Add parallel Print Page Options

25 Sa m ap di nou la a, se vre, nou ta dwe kwè sa. Epi kite m di nou yon lòt bagay, gen yon jou enpòtan k ap vini. Jou sa a gentan la. Moun ki mouri va tande vwa Pitit Bondye a. Epi moun ki tande se yo ki va gen lavi. 26 Menm jan lavi se nan Papa a li soti, konsa tou, Papa a bay Pitit la pouvwa pou l bay lavi. 27 Epi Papa a bay Pitit la otorite pou l jije tout moun, paske li se Pitit Lòm nan.

28 Pa sezi. Gen yon jou k ap vini kote tout moun ki mouri pral tande vwa Pitit la. 29 Alò yo va leve soti nan tonm yo. Sa ki te fè byen nan lavi sa a, yo va resisite epi yo va genyen lavi etènèl. Men sa ki t ap fè sa ki mal yo, yo va resisite pou yo jije epi pou yo jwenn kondanasyon yo.

Read full chapter