Jan 10
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Bèje a ak mouton l yo
10 An verite, an verite, mwen di nou: yon moun k ap antre kote yo gade mouton, se nan baryè a li dwe pase.[a] Si l pase nenpòt lòt kote se yon vòlè li ye, se eseye l ap eseye vòlè mouton yo. 2 Men, moun ki pase nan baryè a, se bèje mouton yo l ye. 3 Moun k ap veye baryè a louvri l pou mouton yo, epi mouton yo tande vwa bèje a. Li rele pwòp mouton li yo dapre non yo epi yo swiv li soti deyò. 4 Lè l fin fè tout mouton pa l yo soti nan pak la, li mache alatèt yo epi yo swiv li, paske yo konnen vwa li. 5 Men, yo p ap janm swiv yon moun yo pa konnen. Y a kouri pou li, paske yo pa konnen vwa moun sa a.
6 Jezi rakonte yo istwa sa a, men yo pa t konprann sa l t ap di yo a.[b]
Jezi se Bon Bèje a
7 Jezi di yon lòt fwa ankò: “An verite, an verite, m ap di nou: se mwen menm ki pòt pou antre nan pak mouton an. 8 Tout lòt yo ki te vini anvan m se brigan ak vòlè yo ye, men mouton yo pa t koute yo. 9 Mwen se pòtay pak la. Nenpòt mouton ki pase nan mwen pou l antre nan pak la, l ap an sekirite. L ap ka antre nan pak la, l ap ka soti ale nan patiraj pou l manje sa l bezwen. 10 Vòlè a pa vin fè lòt bagay, se vòlè, se touye, se detwi. Men, mwen menm, mwen vini pou ba yo lavi, yon lavi pi plis pase sa w ta janm imajine.
11 Mwen se bon bèje a, epi bon bèje a bay lavi li pou mouton l yo. 12 Yon moun yo peye pou gade mouton yo, li pa yon vrè bèje. Poutèt li pa mèt mouton yo, lè li wè chyen mawon ap vini, li lage mouton yo epi li chape kò l. Chen mawon atake mouton yo epi yo tout gaye. 13 Se paske se yon djòb l ap fè ki fè li pa gen okenn sansibilite pou mouton yo.
14 Mwen se bon bèje a, mwen konnen mouton m yo epi mouton m yo konnen m tou. 15 Menm jan Papa a konnen m, mwen menm mwen konnen Papa a tou, epi mwen bay lavi m pou mouton yo. 16 Mwen genyen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mouton sa yo, fòk mwen mennen yo vini. Y a tande vwa m, lè sa a y ap vini. Konsa, yo tout ap fè yon sèl twoupo ak yon sèl bèje.[c] 17 Se poutèt sa Papa a renmen m, paske mwen bay lavi m pou m repran l ankò. 18 Pa gen okenn moun ki pran l nan men m, men mwen bay li ak pwòp volonte m. Mwen gen dwa pou m bay li, mwen gen dwa pou m pran l ankò. Se lòd sa a Papa m ban mwen.”
19 Yon lòt fwa ankò, Jwif yo te divize poutèt sa Jezi t ap di. 20 Anpil nan Jwif yo t ap di: “Li gen yon move lespri nan tèt li ki rann li fou, pou kisa n ap koute li?”
21 Gen lòt moun ki t ap di: “Pawòl sa yo se pa pawòl yon moun ki gen move lespri nan tèt li. Èske yon move lespri kapab louvri je moun avèg?”
Lidè pèp Jwif yo kont Jezi
22 Lè sa a, yo t ap fete fèt Dedikas la[d] nan lavil Jerizalèm. Se te sezon livè. 23 Jezi t ap pwonmennen nan tanp lan, anba kote yo rele Galri Salomon an. 24 Lidè Jwif yo te antoure Jezi epi yo mande li: “Pou jis kilè ou ap kite nou nan dout sa a? Si se ou ki Kris la, di nou bagay la klè.”
25 Jezi reponn yo: “Mwen di nou sa deja, men nou pa kwè. Mirak sa yo m ap fè nan non Papa m, yo montre aklè ki moun mwen ye. 26 Men nou pa kwè, paske nou pa fè pati mouton m yo. 27 Mouton m yo ap koute vwa m, mwen konnen yo epi yo swiv mwen. 28 Mwen ba yo lavi etènèl epi yo p ap janm peri. Pèsonn p ap ka wete yo nan menm. 29 Se Papa m ki ban mwen yo, epi li pi gran pase tout moun.[e] Okenn moun pa ka vòlè mouton m yo nan men Papa a. 30 Mwen menm ak Papa a nou se youn.”
