Add parallel Print Page Options

15 Jezi konnen moun yo t ap fè plan pou vin pran li epi mete l wa alatèt yo. Alò li pati epi l al nan mòn yo poukont li.

Jezi mache sou dlo

(Mat 14:22-27; Mak 6:45-52)

16 Nan aswè, disip Jezi yo te desann ale nan lak la. 17 Li te fènwa, epi Jezi pa t ankò retounen vini jwenn yo. Yo antre nan yon bato epi yo kòmanse avanse pou travèse lak la pou ale Kapènawòm.

Read full chapter