè sa ta tonbe pase l nan betiz. 30 Yo ta di: Nonm sa a kòmanse bati, men li pa ka fin i.
31 Si yon wa pral fè lagè kont yon lòt wa, l ap chita anvan pou l planifye. Si l gen dimil (10,000) sòlda l ap eseye deside si l kapab bat lòt wa a ki li menm gen venmil (20,000) sòlda. 32 Si l wè li pa kapab fè lagè a, antan lòt wa a byen lwen toujou, l ap voye mesaje kote li pou mande l pou yo fè lapè.
33 Konsa tou, nenpòt nan nou la a ki pa dakò abandone byen l yo, li pa kapab disip mwen.”
Bat pou ou pa pèdi enfliyans ou
(Mat 5:13; Mak 9:50)
34 “Sèl se yon bon bagay. Men si menm sèl la pèdi gou sale li,[a] ak kisa y ap reba li gou sale a ankò? 35 Yon sèl kon sa pa bon ni pou mete nan tè a kòm angrè, ni pou mete nan matyè pou fè dife. Se jete pou voye sa jete.
Moun ki gen zòrèy pou tande, tande.”
Anpil rejwisans nan syèl la
(Mat 18:12-14)
15 Pèseptè kontribisyon yo ansanm ak moun k ap viv nan peche yo te pwoche bò kote Jezi pou yo tande ansèyman li yo. 2 Farizyen yo ansanm ak Skrib yo menm t ap plenyen kont sa, yo t ap di: “Nonm sa a[b] resevwa moun k ap viv nan peche yo epi li manje ak yo.”
3 Se sa k fè Jezi rakonte yo parabòl sa a. 4 “Sipoze youn nan nou gen san (100) mouton epi youn ladan yo pèdi. Ki sa ou t ap fè? Ou t ap kite katrevendiznèf (99) lòt yo nan raje a epi pati al chache mouton ki pèdi a. Ou t ap kontinye chache jouktan li jwenn ni? 5 Lè l jwenn ni, li pote l sou zepòl li ak anpil kè kontan. 6 Lè l rive lakay, li rele tout zanmi l yo ak vwazen li yo, li di yo: Vin rejwi ansanm ak mwen, paske mouton m nan ki te pèdi a, mwen jwenn ni. 7 M ap di nou sa, gen anpil rejwisans nan syèl la lè yon sèl pechè chwazi chanje lavi li epi tounen vin jwenn Bondye. Gen plis rejwisans pou yon sèl pechè sa a pase pou katrevendiznèf (99) jis yo ki pa bezwen chanje lavi yo.
8 Sipoze yon madanm ta gen dis (10) pyès lajan[c] epi l ta pèdi youn ladan yo. Li t ap limen lanp li, epi bale kay la byen bale. Li t ap chache jouktan li jwenn pyès lajan an? 9 Lè l jwenn ni, li rele tout zanmi l yo ak tout vwazen l yo epi li di: Vin rejwi ansanm ak mwen, paske pyès lajan m nan ki te pèdi a, mwen jwenn ni. 10 Konsa tou m ap di nou, gen anpil rejwisans nan pami anj Bondye yo lè yon pechè chwazi chanje lavi li epi tounen vin jwenn Bondye.”
Istwa konsènan de pitit gason
11 Apre sa Jezi di: “Yon nonm te gen de pitit gason. 12 Pi piti a nan de gason yo di papa l: Papa, ban m pòsyon pa m nan byen w yo. Epi papa a separe byen l yo ant mesye yo.
13 Kèk jou apre sa, ti gason an rasanble tout bagay, li pati ale nan yon peyi byen lwen. Lè l rive la, li gaspiye tout byen li yo nèt nan banbòch. 14 Apre l fin depanse tout sa l te genyen, yon gwo grangou tonbe sou peyi a, epi jèn nonm nan tonbe nan malsite. 15 Jèn gason an vin asosye ak yon sitwayen nan peyi a ki ba l yon travay. Li voye l nan jaden li al bay kochon manje. 16 Grangou a te tèlman rèd, li swete li te ka manje enpe nan manje kochon yo. Men pèsonn pa t ba li anyen ladan yo.