31 Yon lòt fwa ankò, Jwif yo ranmase wòch pou yo touye Jezi. 32 Jezi reponn yo: “Mwen fè anpil bèl bagay ki soti nan Papa a. Pou kilès ladan yo nou ta vle touye m ak kout wòch?”
33 Jwif yo reponn li: “Nou p ap touye w ak wòch pou yon bèl bagay, men paske ou di bagay ki manke Bondye dega. Se yon moun ou ye, vwala ou di ou se menm ak Bondye.”
34 Jezi reponn yo: “Èske sa pa ekri nan Lalwa nou an: Mwen di: Nou tout se dye.(A) 35 Bib la rele moun sa yo ki resevwa mesaj Bondye a dye. Epi tou, sa Bib la di se toujou verite a. 36 Alò, pou ki n ap akize m, nou di m ap manke Bondye dega paske mwen di: Mwen se Pitit Bondye? Se mwen Bondye chwazi epi li voye m sou latè. 37 Si m pa fè travay Bondye Papa m, pa kwè mwen. 38 Men si m ap fè sa Papa m ap fè, nou ta dwe kwè nan sa m fè. Menm si nou pa t ka kwè mwen, nou ta dwe kwè nan bagay m ap fè yo. Se lè sa a, nou ta konnen epi nou ta konprann Papa a nan mwen epi mwen menm, mwen nan Papa a.”
39 Lè sa a, yo te eseye arete Jezi ankò, men li chape poul li.
40 Jezi te pati yon fwa ankò ale lòtbò rivyè Jouden an, kote Janbatis te kòmanse batize moun yo, epi li rete la. 41 Anpil moun te al jwenn li. Yo di: “Se vre, Janbatis pa fè mirak, men tout sa l di sou nonm sa a se verite a.” 42 Nan zòn sa a, anpil moun te vin kwè nan Jezi.
Footnotes
- 10:1 Se te yon koutim kote tout moun nan yon ti vil te konnen gade mouton yon menm kote, nan menm pak.
- 10:6 Yo pa t konprann, Jezi konpare pwòp tèt li avèk yon bèje k ap kondui mouton li soti nan yon pak mennen deyò, paske avèg la te vini disip Jezi lè yo te fòse l kite sinagòg la.
- 10:16 Jezi vle di li gen disip ki pa pami Jwif yo. Gade nan Jan 11:52.
- 10:22 fèt Dedikas la Oubyen “Fèt Limyè yo” se yon semèn espesyal nan mwa desanm nan lane 165 AV.JK, kote yo t ap fete lè tanp lan nan Jerizalèm te pirifye pou sèvis Jwif yo. Anvan sa, lit epi an kontwòl lame Grèk yo, yo te fè sèvis fo dye ladan.
- 10:29 pi gran pase tout moun Literalman, “Sa Papa m ban mwen an pi gran pase tout.” Nou kapab tradui tou: “Pouvwa Papa m ban mwen an pi gran pase tout pouvwa.” Gen anpil diferans nan ansyen kopi grèk yo. Kèk lòt kopi pa twò ansyen yo di: “Papa m ki ban mwen yo, li pi gran pase tout moun.”
ᎣᏍᏛ ᎧᏃᎮᏛ ᏣᏂ ᎤᏬᏪᎳᏅᎯ 10
Cherokee New Testament
10 ᎤᏙᎯᏳᎯᏯ, ᎤᏙᎯᏳᎯᏯ ᎯᎠ ᏂᏨᏪᏎᎭ; ᎾᏍᎩ Ꮎ ᎦᎶᎯᏍᏗᏱ ᎠᏴᏍᏗᏍᎩ ᏂᎨᏒᎾ ᎠᏫ ᎤᏂᏃᏕᎾ ᎤᏂᏴᏍᏗᏱ, ᎤᏣᏘᏂᏉᏍᎩᏂ ᎦᎸᏍᏗᏍᎩ, ᎾᏍᎩ ᎦᏃᏍᎩᏍᎩ ᎠᎴ ᎠᏓᎾᏌᎲᏍᎩ.
