Add parallel Print Page Options

53 Èske ou pi gran pase Abraram, zansèt nou? Li menm li mouri, epi pwofèt yo mouri tou. Ki sa ou kwè ou ye?”

54 Jezi reponn yo: “Si se mwen k ap fè lwanj pou tèt mwen, lwanj mwen an pa vo anyen. Se Papa m ki fè lwanj pou mwen, li menm n ap di se Bondye nou an. 55 Nou pa konnen li, poutan mwen menm mwen konnen li. Si m ta di m pa konnen li, mwen ta yon mantè, menm jan ak nou. Men mwen konnen l epi mwen fè sa l anseye.

Read full chapter