Font Size
Lik 10:13-15
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 10:13-15
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Avètisman pou moun ki rejte Jezi yo
(Mat 11:20-24)
13 Malè pou nou Jwif nan lavil Korazen, malè pou nou Jwif nan lavil Bètsayida.[a] Si m te fè menm mirak sa yo nan mitan Tir ak Sidon[b] ki se vil payen, bagay la t ap diferan. Yo t ap kwè se Bondye Papa a ki voye m, epi yo t ap chanje lavi yo. Tann dat moun sa yo t ap gentan sispann fè peche. Yo t ap tèlman regrèt peche yo, yo t ap mete rad sak sou yo. Yo t ap chita nan sann pou montre toutbon vre yo vle chanje. 14 Men nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou nou pase pou moun Tir ak Sidon. 15 E nou menm moun lavil Kapènawòm, nou panse yo pral leve nou pou n rive nan syèl la? Non. Okontrè se nan kote mò yo ye a n ap desann.
Read full chapterFootnotes
- 10:13 Korazen, Bètsayida Se te de vil Jwif yo ki te toupre Lak Galile a, kote Jezi te fè yon bann mirak pou montre otorite Bondye te ba li. Malgre sa, pèp la refize chanje move fason yo t ap viv, san Bondye.
- 10:13 Tir ak Sidon Vil sa yo te plen ak adorasyon pou zidòl, tout moun te konnen kijan yo te mechan.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International