2 ᎾᏍᎩᏍᎩᏂ Ꮎ ᎦᎶᎯᏍᏗᏱ ᎠᏴᏍᏗᏍᎩ ᎾᏍᎩ ᎠᏫ ᎤᏂᏃᏕᎾ ᏗᎦᏘᏯ.
3 ᎾᏍᎩ ᎦᎶᎯᏍᏗᏱ ᎠᎦᏘᏯ ᎤᏍᏚᎢᏒᎰᎢ, ᎠᎴ ᎠᏫ ᎠᎾᏛᎩᏍᎪ ᎧᏁᎬᎢ, ᎠᎴ ᏚᎾᏙᎥ ᏓᏯᏂᏍᎪ ᎠᏫ ᏧᏤᎵᎦ, ᎠᎴ ᏓᏘᏂᏒᏍᎩᏂ ᏕᎦᏄᎪᏫᏍᎪᎢ.
4 ᏕᎦᏄᎪᏩᏃ ᏧᏤᎵᎦ ᎠᏫ, ᎢᎬᏱ ᏓᎴᏁᎰᎢ, ᎠᎴ ᎠᏫ ᎬᏩᏍᏓᏩᏕᎪᎢ; ᎠᏃᎵᎪᏰᏃ ᎧᏁᎬᎢ;
5 ᏅᏩᏓᎴᏍᎩᏂ ᎥᏝ ᏴᎬᏂᏍᏓᏩᏚᎦ, ᎠᎾᎵᎡᎰᏉ, ᎥᏝᏰᏃ ᏯᏃᎵᎪ ᏅᏩᎾᏓᎴ ᎠᏂᏁᎬᎢ.
6 ᎾᏍᎩ ᎯᎠ ᏓᏟᎶᏍᏛ ᏥᏌ ᏚᏬᏁᏔᏅᎩ; ᎠᏎᏃ ᎥᏝ ᏳᏃᎵᏤ ᎾᏍᎩ ᏄᏍᏛ ᏚᏬᏁᏔᏅᎢ.
7 ᎿᏉᏃ ᏔᎵᏁ ᏥᏌ ᎯᎠ ᏂᏚᏪᏎᎸᎩ; ᎤᏙᎯᏳᎯᏯ ᎤᏙᎯᏳᎯᏯ ᎯᎠ ᏂᏨᏪᏎᎭ, ᎠᏴ ᎦᎶᎯᏍᏗᏱ ᎠᏫ ᎤᎾᏤᎵᎦ.
8 ᏂᎦᏛ ᎢᎬᏱ ᎤᏂᎷᏨᎯ ᎠᏴ ᎣᏂ, ᎾᏍᎩ ᎠᏂᏃᏍᎩᏍᎩ ᎠᎴ ᎠᎾᏓᎾᏌᎲᏍᎩ. ᎠᏎᏃ ᎠᏫ ᎥᏝ ᏱᎬᏩᎾᏛᎦᏁᎴᎢ.
9 ᎦᎶᎯᏍᏗᏱ ᎠᏴ; ᎢᏳᏃ ᏱᎶ ᎠᏴ ᎠᎩᏴᏍᏗᏍᎨᏍᏗ, ᎠᏎ ᎠᏥᏍᏕᎸᏗ ᎨᏎᏍᏗ, ᎠᎴ ᎤᏴᏍᏗ ᎠᎴ ᎤᏄᎪᎢᏍᏗ ᎨᏎᏍᏗ, ᎠᎴ ᎤᏩᏛᏗ ᎨᏎᏍᏗ ᎦᏄᎸᏒᎢ.
10 ᎦᏃᏍᎩᏍᎩ ᎦᎷᎪᎢ, ᎤᏃᏍᎩᏍᏗᏱᏉ ᎠᎴ ᎤᏓᎯᏍᏗᏱᏉ ᎤᏰᎸᏐᎢ: ᎠᏴ ᎠᎩᎷᏥᎸ, ᎬᏂᏛ ᎤᎾᏤᎵᎦ ᎢᏳᎵᏍᏙᏗᏱ, ᎠᎴ ᎤᏣᏔᏅᎯ ᎤᎾᏤᎵᎦ ᎢᏨᎵᏍᏙᏗᏱ.
