Add parallel Print Page Options

10 ¶ M' degoute ak lavi a. M' pa ka kenbe ankò. Kite m' plenn sò mwen! Kite m' di tout lapenn ki nan kè mwen!

M'a di Bondye: Tanpri, pa kondannen m'. Fè m' konnen poukisa ou leve dèyè m' konsa.

Eske ou gen rezon pou ou fè m' tou sa w'ap fè m' lan, pou ou meprize sa ou fè ak men ou, pou ou ri lè mechan yo ap fè konfyolo yo?

Eske ou wè sa k'ap fèt sou latè tankou nou menm moun nou wè l' la?

Lavi ou pa tankou lavi pa nou. Nou gen pou nou mouri, ou menm w'ap toujou la.

W'ap chache dènye ti peche moun fè. Ou dèyè pou ou konnen tou sa mwen fè ki mal.

Ou konnen m' pa antò. Pa gen moun ki ka sove m' anba men ou!

¶ Se ak men ou ou te fè m'. Se avè l' ou te ban m' fòm mwen. Epi se ak menm men sa yo ou vle detwi m' ankò?

Chonje se ou menm ki fè m' ak labou tè wouj. Koulye a, ou pral kraze m' fè m' tounen pousyè?

10 Se ou menm ki bay papa m' fòs pou li fè m'. Ou fè m' devlope nan vant manman mwen.

11 Ou fè tout zo ak tout venn nan kò m'. Ou kouvri yo ak vyann epi ak po.

12 Lèfini, ou fè m' kado lavi. Ou veye avèk prekosyon pou m' pa mouri.

13 Men, ou te gen yon lòt lide dèyè tèt ou. Koulye a, mwen konnen ou te pare yon lòt bagay pou mwen.

14 ¶ Ou t'ap veye m' pou wè si m' t'ap fè sa m' pa t' dwe fè. Ou pa t'ap kite anyen pase pou mwen.

15 Si m' antò, zafè m' pa bon! Mwen te mèt inonsan, m' pa ka leve tèt devan ou. Mwen wont, se yon pòv malere mwen ye devan ou.

16 Si m' leve tèt mwen, ou fann dèyè m' tankou yon lyon dèyè bèt pou l' manje. Ou rive fè mirak pou ou ka fè m' lapenn.

17 Ou toujou pare pou fè yon atak sou mwen. Chak jou w'ap vin pi ankòlè. Se san pran souf w'ap voye lafliksyon sou mwen yonn apre lòt.

18 Bondye, poukisa ou te kite m' soti nan vant manman m'? Mwen ta mouri anvan pesonn ta wè m'.

19 Soti nan vant, ale nan simityè, se tankou si m' pa t' janm fèt.

20 Mwen pa rete lontan pou m' viv ankò. Kite m' pou kont mwen! Ban m' yon ti kanpo. Kite m' jwi de twa jou ki rete m' yo non!

21 Talè konsa mwen prale pou m' pa janm tounen. Mwen prale nan peyi kote ki fè nwa a, kote moun pè a,

22 nan peyi kote se fènwa ak dezòd ase ki gen toutan, kote menm gwo lajounen fè nwa tankou lannwit!

11 ¶ Lè sa a, Sofa, moun Naama a, pran lapawòl, li di konsa:

-Atò pesonn p'ap reponn gwo paladò sa a? Pale anpil pa ka bay moun rezon.

Pa konprann pale anpil ou a ka enpoze moun louvri bouch yo reponn ou. Paske w'ap pase moun nan betiz la, atò yo pa ka fè ou wont?

Ou pretann sa ou di a se verite. Pou ou, ou san repwòch devan Bondye!

Pa pito Bondye ta pale pou l' reponn ou!

Li ta fè ou wè gen anpil lòt bagay ou poko konnen, bagay moun pa ka konprann. Lè sa a, ou ta wè Bondye pa fè ou peye pou tou sa ou fè.

¶ Ou konprann ou ka konnen sa ki nan kè Bondye, ou ka konnen tout bagay nèt sou Bondye ki gen tout pouvwa a?

Li pi wo pase syèl la. Sa ou ka fè pou sa? Li pi fon pase peyi kote mò yo ye a. Sa ou ka konnen la?

Li pi long pase longè tout tè a. Li pi laj pase lanmè a.

