Add parallel Print Page Options

Chanje kè nou

13 Lè sa a, te gen kèk moun ki te la ki di Jezi sa Pilat te fè yon gwoup moun peyi Galile ki te vin adore Bondye. Pilat fè touye yo. San moun sa yo te melanje ak san bèt yo te pote pou ofri an sakrifis yo. Jezi reponn, li di yo: “Èske nou panse moun Galile sa yo te fè plis peche pase tout lòt moun nan peyi yo ki fè yo te masakre yo konsa? Non, se pa vre. M ap di nou sa: Si nou pa deside kounye a menm pou n chanje jan nou panse ak jan nou viv, nou menm tou n ap peri menm jan an. E dizuit (18) moun ki te mouri yo lè gwo kay la te tonbe sou yo nan Jerizalèm nan, toupre pisin Siloye a? Nou dwe panse sa te rive paske yo te fè plis peche pase tout lòt moun nan lavil Jerizalèm yo? Non, se pa paske yo te fè plis peche. M ap di nou sa: Si nou pa deside kounye a menm pou n chanje jan nou panse ak jan nou viv, nou menm tou n ap peri menm jan an.”

Yon pyebwa ki pa itil anyen

Apre sa, Jezi rakonte parabòl sa a: “Yon nonm te plante yon pye fig nan jaden li. Yon lè, li vin chache fig nan pye fig la, li pa jwenn anyen. Li rele sèvitè ki te responsab pou pran swen jaden an, li di l: Sa fè twazan depi m ap vin chache fwi sou pye fig sa a m pa janm jwenn. Koupe l jete! Se gaspiye l ap gaspiye tè kote l plante a. Men sèvitè a reponn: Mèt, bay pye fig la yon ane ankò pou nou wè. M ap fouye twou toutotou li epi m ap mete fimye nan rasin ni. Se posib l ap pwodui fwi lane pwochèn. Si nou ta wè li pa donnen, alò ou ta mèt koupe l.”

Jezi geri yon fi ki te malad yon jou repo

10 Jezi t ap anseye nan yon sinagòg yon jou saba. 11 Te gen yon fi nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Sa fè dizuit (18) an depi move lespri a te fè l kokobe. Li te bosi. Li pa t ka kanpe dwat. 12 Lè Jezi wè fi a, li rele l, li di l: “Madanm, ou delivre anba maladi w la tande!” 13 Jezi poze men li sou fi a epi menm kote a fi a vin ka kanpe dwat epi li kòmanse fè louwanj pou Bondye.

14 Chèf sinagòg la menm pa t manke fache dèske Jezi te geri fi a nan jou repo a. Li di foul la konsa: “Gen sis (6) jou nan senmenn nan pou moun travay, se pou nou vini nan jou sa yo pou nou jwenn gerizon. Pa vini pou chache gerizon nan jou repo a.”

15 Jezi reponn chèf sinagòg la, li di li: “Bann ipokrit! Èske nou pa lage bèf nou ak bourik nou epi mennen yo al bwè dlo nan jou repo a? 16 Fi sa a mwen geri a, se yon pitit pitit Abraram li ye tou. Satan te kenbe l anba pouvwa li depi dizuit (18) an. Alò li menm tou pa ta dwe jwenn libète l nan jou repo a?” 17 Lè Jezi te bay repons sa a, tout moun ki t ap kritike l yo te wont. Foul la menm te kontan anpil pou tout bèl mèvèy Jezi t ap fè yo.

Yon lòt istwa sou wayòm

(Mat 13:31-33; Mak 4:30-32)

18 Apre sa Jezi di: “Ak kisa Wayòm Bondye a sanble? Ak kisa mwen ta ka konpare li? 19 Wayòm Bondye a se tankou yon ti grenn moutad. Yon nonm pran ti grenn moutad la li plante l nan jaden li. Ti grenn moutad la grandi, li tounen yon gwo pyebwa, epi zwazo yo nan syèl la fè nich nan branch li yo.”

