Add parallel Print Page Options

13 Yo pran branch bwa soti al rankontre l. Yo t ap plede rele:

“Louwanj[a] pou SENYÈ a!
Benediksyon pou moun ki vini
    nan non Senyè a,(A) wa Izrayèl la.”

14 Jezi jwenn yon jenn ti bourik, li monte sou li, jan Bib la te di a:

15 “Pa krenn anyen, moun lavil Siyon,[b]
men Wa ou la ap vini,
    li monte yon jenn ti bourik.”(B)

Read full chapter

Footnotes

  1. 12:13 Louwanj Literalman, “Hosanna”, yon mo Ebre yo itilize lè y ap priye, pou mande Bondye sekou. Isit la, li pwobab se yon kri pou selebrasyon. Yo itilize l pou fè louwanj pou Bondye oubyen pou Mesi li a.
  2. 12:15 Siyon Se yon lòt non pou Jerizalèm.