Add parallel Print Page Options

Jezi leve vivan soti nan lanmò

(Mat 28:1-10; Mak 16:1-8; Jan 20:1-10)

24 Byen bonè nan dimanch maten, medam yo vini nan tonbo kote kò Jezi te antere a. Yo vini avèk lwil santi bon yo te prepare a. Lè yo rive, yo jwenn wòch ki te fèmen bouch kavo a te deplase. Yo antre anndan kavo a, men yo pa t jwenn kò Senyè Jezi. Medam yo potko konprann sa k pase a, la menm, de mesye abiye ak rad byen klere parèt sou yo. Medam yo te vin pè anpil epi yo bese tèt yo atè. Lè sa a, de mesye yo di yo: “Pouki sa n ap chache moun ki vivan an pami moun mouri yo? Li pa isit la. Li resisite. Sonje sa l te di nou lè l te nan Galile. Li te di: Yo gen pou yo lage Pitit Lòm nan nan men moun k ap viv nan peche yo. Y ap klouwe l sou yon kwa pou l mouri, men sou twa (3) jou, l ap resisite ankò.” Lè yo tande sa, yo vin sonje pawòl Jezi te di yo a.

Medam yo kite kavo a, y al rakonte onz (11) apot yo ansanm ak tout lòt moun yo ki te la ak yo tout sa k te pase. 10 Se te Mari, moun Magdala a, Jàn, Mari, manman Jak, ansanm ak yon ekip lòt medam ki t al nan kavo a. Yo rakonte apot yo tout sa k te pase. 11 Men, apot yo te pran sa medam yo t ap di yo a pou pawòl ki pa gen sans. Yo pa t vle kwè medam yo. 12 Antouka, Pyè leve, li kouri al nan kavo a. Li bese pou gade, li wè dra ki te vlope mò a sèlman. Apre sa li ale. Li t ap poze tèt li anpil kesyon sou sa k pase a.[a]

Sou chemen emayis

(Mak 16:12-13)

13 Nan menm jou dimanch lan, de nan disip Jezi yo t ap vwayaje sou wout ki mennen nan bouk Emayis la. Emayis te a onz (11) kilomèt[b] konsa de vil Jerizalèm. 14 De mesye yo t ap pale youn ak lòt sou evènman ki te rive yo. 15 Etan mesye yo ap pale, ap diskite sou evènman yo, Jezi pwoche kote yo epi li kòmanse fè wout la ak yo. 16 Men yo pa t anmezi pou rekonèt se te Jezi. 17 Jezi di yo: “Ki sa n ap diskite antre nou konsa a pandan n ap mache a?”

Mesye yo rete, epi yo te vin tris anpil. 18 Apre sa, youn nan yo ki te rele Klewopas, di Jezi konsa: “Ou genlè se sèl moun ki vizite Jerizalèm ki pa konn sa k pase nan vil la nan jou sa yo?”

19 Epi Jezi di yo: “Ki sa k pase menm?”

Yo reponn li: “Tout sa k te rive Jezi, moun Nazarèt la! Se te yon gran pwofèt, ni devan Bondye, ni devan lèzòm. Li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen tou. 20 Chèf prèt yo ansanm ak otorite nou yo livre l pou yo kondane l amò epi klouwe l sou yon kwa. 21 Nou te espere se li menm ki t ap vin delivre Izrayèl, men sa fè twa (3) jou depi bagay sa yo pase.

22 Men gen kèk medam nan gwoup nou an ki t al nan kavo a maten an ki vin fè nou sezi. 23 Yo di nou y ale yo pa jwenn kò a, epi yo wè kèk anj Bondye ki parèt sou yo ki di yo li vivan. 24 Kèk nan nou te ale nan kavo a, yo jwenn tout bagay ekzakteman jan medam yo te di l la, men, li menm yo pa wè li.”