11 ᎠᏴ ᎠᏆᏓᏅᏘ ᎠᏫ-ᏗᏥᎦᏘᏯ. ᎤᏓᏅᏘ ᎠᏫ-ᏗᎦᏘᏯ ᎬᏅᎢ ᎡᎳᏗ ᏓᏁᎰ ᎠᏫ.
12 ᎠᏥᏅᏏᏛᏍᎩᏂ, ᎠᏫ-ᏗᎦᏘᏯ ᏂᎨᏒᎾ, ᎠᎴ ᎠᏫ ᏧᏤᎵᎦ ᏂᎨᏒᎾ, ᏩᏯ ᏣᎢᏒᎢ ᏩᎪᏩᏛ, ᏕᎬᏕᎪ ᎠᏫ ᎠᎴ ᎠᎵᏘᏍᎪᎢ; ᏩᏯᏃ ᏕᎦᏂᏱᏍᎪ ᎠᎴ ᏓᏗᎦᎴᏯᏍᎪ ᎠᏫ.
13 ᎠᏥᏅᏏᏛ ᎠᎵᏘᏍᎪᎢ ᏅᏗᎦᎵᏍᏙᏗᏍᎪ ᎠᏥᏅᏏᏛᏉ ᎨᏒᎢ.
14 ᎠᏴ ᎠᏆᏓᏅᏘ ᎠᏫ-ᏗᏥᎦᏘᏯ; ᎠᎴ ᏕᏥᎦᏔᎭ ᏗᏆᏤᎵᎦ, ᎠᎴ ᏗᏆᏤᎵᎦ ᎬᎩᎦᏔᎭ,
15 ᎾᏍᎩᏯ ᎠᎦᏴᎵᎨ ᏣᎩᎦᏔᎭ, ᎠᎴ ᎠᏴ ᎠᎦᏴᎵᎨ ᏥᏥᎦᏔᎭ. ᎠᎴ ᎬᏅ ᎡᎳᏗ ᏕᏥᏁᎭ ᎠᏫ.
16 ᎠᎴ ᏄᎾᏓᎴ ᎠᏫ ᏓᎩᎧᎭ, ᎾᏍᎩ ᎥᏝ ᎯᎠ ᎤᏂᏴᏍᏗᏱ ᏯᏂᏯᎠ; ᎾᏍᎩ ᎾᏍᏉ ᎠᏎ ᏙᏓᎦᏘᏃᎵ, ᎠᎴ ᏛᎾᏛᎦᏂ ᏥᏁᎬᎢ; ᎠᎴ ᏑᎾᏓᏡᎩ ᏅᏛᎾᎵᏍᏔᏂ; ᎠᎴ ᏌᏉ ᎨᏎᏍᏗ ᎠᏫᏗᎦᏘᏯ.
17 ᎡᎳᏗ ᏥᏥᎥᏍᎦ ᎬᏅᎢ ᎾᏍᎩ ᏔᎵᏁ ᎠᎩᎩᏏᏐᏗ ᏥᎩ ᎾᏍᎩ ᏅᏗᎦᎵᏍᏙᏗᎭ ᎠᎦᏴᎵᎨ ᎠᎩᎨᏳᎭ.
18 ᎥᏝ ᎩᎶ ᎠᏛᎩᎩᎡᎵ, ᎠᏋᏒᏉᏍᎩᏂ ᎠᏆᏓᏅᏖᏛ ᎡᎳᏗ ᏓᏥᏂ. ᎠᎩᎭ ᏰᎵᏉ ᎡᎳᏗ ᎬᎩᏗ ᎨᏒᎢ, ᎠᎴ ᎠᎩᎭ ᏰᎵᏉ ᎬᎩᎩᏏᏐᏗ ᎨᏒᎢ. ᎾᏍᎩ ᎯᎠ ᏄᏍᏗ ᎡᏙᏓ ᎠᎩᏁᏤᎸ.
19 ᎿᏉᏃ ᏔᎵᏁ ᏔᎵ ᏄᎾᏓᏛᎩ ᎠᏂᏧᏏ ᏅᏓᎦᎵᏍᏙᏗᏍᎬᎩ ᎾᏍᎩ ᏄᏪᏒᎢ.
20 ᎤᏂᏣᏛᎩᏃ ᎤᎾᏓᏑᏴᎩ ᎯᎠ ᏄᏂᏪᏒᎩ; ᎠᏍᎩᎾ ᎤᏯᎠ, ᎠᎴ ᎤᎸᏃᏘᎭ; ᎦᏙᏃ ᎢᎡᏣᏛᏓᏍᏓᏁᎭ?
