Jenèz 41:1-8
Haitian Creole Version
41 ¶ Dezan te fin pase. Farawon an fè yon rèv. Li wè li te kanpe bò larivyè Nil la.
2 Li wè sèt bèl vach byen gra moute soti nan larivyè a, yo t'ap manje zèb bò dlo a.
3 Apre sa, sèt lòt vach tout lèd, tout mèg, moute soti nan dlo a tou. Yo vin kanpe toupre lòt vach yo, bò dlo a.
4 Sèt vye vach mèg yo manje sèt bèl vach gra yo. Epi je farawon an vin klè.
5 Dòmi pran l' ankò, li fè yon lòt rèv. Li wè sèt gwo grap ble ki t'ap pouse sou yon sèl pye ble. Yo te plen grenn, yo te mi.
6 Apre sa, sèt lòt grap vin parèt sou menm pye ble a. Yo te chèch, van nòde te fin boule yo.
7 Sèt grap chèch yo souse sèt bèl grap yo. Epi je farawon an vin klè ankò. Se rèv sa yo li te fè.
8 Nan maten, li te boulvèse anpil, li voye chache dènye divinò ak nèg save ki nan peyi Lejip la. Li rakonte yo rèv la, men yo yonn pa t' kapab esplike rèv la ba li.
Read full chapter