17 Jèn nonm nan reyalize li t ap aji tankou moun fou. Li di nan panse l: Tout sèvitè k ap vann papa m jounen yo gen kont manje pou yo manje jis y ap kite rès. Alòske mwen menm m ap mouri grangou isit la, m pa ka jwenn manje. 18 M ap tounen lakay papa m. M pral di l: Papa, mwen peche kont Bondye epi mwen peche kont ou. 19 Mwen pa merite pou konsidere m kòm pitit ou ankò. Gade m tankou youn nan sèvitè w yo. 20 Apre sa, li leve li tounen lakay papa l.
Pandan jèn nonm nan te yon bèl distans toujou, papa l wè l ap vini, epi kè papa a fè l mal pou li. Papa a kouri al kontre pitit la, li vole nan kou pitit la, li bo li. 21 Pitit gason an di: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou. Mwen pa merite pou konsidere m kòm pitit ou.
22 Men, papa a di sèvitè l yo: Fè vit, vini ak pi bèl rad la, mete l sou li. Vini ak yon bag pou met nan dwèt li ansanm ak sandal pou met nan pye l. 23 Vini avèk ti towo bèf gra a. Touye li vit pou nou ka manje, pou nou ka fete. 24 Paske pitit gason m nan te mouri, kounye a li resisite. Li te pèdi, kounye a nou rejwenn ni. Epi yo kòmanse fete.
25 Pi gran pitit gason an menm te nan jaden. Etan l ap retounen sot nan jaden an, lè l rive pre kay la, li tande mizik k ap jwe ansanm ak moun k ap danse. 26 Li rele youn nan sèvitè yo li mande l: Sa k gen la a? 27 Sèvitè a reponn: Frè w la retounen lakay epi papa w touye jenn towo bèf ki pi gra a, paske li rejwenn pitit gason n nan an bòn sante.
28 Gran frè a fè kòlè. Li refize antre pou selebre retou ti frè li. Lè papa a wè sa, li oblije soti vin kote l, li sipliye l pou l antre. 29 Men, li reponn papa l, li di: Mwen sèvi w tankou yon esklav pandan tout ane sa yo. Mwen pa janm dezobeyi lòd ou. Menm yon ti kabrit ou pa janm ban mwen pou m ta fete ansanm ak zanmi m yo. 30 Epoutan, lè pitit gason w nan retounen, apre l fin gaspiye tout byen w yo nan pran plezi ak fi pwostitiye, ou touye pi bèl ti bèf ou a pou li!
31 Papa a reponn li: O pitit gason mwen! Ou menm ou toujou ansanm ak mwen, epi tout sa m genyen se pou ou. 32 Men li te nesesè jodi a pou nou fete, pou nou rejwi, paske frè w la te mouri, li resisite; li te pèdi, nou rejwenn ni.”
Sa ki vrè richès
16 Apre sa, Jezi di disip li yo: “Vwala se te yon nonm rich ki te gen yon administratè ki t ap jere byen l yo pou li. Yo vin fè nonm rich la konnen administratè a t ap fè piyay nan byen yo. 2 Nonm rich la rele administratè a, li di l: Mwen aprann anpil move bagay de ou. Vin fè regleman avè m sou sa ou te fè ak lajan m yo, paske mwen p ap kite byen m yo anba men w ankò pou jere.
3 Konsa, administratè a tonbe reflechi. Li di nan kè l: Ki sa m ta fè la a, poutèt patwon an ap retire byen l yo nan men m? Mwen pa gen fòs pou travay tè epi se ta yon wont pou m ta tonbe nan mande charite? 4 M konn sa m pral fè. M ap chache fè zanmi, dekwa pou lè m pèdi travay la zanmi sa yo ka resevwa m lakay yo.
5 Konsa, administratè a rele tout moun ki te dwe patwon an lajan, youn apre lòt. Li mande premye a: Konbyen ou te dwe mèt la? 6 Li reponn: Mwen dwe san (100) bidon[d] lwil. Administratè a di li: Men papye kontra w yo, chita la, degaje w vit ekri senkant (50).
7 Apre sa, li mande yon lòt: E ou menm, konbyen ou dwe? Li reponn: Mwen dwe san (100) sak ble.[e] Lè sa a, administratè a di: Men papye kontra w yo, ekri katreven (80).
8 Patwon an fè move administratè a konpliman dèske li te aji ak tout ladrès sa a. Jounen jodi a, moun k ap viv nan fènwa yo parèt entèlijan nan jan y ap mennen biznis yo youn ak lòt plis pase moun k ap viv nan limyè Bondye a.”