25 Lè sa a Jezi di yo: “Ala nou san konprann! Kijan lespri nou fè lou konsa pou nou konprann verite a. Nou fèt pou nou kwè tout sa pwofèt yo te di yo? 26 Kris la te fèt pou l soufri tout bagay sa yo anvan l antre nan laglwa li, pa vre?” 27 Kòmanse nan Moyiz, pase pran tout pwofèt yo, li pran eksplike yo tout sa ki te ekri sou li nan Bib la.

28 Lè yo rive toupre bouk Emayis la, Jezi fè kòmsi li t ap vwayaje pi lwen toujou. 29 Men, mesye yo soupriye li pou l rete ak yo. Yo di li: Rete ak nou. Solèy fin kouche, li pral fènwa. Konsa, li antre pou fè ladesant ansanm ak yo.

30 Etan li chita bò tab ap manje ansanm ak mesye yo, Jezi pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l epi li ba yo. 31 Je mesye yo vin louvri epi yo rekonèt li. Menm kote a, li disparèt devan yo. 32 Lè sa a, youn di lòt konsa: “Lè l t ap pale ak nou nan wout la, lè l t ap eksplike nou sa k te ekri nan Bib la, èske nou pa t santi se tankou yon dife k ap boule nan kè nou?”

33 Menm kote a, de mesye yo leve, yo retounen Jerizalèm. Lè yo rive yo jwenn onz (11) apot yo ak tout lòt moun yo ansanm. 34 Apot yo di mesye ki sot Emayis yo konsa: “Se vre wi, Senyè a resisite. Li fè Simon wè li.”

35 Apre sa, de mesye yo pran rakonte sa k te pase sou wout Emayis la, epi jan yo te vin rekonèt Jezi lè l te kase pen an ba yo.

Jezi parèt devan disip li yo

(Mat 28:16-20; Mak 16:14-18; Jan 20:19-23; Trav 1:6-8)

36 Etan de mesye yo ap rakonte disip yo sa k te pase yo, Jezi parèt, li kanpe nan mitan yo tout epi li di: “Lapè avèk nou!”

37 Tout moun yo te pran tranble tèlman yo te pè. Yo te panse se yon zonbi yo te wè a. 38 Men Jezi di yo: “Pouki sa nou twouble konsa a? Pouki sa tout dout sa yo leve nan kè nou? 39 Gade men m yo ak pye m yo. Se mwen menm. Touche m pou nou wè. Yon zonbi pa gen vyann ak zo jan nou wè m genyen an.”

40 Etan l t ap di sa a, Jezi montre disip yo men l yo ak pye l yo. 41 Disip yo te sezi epi yo te kontan pou wè Jezi. Men, malgre sa, Jezi te wè yo pa t ka kwè toujou, li di yo: “Èske nou gen manje la a?” 42 Yo ba l yon moso pwason boukannen. 43 Li pran moso pwason an, li manje l devan yo tout.

44 Apre sa, li di yo: “Bagay sa yo se sa m te di nou lè m te toujou la ansanm ak nou an? Mwen te di nou tout sa ki ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan liv pwofèt yo ak nan Sòm yo, dwe rive vre.”

45 Apre sa, Jezi ede disip yo konprann sa ki ekri sou li nan Bib la. 46 Epi li di yo: “Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l soufri jouk li mouri men, sou twazyèm jou a l ap resisite pami mò yo. 47-48 Nou te wè tout bagay sa yo rive nou ka sèvi temwen. Se pou n al di tout pèp yo pou yo chanje lavi yo epi tounen vin jwenn Bondye, konsa y a jwenn padon pou peche yo. Se pou nou kòmanse nan Jerizalèm, pou n bay mesaj sa a nan non mwen ak tout pèp, tout nasyon. 49 Mwen menm, mwen pral voye ban nou sa papa m te pwomèt la. Men nou menm, se pou n rete la nan vil Jerizalèm jouktan nou resevwa puisans k ap soti anwo nan syèl la.”

