Add parallel Print Page Options

16 Jezi te fè tout bagay sa yo nan jou repo a. Se poutèt sa Jwif yo t ap chache wè kijan yo ta simen boulvès pou bay Jezi pwoblèm. 17 Men li di yo: “Papa m pa janm sispann travay, se kon sa mwen menm tou m ap travay.”

18 Sa fè Jwif yo t ap chache pi plis pou touye l. Yo te di “Premyèman, nonm sa a pa obsève Lalwa sou jou repo a. Epi Li di Bondye se Papa l. Li fè pwòp tèt pa l egal ak Bondye.”

Read full chapter