9 Jezi di yo ankò: “Nou menm, men sa m ap di nou. Fè zanmi pou demen ak richès nou genyen sou latè. Pou lè bagay sa yo fin pase, y a resevwa nou nan yon kay k ap la pou tout tan. 10 Nenpòt moun ou ka fè konfyans nan ti bagay, ou ka fè l konfyans nan gwo bagay tou. Nenpòt moun ki malonnèt nan ti bagay, l ap malonnèt nan gwo bagay tou. 11 Si ou aji mal ak richès sou latè yo, ki moun k ap fè w konfyans ak vrè richès la? 12 Si yo pa ka fè w konfyans ak bagay ki pa menm pou ou, kijan yo ka fè w konfyans ak bagay ki rele w pa w.
13 Pèsonn pa ka janm sèvi de mèt alafwa. Se oubyen li rayi youn epi li renmen lòt la. L ap sèvi youn byen epi l ap meprize lòt la. Li pa posib pou nou sèvi Bondye ak richès[f] anmenmtan.”
Lalwa Bondye a pa ka chanje
(Mat 11:12-13)
14 Farizyen yo t ap koute tout sa Jezi t ap di yo. Men, yo te pase Jezi nan betiz paske yo menm yo renmen lajan. 15 Men Jezi di yo: “N ap fè tèt nou pase pou moun k ap fè sa ki dwat devan je moun, men Bondye konnen vrè panse ki nan kè nou. Sa moun panse ki gen enpòtans bay Bondye degoutans nan kè li.
16 Anvan Janbatis te vini, Bondye te toujou anonse pèp la pou yo viv lavi sou baz sa lalwa Moyiz la ansanm ak ekri pwofèt yo te di. Men, depi Janbatis fin vini an se Bòn Nouvèl Wayòm Bondye a k ap preche epi moun ap fè anpil jefò pou yo antre ladan l. 17 Men, li t ap pi fasil pou syèl la ak tè a disparèt pase pou yon sèl ti detay nan lalwa a ta pèdi.”
Divòs ak remaryaj
18 Yon nonm ki divòse ak madanm li epi ki marye ak yon lòt, li komèt adiltè. Yon nonm ki marye ak yon fi mari l te divòse ak li, li komèt adiltè tou.
Nonm rich la ansanm ak pòv Laza
19 Jezi di ankò: “Vwala se te yon nonm rich ki te toujou renmen abiye chè. Rad li te fèt ak bèl twal wouj ki koute chè ansanm ak len. Chak jou se te gwo fèt lakay li, epi se bon manje sèlman yo t ap manje. 20 Te genyen tou yon mandyan yo te rele Laza ki te toujou kouche bò papòt nonm rich la. Tout kò Laza te kouvri ak maleng. 21 Laza t ap byen renmen manje ti moso ki t ap tonbe soti sou tab nonm rich la. Menm chyen te konn ap vin niche maleng yo sou kò Laza.
22 Se kon sa Laza vin mouri. Zanj Bondye yo pote l al met chita nan plas donè bò kote Abraram,[g] pou l manje ak li. Nonm rich la mouri tou, epi yo antere li. 23 Pandan nonm rich la te kote mò[h] yo ye a, nan mitan soufrans li, li voye je li, li wè Abraram byen lwen ansanm ak Laza chita nan plas donè bò kote l, nan yon fèt. 24 Lè sa a, li rele byen fò, li di: Papa Abraram, gen pitye pou mwen. Tanpri, voye Laza vin tranpe pwent dwèt li nan yon ti dlo pou l mete sou lang mwen, paske se pa ti soufri m ap soufri nan flanm dife sa a!
25 Men Abraram reponn li: Monchè, sonje ou te gentan resevwa tout bon bagay yo lè w te sou latè; epi Laza menm te nan pwoblèm ak soufrans. Kounye a li jwenn konsolasyon bò isit la, men ou menm ou ap soufri. 26 Fòk mwen di w tou, gen yon gwo twou san fon ki separe nou ansanm ak ou. Sa fè, pa gen mwayen menm pou yon moun ta sot isit la al jwenn ou lòtbò a, ni pou yon moun ta sot kote ou ye a pou vin jwenn nou bò isit la.
27 Lè sa a, nonm rich la di: Enben, si se pou sa, tanpri papa Abraram, voye Laza kay papa m sou latè. 28 Paske mwen gen senk (5) frè, pou l ka avèti yo pou yo pa vin isit la kote m ap soufri kon sa a.