Jezi retounen nan syèl

(Mak 16:19-20; Trav 1:9-11)

50 Apre sa, Jezi kondi disip li yo deyò lavil la, jouk rive Betani. Li leve men l, li beni yo. 51 Etan l ap beni disip yo, li kite yo, epi li monte nan syèl la. 52 Yo adore li, apre sa yo retounen lavil Jerizalèm ak anpil kè kontan. 53 Disip yo pase tout tan yo nan tanp lan ap fè lwanj pou Bondye.

Footnotes

  1. 24:12 Gen kèk vèsyon Grèk ki pa gen vèsè sa a.
  2. 24:13 onz (11) kilomèt Literalman, “60 estad”.

24 ¶ Nan dimanch maten, byen bonè, medam yo ale nan kavo a. Yo te pote lwil santi bon yo te pare pou benyen kò a.

Yo jwenn wòch ki te fèmen kavo a te woule byen lwen soti devan bouch kavo a.

Yo antre, men yo pa jwenn kò Seyè Jezi.

Yo te la konsa, yo pa t' konn sa pou yo te fè lè de moun parèt devan yo ak rad yo byen klere.

Medam yo te pè anpil. Yo bese tèt yo atè; men de moun yo di yo konsa: Poukisa n'ap chache moun vivan an nan mitan mò yo?

(Li pa isit; li leve soti vivan nan lanmò.) Chonje sa l' te di nou lè l' te Galile a:

Moun Bondye voye nan lachè a gen pou tonbe anba men pechè yo; yo gen pou yo kloure l' sou yon kwa. Men, sou twa jou l'ap leve soti vivan ankò.

Yo vin chonje pawòl Jezi te di yo.

Yo soti kite kavo a, y' al rakonte onz disip yo ak lòt moun yo tout bagay sa yo.

10 Men non medam yo: se te Mari, moun Magdala a, Jan ak Mari, manman Jak. Te gen lòt fanm avèk yo tou. Yo menm tou, yo te rakonte apòt yo menm bagay la.

11 Men, apòt yo te pran sa medam yo t'ap di a pou istwa san sans, yo pa t' kwè yo.

12 Lè sa a, Pyè leve, li kouri al nan kavo a. Li bese, li wè dra mò a sèlman. Apre sa, li tounen lakay li. Li te sezi anpil pou sak te rive a.

13 ¶ Menm jou sa a, te gen de disip ki tapral nan yon bouk yo rele Emayis. Bouk la te yon ti distans onz kilomèt konsa ak lavil Jerizalèm.

14 De disip yo t'ap koze sou tou sa ki te pase.

15 Yo t'ap pale, yo t'ap diskite yonn ak lòt. Lè sa a, Jezi pwoche bò kote yo, li tanmen fè wout ak yo.

16 Yo te wè l', men te gen kichòy ki te anpeche yo rekonèt li.

17 Li di yo: Sou kisa n'ap pale konsa antan n'ap mache a? Yo rete yo kanpe tou tris.

18 Yonn ladan yo ki te rele Kleopas reponn li: Gen lè ou se sèl moun k'ap viv lavil Jerizalèm ki pa konn sak te rive nan senmenn ki sot pase a?

19 Li di yo: Ki sak te rive konsa? Yo reponn li: Tou sak te rive Jezi, moun Nazarèt la. Nonm sa a te yon gwo pwofèt devan Bondye ak devan tout pèp la: li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen.

20 Enben, chèf prèt yo ak otorite nou yo fè yo kondannen l' amò, epi yo kloure l' sou yon kwa.

21 Nou te gen espwa se li menm ki t'ap vin delivre pep Izrayèl la. Men, jòdi a fè twa jou depi bagay sa yo pase.

22 Fòk nou di ou tou gen kèk fanm nan gwoup nou an ki fè nou byen sezi. Yo te al nan kavo a granmaten jòdi a.

23 Men, yo pa jwenn kò a. Yo tounen vin rakonte te gen zanj Bondye ki te parèt devan yo, ki te di yo li vivan.

24 Gen kèk zanmi nou yo ki al nan kavo a tou. Yo jwenn tout bagay jan medam yo te di l' la; men li menm, yo pa wè li.

25 Lè sa a Jezi di yo: Ala moun san konprann! Ki jan lespri nou fè lou pou kwè tou sa pwofèt yo te di konsa!

26 Eske se pa pou Kris la te soufri bagay sa yo anvan pou l' te resevwa lwanj li?

27 Epi li pran esplike yo tou sa ki te ekri sou li nan Liv yo; li kòmanse ak Liv Moyiz yo, li pase nan tout Liv pwofèt yo.