21 ᎢᎦᏛᏃ ᎯᎠ ᏄᏂᏪᏒᎩ; ᎾᏍᎩ ᎯᎠ ᏥᏂᎦᏪ ᏥᎧᏁᎦ ᎥᏝ ᎠᏍᎩᎾ ᎤᏯᎢ ᎤᏁᎢᏍᏗ ᏱᎩ; ᏥᎪ ᎠᏍᎩᎾ ᏰᎵ ᏱᏓᏍᏚᎢᏏ ᏗᎨᏫ ᏗᎦᏙᎵ.
22 ᏗᎦᎳᏫᎢᏍᏗᏱᏃ ᎤᏂᎾᎦᎸᎲ ᏓᎾᎵᏍᏓᏴᎲᏍᎬᎩ ᏥᎷᏏᎵᎻ, ᎠᎴ ᎪᎳ ᎨᏒᎩ.
23 ᏥᏌᏃ ᎡᏙᎲᎩ ᎤᏛᏅ-ᏗᎦᎳᏫᎢᏍᏗᏱ, ᏐᎵᎹᏅ ᎤᏤᎵᎦ ᎠᏲᏓᏝᎲᎢ.
24 ᎿᏉᏃ ᎠᏂᏧᏏ ᎬᏩᏓᏡᏫᏍᏔᏅᎩ, ᎯᎠ ᏂᎬᏩᏪᏎᎸᎩ; ᎯᎳᎪ ᏅᏓᎪᎯᏥ ᏍᎩᏰᎵᎢᏍᏗᏍᎨᏍᏗ? ᎢᏳᏃ ᏂᎯ ᎦᎶᏁᏛ ᎨᏎᏍᏗ, ᏍᎩᏃᎲᏏ ᏚᏳᎪᏛᎢ.
25 ᏥᏌ ᎤᏁᏨᎩ ᎯᎠ ᏚᏂᏪᏎᎸᎩ; ᎢᏨᏃᏁᎸᎩ, ᎠᏎᏃ ᎥᏝ ᏱᏍᎩᏲᎢᏳᏁᎢ. ᏗᎦᎸᏫᏍᏓᏁᏗ ᏥᏓᎩᎸᏫᏍᏓᏁᎭ ᎡᏙᏓ ᏚᏙᏍᏛᎢ, ᎾᏍᎩ ᎬᏂᎨᏒ ᎾᏋᏁᎭ.
26 ᏂᎯᏍᎩᏂ ᎥᏝ ᏱᏦᎯᏳᎲᏍᎦ, ᏅᏗᎦᎵᏍᏙᏗᎭ ᏂᎯ ᎠᏫ ᏗᏆᏤᎵᎦ ᏂᎨᏒᎾ ᎨᏒᎢ, ᎾᏍᎩᏯ ᏥᏂᏨᏪᏎᎸᎩ.
27 ᎠᏫ ᏗᏆᏤᎵᎦ ᎠᎾᏛᎩᏍᎪ ᏥᏁᎬᎢ, ᎠᎴ ᎠᏴ ᎦᏥᎦᏔᎭ, ᎠᎴ ᎬᏂᏍᏓᏩᏕᎪᎢ,
28 ᎠᎴ ᎠᎵᏍᏆᏗᏍᎩ ᏂᎨᏒᎾ ᎬᏂᏛ ᎦᏥᏁᎰᎢ, ᎥᏝᏃ ᎢᎸᎯᏳ ᏧᏂᏲᎱᎯᏍᏗ ᏱᎩ, ᎠᎴ ᎥᏝ ᎩᎶ ᏗᏆᏑᎦᎸᏙᏗ ᏱᎩ.
29 ᎾᏍᎩ Ꮎ ᎡᏙᏓ ᏗᎩᎧᏁᎸᎯ ᎤᏟ ᎤᎵᏂᎩᏗᏳ ᎡᏍᎦᏉ ᎾᏂᎥᎢ, ᎥᏝᏃ ᏰᎵ ᎩᎶ ᎡᏙᏓ ᏗᎬᏩᏛᎦᎸᏙᏗ ᏱᎩ.
30 ᎠᏴ ᎡᏙᏓᏃ ᏌᏉᏉ.