29 Men, Abraram di li: Yo gen lalwa Moyiz la ansanm ak sa pwofèt yo te ekri yo nan men yo, se pou yo aprann ladan yo.
30 Nonm rich la reponn: Non! Papa Abraram, yo p ap koute! Men, si youn nan mò yo al kote yo, y ap chanje lavi yo.
31 Men Abraram reponn: Si frè w yo p ap obeyi ni lalwa Moyiz la ni ekri pwofèt yo, yo p ap tande nonplis menmsi yon moun mouri ta leve vin pale ak yo.”
Peche ak padon
(Mat 18:6-7, 21-22; Mak 9:42)
17 Apre sa, Jezi di disip li yo ankò: “Ap toujou gen okazyon pou fè moun tonbe nan peche. Men, malè pou moun ki lakoz bagay sa yo rive. 2 Li ta pi bon pou yo ta mare yon wòl moulen nan kou yon moun epi voye l jete nan lanmè. Wi, li t ap pi bon pase pou yo ta lakoz youn nan ti piti sa yo tonbe nan peche. 3 Fè anpil atansyon ak pwòp tèt nou.
Si frè ou fè peche, rale zòrèy li. Si l chanje konpòtman, padone l. 4 Si l peche kont ou sèt (7) fwa pandan yon jounen epi tout sèt (7) fwa yo li vin kote w li di w: Mwen regrèt sa m te fè a, se pou padone li.”
Ki gwosè lafwa w?
5 Lè sa a, apot yo di Jezi konsa: “Enben, ogmante lafwa nou.”
6 Jezi di: “Si lafwa nou te menm gwosè ak yon ti grenn moutad, nou ta di pye Sikomò sa a: Derasinen tèt ou la! Al plante tèt ou nan lanmè. Li ta obeyi nou.”
Se pou ou yon bon sèvitè
7 “Sipoze youn nan nou ta gen yon sèvitè k ap travay tè pou li osinon k ap gade mouton pou li. Kou sèvitè a sot nan jaden, èske mèt la ap di l: vin chita pou manje? 8 Natirèlman, non! Okontrè, l ap di sèvitè a: Prepare manje pou mwen pou m manje. Mare tabliye w nan tay ou, sèvi m jouktan m fin manje m fin bwè. Apre sa, ou a manje epi ou a bwè. 9 Mèt la pa menm bezwen di sèvitè a mèsi, paske sèvitè a t ap fè sa mèt li te kòmande l fè. 10 Se menm jan an tou pou nou menm. Lè nou fin fè tout sa yo te ban nou lòd fè, se pou nou di: Nou pa merite okenn remèsiman espesyal paske se sèlman sa nou te dwe fè nou fè.”
Footnotes
- 14:34 pèdi gou sale li Nan peyi Izrayèl, yo te konn pran sèl oubyen nan Lanmè Mòt oubyen nan Lanmè Mediterane. Poutèt sèl la te gen mineral ladan l, depi li kontre ak imidite, li te konn pèdi gou sale a. Yo te konn melanje bon sèl la avèk matyè bèt pou fè dife pou kwit manje. Lè matyè a melanje ak sèl la li pran dife pi byen. Moun yo te konn itilize bon sèl la kòm angrè tou.
- 15:2 Nonm sa a Se de Jezi y ap pale. Lènmi l yo te chwazi pa nonmen non li.
- 15:8 pyès lajan Chak pyès se te yon drakma Grèk, ki te vo anviwon kantite lajan yon moun t ap touche pou yon jounen travay.
- 16:6 bidon Mo Grèk la batous, li soti nan lang Ebre bath, se yon kantite anviwon 8 galon oubyen 22 lit konsa.
- 16:7 sak ble Mo Grèk la korous, li soti nan lang Ebre cor, se yon kantite anviwon 58 galon oubyen 220 lit konsa.
- 16:13 richès Oubyen “mamon”. Se yon mo arameyen ki vle di “lajan” osinon “richès”.
- 16:22 plas … Abraram Literalman, “nan bra Abraram”, sa vle di yon plas donè nan yon gwo fèt nan wayòm Bondye a ki gen pou vini an, dapre sa ki ekri an Mat 8:11.
- 16:23 kote mò Literalman, “Hades”.