10 Si Bondye arete ou, li mete ou nan prizon, li trennen ou nan tribinal, ki moun ki ka di l' non?

11 Bondye konnen tout moun k'ap bay manti. Je l' byen louvri, li wè tout mechanste moun ap fè.

12 Konsa, moun fou va konmanse gen konprann. Bourik sovaj yo va donte.

13 ¶ Annou wè, monchè! Pran tèt ou! Louvri bra ou devan Bondye.

14 Sispann fè vye bagay k'ap sal men ou yo. Pa kite mechanste chita lakay ou.

15 Lè sa a, w'a leve tèt ou pou gade moun nan je. W'a byen fèm, ou p'ap pè anyen.

16 W'a bliye lapenn ou yo. Tankou yon inondasyon ki fin pase, ou p'ap chonje yo ankò.

17 Lavi ou pral klere pi bèl pase gwo solèy midi. Move pa yo pral tankou yon douvan jou.

18 Ou pral viv san kè sote. Ou p'ap dekouraje. Bondye va pwoteje ou, l'a ba ou kè poze.

19 Lè w'ap dòmi, pesonn p'ap deranje ou. Anpil moun va vin achte figi ou.

20 Men, mechan yo ap voye je yo bouske toupatou, yo p'ap jwenn kote pou yo chape kò yo. Sèl espwa yo, se lanmò y'ap tann.

12 ¶ Jòb pran lapawòl, li di:

-Apa nou k'ap pale pou pèp la! Mouri nou mouri, bon konprann kaba!

Men, mwen menm tou, mwen gen lespri menm jan avè nou. Mwen pa pi mal pase nou. Sa nou sot di la a, tout moun konnen l'.

Koulye a, menm zanmi m' ap pase m' nan rizib. Y'ap ri m', mwen menm yon moun Bondye pa gen anyen pou l' repwoche, yon moun Bondye te konn reponn lè m' rele l'.

Se konsa, moun ki pa nan pwoblèm meprize moun ki nan lafliksyon. Yo wè yon moun k'ap tonbe, yo ba l' bourad fè l' tonbe pi vit.

¶ Piyajè yo byen trankil lakay yo. Moun k'ap fè Bondye fache yo ap viv alèz. Bondye yo se fòs ponyèt yo.

Manyè fè ti koze ak zannimo yo, ak zwezo yo. Yo gen anpil bagay pou yo moutre nou.

Bèt k'ap trennen sou vant va ban nou leson, pwason nan lanmè va di nou sa yo konnen.

Pa gen yonn ladan yo ki pa konnen se Bondye ki fè tout bagay ak men li.

10 Bondye gen nanm tout sa ki vivan nan men li. Wi, lavi tout moun nan men li.

11 Bèl pawòl fè plezi zòrèy menm jan bon manje gou nan bouch.

12 ¶ Yo di se vye granmoun ki gen konesans, se laj ki bay bon konprann.

13 Men, Bondye gen konesans, lèfini li gen pouvwa. Li gen bon konprann, lèfini li fè sa li vle.

14 Lè Bondye kraze yon bagay, pesonn pa ka refè l'. Lè li mete yon moun nan prizon, pesonn pa ka lage l'.

15 Lè li pa bay lapli, sèk tonbe sou latè. Lè li bay lapli, dlo fè dega toupatou.

16 Bondye gen fòs, li konn sa l'ap fè. Ni moun k'ap bay manti, ni moun k'ap pran manti, se anba ponyèt li yo ye.

17 Li fè moun k'ap bay konsèy yo pèdi tèt yo. Li fè chèf yo aji tankou moun fou.

18 Li wete tout pouvwa nan men wa yo. Li mare yon tanga nan ren yo jete yo nan prizon.

19 Li fè prèt yo mache pye atè. Li mete gwo zotobre atè!

20 Li fèmen bouch moun k'ap bay bon konsèy. Li fè granmoun yo depale.

21 Li fè pase grannèg yo nan betiz. Li wete pouvwa gwo chèf yo nan men yo.

22 Li klere twou fon kote ki fè nwa a, li mete twou lanmò a aklè.

23 Li fè nasyon yo fè pwogrè, lèfini, li fè yo deperi. Li fè yon pèp pran elan, lèfini, li fè l' disparèt.

24 Li fè chèf pèp yo pèdi tèt yo, li fè yo moute desann nan dezè, san yo pa konn kote yo prale.

25 Y'ap tatonnen nan fènwa, y'ap titibe tankou moun sou.