31 ᎿᏉᏃ ᎠᏂᏧᏏ ᏔᎵᏁ ᏅᏯ ᏚᏂᎩᏒᎩ ᏗᎬᏩᏂᏍᏙᏗ.
32 ᏥᏌ ᎤᏁᏨᎩ ᎯᎠ ᏚᏂᏪᏎᎸᎩ, ᎤᏣᏔ ᏱᏍᏛ ᏗᎦᎸᏫᏍᏓᏁᏗ ᎨᏒ ᎡᏙᏙᏱ ᏅᏓᏳᏓᎴᏅᎯ ᎬᏂᎨᏒ ᏂᏨᏴᏁᎸ; ᎦᏙ ᎤᏍᏗ ᎾᏍᎩ ᏗᎦᎸᏫᏍᏓᏁᏗ ᎠᎩᏍᏛᏗᎠ ᏅᏯ ᏥᏕᏍᎩᏴᏂᏍᏗᎭ?
33 ᎠᏂᏧᏏ ᎤᏂᏁᏨ ᎯᎠ ᏅᎬᏩᏪᏎᎸᎩ; ᎣᏍᏛ ᏗᎦᎸᏫᏍᏓᏁᏗ ᎨᏒ ᎥᏝ ᏴᎨᏣᏍᏛᏓ ᏅᏯ ᏱᏙᎨᏨᏴᏂᏍᏓ, ᎯᏐᏢᎢᏍᏗᏍᎬᏍᎩᏂ, ᏂᎯ ᏴᏫᏉ ᏥᎩ ᎤᏁᎳᏅᎯ ᏣᏤᎸᏍᎦ.
34 ᏥᏌ ᏚᏁᏤᎸᎩ; ᏝᏍᎪ ᎯᎠ ᏘᏂ ᎬᏅ ᏱᎪᏪᎳ ᏗᏥᎧᎿᏩᏛᏍᏗᏱ; ᏂᎯ ᎢᏨᏁᎳᏅᎯ, ᎠᏆᏛᏅᎩ?
35 ᎢᏳᏃ ᎢᏣᏁᎳᏅᎯ ᏧᏬᏎᎸᎯ ᏱᎩ, ᎧᏃᎮᏛ ᎤᏁᎳᏅᎯ ᎤᏤᎵᎦ ᎨᏥᏁᏤᎸᎯ, ᎠᎴ ᎪᏪᎵ ᎤᏲᎢᏍᏗ ᏂᎨᏒᎾ ᏱᎩ,
36 ᏥᎪ ᎯᏐᏢᎢᏍᏗᎭ ᎢᎡᏦᏎᎭ ᎠᎦᏴᎵᎨᎢ ᎤᎸᏉᏔᏅᎯ ᎠᎴ ᎡᎶᎯ ᎤᎷᎯᏍᏗᏱ ᎤᏅᏏᏛ, ᏅᏗᎦᎵᏍᏙᏗᎭ "ᎠᏴ ᎤᏁᎳᏅᎯ ᎤᏪᏥ" ᏥᎦᏛ?
37 ᎢᏳᏃ ᎡᏙᏓ ᎤᏤᎵ ᏗᎦᎸᏫᏍᏓᏁᏗ ᎨᏒ ᏂᏓᎩᎸᏫᏍᏓᏁᎲᎾ ᎢᎨᏎᏍᏗ, ᏞᏍᏗ ᏍᎩᏲᎢᏳᏅᎩ
38 ᎢᏳᏍᎩᏃᏂ ᎾᏍᎩ ᎤᏤᎵ ᏱᏓᎩᎸᏫᏍᏓᏁᎭ, ᎾᏍᏉ ᎠᏴ ᏂᏍᎩᏲᎢᏳᎲᏍᎬᎾ ᏱᎩ, ᎠᏎ ᎢᏦᎯᏳᎲᏍᎨᏍᏗ ᎾᏍᎩ Ꮎ ᏗᎦᎸᏫᏍᏓᏁᏗ ᎨᏒᎢ; ᎾᏍᎩᏃ ᏰᎵ ᎨᏣᏙᎴᎰᎯᏍᏗ ᎠᎴ ᎨᏦᎯᏳᏗ ᏱᎩ ᎠᎦᏴᎵᎨᎢ, ᎠᎩᏯᎥᎢ ᎠᎴ ᎾᏍᎩ ᎠᏴᏥᏯᎥᎢ
39 ᎾᏍᎩ ᎢᏳᏍᏗ ᏔᎵᏁ ᎤᎾᏁᎶᏔᏅᎩ ᎬᏩᏂᏴᏗᏱ; ᎠᏎᏃ ᏚᏗᏫᏎᎸᎩ,
40 ᎠᎴ ᏦᏓᏂ ᏍᎪᎾ ᏭᎶᏒᎩ, ᎾᎿ ᏣᏂ ᎢᎬᏱᏱ ᏚᏓᏬᎥᎢ. ᎾᎿᏃ ᎤᏪᏙᎸᎩ.