Jan 11:1-37
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lanmò Laza
11 Te gen yon nonm yo te rele Laza ki te malad. Li te moun Betani, yon ti vil kote Mari ak Mat, sè l yo, te rete. 2 Se te menm Mari sa a ki te mete pafen sou Jezi epi ki te siye pye Senyè a ak cheve li. Se te Laza, frè li, ki te malad. 3 De sè sa yo te voye di Jezi: “Senyè, men zanmi w lan malad.”
4 Kon Jezi tande sa, li di: “Maladi sa a p ap mennen nan lanmò, men l ap pote lwanj pou Bondye. Sa rive pou fè lwanj pou pitit Bondye a.” 5 Jezi te renmen Mat, Mari, sè Mat la ak Laza. 6 Apre l fin tande Laza malad, li pase de jou ankò kote l te ye a. 7 Apre sa, li di disip li yo: “Ann tounen nan peyi Jide.”
8 Disip li yo di li: “Sa pa fè lontan Jwif sa yo t ap chache touye w ak wòch, epi ou pral laba a ankò?”
9 Jezi reponn: “Èske se pa douzè yon jounen genyen? Si yon moun ap mache pandan jounen an li p ap bite, paske l ap wè limyè mond lan.[a] 10 Men si yon moun ap mache lannuit l ap bite, paske li pa gen limyè.”
11 Lè l fin pale kon sa ak disip li yo, li di yo: “Laza, zanmi nou an, ap dòmi, men mwen prale pou m ka reveye li.”
12 Disip li yo di l konsa: “Senyè, si l ap dòmi, l ap geri.” 13 Jezi t ap pale de lanmò Laza, yo menm yo te panse li t ap pale sou repo yon moun pran lè l ap dòmi.
14 Alò Jezi di yo aklè: “Laza mouri. 15 Poutèt nou menm, mwen kontan dèske m pa t la, paske nou va kwè nan mwen kounye a. Ann al lakay li.”
16 Lè sa a, Toma, yo bay ti non Jimo, di lòt disip yo konsa: “Ann ale tou, pou nou tou mouri avè l.”
Jezi nan zòn Betani
17 Lè Jezi rive, li jwenn Laza gentan antere depi kat jou. 18 Betani te toupre Jerizalèm, a twa kilomèt[b] konsa, 19 Anpil Jwif te vin wè Mat ak Mari pou konsole yo nan moman lanmò frè yo a.
20 Lè Mat tande Jezi te rive, l ale rankontre l. Mari menm te rete chita nan kay la. 21 Mat di Jezi konsa: “Senyè, si w te isit, frè m nan pa t ap mouri. 22 Men, menm kounye a, mwen konnen tout sa ou mande Bondye, l ap ba ou l.”
23 Jezi di konsa: “Frè w la ap resisite.”
24 Mat di Jezi: “Mwen konnen l ap resisite nan rezireksyon k ap vini an, nan dènye jou a.”
25 Jezi di l konsa: “Mwen se rezireksyon, mwen se lavi. Moun ki kwè nan mwen, menm si l ta mouri, l ap viv. 26 Epi, tout moun ki vivan epi ki kwè nan mwen, yo p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”
27 Mat reponn: “Wi, Senyè, mwen kwè se ou menm ki Mesi a, Pitit Bondye a, li menm ki vini nan lemonn.”
Jezi kriye
28 Lè Mat fin di sa, li pati al rele Mari, sè l la. San lòt moun yo pa tande, li di l: “Mèt la la a wi, l ap rele w.” 29 Lè Mari tande sa, li leve touswit al kote Jezi. 30 Jezi pa t ko antre nan vil la. Li te kote Mat te rankontre l la toujou. 31 Lè Jwif yo ki te nan kay la ap konsole Mari yo wè l leve soti byen vit, yo menm tou, yo akonpanye l, paske yo te panse li t apral kriye bò tonm nan. 32 Lè Mari rive, menm wè li wè Jezi, li tonbe nan pye l, epi li di l: “Senyè, si ou te isit, frè m nan pa t ap mouri.”
33 Lè Jezi wè Mari ak Jwif kite vini avè l yo t ap kriye, sa te fann kè l anpil epi lespri l te twouble. 34 Li di yo konsa: “Ki kote nou mete l?”
Yo di l: “Senyè vin wè.”
35 Jezi te pran kriye.
36 Lè sa a, Jwif yo di konsa: “Gade kijan l te renmen l!”
37 Men, kèk nan yo di: “Li menm ki louvri je avèg, li pa t kapab fè Laza pa mouri?”
Read full chapterCopyright © 2017 by Bible League International