Add parallel Print Page Options

Swiv Jezi ka pote anpil pwoblèm

(Mat 10:34-36)

49 Mwen vini pou m simaye yon dife sou latè. M swete m te wè dife sa limen deja. 50 Gen yon kalite batèm[a] mwen dwe resevwa. M santi m twouble anpil jouktan mwen resevwa batèm sa a. 51 Èske nou panse se lapè mwen te vin simaye sou latè? Non! Se divizyon mwen vin simaye pito.

Read full chapter

Footnotes

  1. 12:50 batèm Mo sa a ki nòmalman vle di plonje anba dlo nèt, gen yon sans espesyal nan ka sa a. Li vle di kouvri osinon “antere” nan soufrans.