20 Apre sa Jezi di ankò: “Ak kisa mwen ka konpare Wayòm Bondye a? 21 Wayòm Bondye a se tankou ledven yon fi pran li melanje l ak yon gwo mamit farin pou l fè pen. Ledven an fè tout pat la leve.”

Pòt etwat la

(Mat 7:13-14, 21-23)

22 Jezi te kontinye ap anseye nan tout vil yo ak bouk yo. Konsa konsa, li t ap pwoche pi pre lavil Jerizalèm. 23 Yon moun poze Jezi kesyon sa a: “Mèt, èske se kèk grenn moun sèlman k ap sove?”

Jezi reponn yo: 24 “Fè jefò pou nou antre nan pòt syèl la ki jis anpil, paske m ap di nou sa, anpil moun ap chache mwayen antre ladan l men yo p ap kapab. 25 Lè mèt kay la gentan leve fèmen pòt li, si ou vin kanpe dèyè pòt la ap frape, li p ap ouvè pou ou. Ou mèt te di: Mèt, mèt, louvri pou nou, l ap reponn nou: Mwen pa konnen nou. M pa konn kote nou soti. 26 Lè sa a, n a di: nou te manje, nou te bwè ansanm ak ou, ou te anseye anpil bagay nan tout lari nan bouk nou yo. 27 Li menm l a reponn nou: Mwen pa konnen nou. Mwen pa menm konnen ki kote nou soti. Retire nou devan mwen, bann moun k ap fè move zak!

28 Lè n a wè Abraram, Izaak, Jakòb ansanm ak tout pwofèt yo nan Wayòm Bondye a epi nou menm yo voye nou jete deyò, kote ki pral genyen anpil dlo nan je ak manje dan. 29 Moun ap soti alès kòm alwès, y ap soti nan nò ak nan sid pou vin manje sou tab nan Wayòm Bondye a. 30 Gen moun ki nan dènye plas nan lavi sa a k ap nan premye plas nan Wayòm Bondye a. Gen moun ki nan premye plas nan lavi sa a k ap nan dènye plas nan Wayòm Bondye a.”

Jezi gen pou l mouri nan Jerizalèm

(Mat 23:37-39)

31 Menm lè a, kèk Farizyen pwoche kote Jezi, yo di li: “Chape poul ou! Pati kite zòn nan, paske Ewòd vle touye w.”

32 Jezi reponn yo: “Al di chat mawon[a] yo rele Ewòd la m ap chase denmon, m ap geri malad jodi ak demen. Sou twazyèm jou a, m ap fin fè travay mwen. 33 Apre sa, mwen prale, paske li pa nòmal pou yon pwofèt mouri deyò lavil Jerizalèm.

34 Jerizalèm, O Jerizalèm! Ou touye pwofèt Bondye yo! Ou lapide mesaje Bondye yo! Mwen pa konn konbyen fwa mwen eseye rasanble tout pitit ou yo menm jan yon manman poul rasanble tout pitit li anba zèl li. Men ou pa janm vle! 35 Men kounye a, kay[b] ou a pral rete vid. Wi, m pa kache pale w, ou p ap wè m ankò, jouktan ou pare pou di: Benediksyon pou moun ki vini nan non Senyè a!”(A)

Footnotes

  1. 13:32 chat mawon Literalman, “rena”.
  2. 13:35 kay Nan kontèks sa a, mo “kay” la sengilye. Li ka fè referans ak tanp lan.

Omvänd er

13 Just då kom några och berättade för Jesus om de galileer vilkas blod Pilatus hade blandat med deras offer. Jesus frågade dem: "Menar ni att dessa galileer var större syndare än alla andra galileer, eftersom de fick utstå detta? Nej, säger jag er, men om ni inte omvänder er, kommer ni alla att gå under som de. Eller de arton som dödades när tornet i Siloam föll ner över dem, menar ni att de var större syndare än alla andra invånare i Jerusalem? Nej, säger jag er, men om ni inte omvänder er, kommer ni alla att gå under på samma sätt."