28 Lè yo rive toupre ti bouk kote yo t'ap prale a, Jezi fè tankou li ta vle al pi lwen.

29 Yo kenbe l', yo di li: Rete avèk nou non. Solèy fin kouche, pral fènwa. Li antre pou l' rete ak yo.

30 Li chita bò tab la ak yo pou manje. Li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l', epi li ba yo li.

31 Menm lè a, je yo louvri, yo rekonèt li. Men, li disparèt lamenm devan yo.

32 Yonn pran di lòt: Eske nou pa t' santi tankou yon dife k'ap boule nan kè nou lè l' t'ap pale avèk nou sou tout wout la, lè l' t'ap esplike nou sak te ekri nan Liv yo?

33 Latou, yo leve, yo tounen Jerizalèm. Lè yo rive, yo jwenn onz disip yo reyini ak zanmi yo.

34 Yo tout yo t'ap di: Se vre wi, Seyè a leve vivan. Simon wè li.

35 Lè sa a, de disip yo pran rakonte sak te rive yo sou wout la, ki jan yo te rekonèt li lè l' te kase pen an.

36 ¶ Pandan yo t'ap pale konsa, Jezi li menm vin kanpe nan mitan yo, li di yo: benediksyon Bondye sou nou tout.

37 Yo te pè, yo pran tranble: yo te kwè se yon revenan.

38 Men, Jezi di yo: Poukisa nou pè konsa? Pouki tout lide sa yo nan tèt nou?

39 Gade men m' ak pye m' yo. Se mwen menm wi. Nou mèt mangen m'. Gade m' byen: yon revenan pa gen vyann ak zo jan nou wè m' genyen an.

40 Antan li t'ap di yo sa, li moutre yo men l' ak pye l' yo.

41 Yon sèl kè kontan pran disip yo, men yo pa t' kwè toujou sitèlman yo te sezi. Lè sa a, Jezi di yo: Eske nou gen kichòy la a pou manje?

42 Yo ofri l' yon moso pwason boukannen.

43 Li pran l', li manje l' devan je yo.

44 Epi li di yo: Men sa m' t'ap di nou an lè m' te la avèk nou toujou a. Tou sa ki te ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan Liv pwofèt yo, menm nan sòm yo, fòk tou sa te rive.

45 Lè sa a, li louvri lespri yo pou yo te ka konprann tou sa ki te ekri nan Liv yo.

46 Li di yo: Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l' soufri jouk li mouri, men sou twa jou li gen pou l' soti vivan nan lanmò.

47 Y'a pran non l' pou yo mache fè konnen mesaj la nan tout peyi, kòmanse lavil Jerizalèm, pou mande tout moun pou yo tounen vin jwenn Bondye pou yo ka resevwa padon peche yo.

48 Nou temwen tout bagay sa yo.

49 Mwen menm, mapral voye ban nou sa Papa m' te pwomèt la. Nou menm, rete lavil Jerizalèm jouk pouvwa k'ap soti anwo nan syèl la va desann sou nou.

50 ¶ Apre sa, li mennen yo an deyò lavil la, bò Betani, epi li leve men li pou l' beni yo.

51 Antan l'ap beni yo konsa, li separe ak yo, li moute nan syèl la.

52 Yo menm menm, lè yo fin adore l', yo tounen lavil Jerizalèm ak yon gwo kè kontan.

53 Se tout tan yo te nan tanp lan ap fè lwanj Bondye.