Liknelsen om fikonträdet som inte bar frukt

Sedan berättade han denna liknelse: "En man hade ett fikonträd planterat i sin vingård, och han kom för att se om det fanns frukt på det, men han fann ingen. Då sade han till sin trädgårdsmästare: I tre år har jag kommit och letat efter frukt på det här fikonträdet men inte hittat någon. Hugg ner det! Varför skall det få suga ut jorden? Men trädgårdsmästaren svarade honom: Herre, låt det stå kvar även i år, tills jag har grävt omkring det och gödslat. Kanske bär det frukt nästa år. Annars skall du hugga ner det."

Jesus botar en kvinna på sabbaten

10 En sabbat undervisade Jesus i en av synagogorna. 11 Där fanns en kvinna som hade haft en sjukdomsande i arton år. Hon var krokryggig och kunde inte räta på sig. 12 När Jesus såg henne, kallade han henne till sig och sade till henne: "Kvinna, du är fri från din sjukdom", 13 och så lade han händerna på henne. Genast rätade hon på sig och prisade Gud. 14 Men synagogföreståndaren blev upprörd över att Jesus botade på sabbaten, och han sade till folket: "Sex dagar skall man arbeta. Kom därför och bli botade på dem och inte på sabbaten." 15 Då svarade Herren honom: "Ni hycklare! Löser inte varenda en av er på sabbaten sin oxe eller åsna från krubban och leder bort och vattnar den? 16 Men denna kvinna, en Abrahams dotter som Satan har hållit bunden i arton år, borde hon inte få bli löst från sin boja på sabbaten?" 17 Vid de orden skämdes alla hans motståndare, men allt folket jublade över alla underbara gärningar som han utförde.

Senapskornet

18 Därefter sade han: "Vad är Guds rike likt? Vad skall jag jämföra det med? 19 Det är likt ett senapskorn, som en man tar och lägger i sin trädgård. Det växer upp och blir ett träd, och himlens fåglar bygger bo bland grenarna."

Surdegen

20 Vidare sade han: "Vad skall jag likna Guds rike vid? 21 Det är likt en surdeg, som en kvinna tar och blandar in i tre mått vetemjöl, tills alltsammans blir syrat."

Den smala vägen

22 På sin väg till Jerusalem gick Jesus genom städer och byar och undervisade. 23 Någon frågade honom: "Herre, är det bara få som blir frälsta?" Han sade till dem: 24 "Kämpa för att komma in genom den trånga porten. Ty många, säger jag er, skall försöka komma in men inte kunna det. 25 När husets Herre har stigit upp och stängt porten och ni står utanför och bultar och säger: Herre, öppna för oss, då skall han svara er: Jag vet inte varifrån ni är. 26 Då skall ni säga: Vi åt och drack när du var med, och du undervisade på våra gator. 27 Men han skall svara er: Jag vet inte varifrån ni är. Gå bort ifrån mig, alla ni som bedriver orättfärdighet. 28 Där skall ni gråta och skära tänder, när ni ser Abraham, Isak och Jakob och alla profeterna vara i Guds rike medan ni själva är utdrivna. 29 Och människor skall komma från öster och väster, norr och söder och ligga till bords i Guds rike. 30 Och se, det finns de som är sist som skall bli först, och de som är först som skall bli sist."

Jesu klagan över Jerusalem

31 Just då kom några fariseer fram och sade till honom: "Gå härifrån och lämna den här platsen. Herodes vill döda dig." 32 Jesus svarade dem: "Gå och säg till den räven: Se, jag driver ut onda andar och botar sjuka i dag och i morgon, och den tredje dagen går jag bort. 33 Men i dag och i morgon och i övermorgon måste jag vandra vidare. Ty en profet kan inte dödas någon annanstans än i Jerusalem.

34 Jerusalem, Jerusalem, du som dödar profeterna och stenar dem som är sända till dig! Hur ofta hade jag inte velat samla dina barn så som hönan samlar sina kycklingar under vingarna, men ni ville inte. 35 Se, ert hus lämnas nu åt er själva. Jag säger er: Ni kommer att se mig först när ni säger: Välsignad är han som kommer i Herrens namn."