41 ᎤᏂᏣᏛᏃ ᎬᏩᎷᏤᎸᎩ, ᎠᎴ ᎯᎠ ᏄᏂᏪᏒᎩ; ᏣᏂ ᎥᏝ ᎤᏍᏆᏂᎪᏗ ᏱᏚᎸᏫᏍᏓᏁᎮᎢ, ᎠᏎᏃ ᏂᎦᎥ ᏣᏂ ᏄᏪᏒ ᎤᏃᎮᎸ ᎯᎠ ᎾᏍᎩ ᎠᏍᎦᏯ, ᎤᏙᎯᏳᎯᏯ ᎨᏎᎢ.
42 ᎾᎿᏃ ᎤᏂᏔᏛ ᎬᏬᎯᏳᏅᎩ
ΚΑΤΑ ΙΩΑΝΝΗΝ 10
1550 Stephanus New Testament
10 αμην αμην λεγω υμιν ο μη εισερχομενος δια της θυρας εις την αυλην των προβατων αλλα αναβαινων αλλαχοθεν εκεινος κλεπτης εστιν και ληστης
2 ο δε εισερχομενος δια της θυρας ποιμην εστιν των προβατων
3 τουτω ο θυρωρος ανοιγει και τα προβατα της φωνης αυτου ακουει και τα ιδια προβατα καλει κατ ονομα και εξαγει αυτα
4 και οταν τα ιδια προβατα εκβαλη εμπροσθεν αυτων πορευεται και τα προβατα αυτω ακολουθει οτι οιδασιν την φωνην αυτου
5 αλλοτριω δε ου μη ακολουθησωσιν αλλα φευξονται απ αυτου οτι ουκ οιδασιν των αλλοτριων την φωνην
6 ταυτην την παροιμιαν ειπεν αυτοις ο ιησους εκεινοι δε ουκ εγνωσαν τινα ην α ελαλει αυτοις
7 ειπεν ουν παλιν αυτοις ο ιησους αμην αμην λεγω υμιν οτι εγω ειμι η θυρα των προβατων
8 παντες οσοι προ εμου ηλθον κλεπται εισιν και λησται αλλ ουκ ηκουσαν αυτων τα προβατα
9 εγω ειμι η θυρα δι εμου εαν τις εισελθη σωθησεται και εισελευσεται και εξελευσεται και νομην ευρησει
10 ο κλεπτης ουκ ερχεται ει μη ινα κλεψη και θυση και απολεση εγω ηλθον ινα ζωην εχωσιν και περισσον εχωσιν
11 εγω ειμι ο ποιμην ο καλος ο ποιμην ο καλος την ψυχην αυτου τιθησιν υπερ των προβατων
12 ο μισθωτος δε και ουκ ων ποιμην ου ουκ εισιν τα προβατα ιδια θεωρει τον λυκον ερχομενον και αφιησιν τα προβατα και φευγει και ο λυκος αρπαζει αυτα και σκορπιζει τα προβατα
13 ο δε μισθωτος φευγει οτι μισθωτος εστιν και ου μελει αυτω περι των προβατων
14 εγω ειμι ο ποιμην ο καλος και γινωσκω τα εμα και γινωσκομαι υπο των εμων
15 καθως γινωσκει με ο πατηρ καγω γινωσκω τον πατερα και την ψυχην μου τιθημι υπερ των προβατων
16 και αλλα προβατα εχω α ουκ εστιν εκ της αυλης ταυτης κακεινα με δει αγαγειν και της φωνης μου ακουσουσιν και γενησεται μια ποιμνη εις ποιμην
17 δια τουτο ο πατηρ με αγαπα οτι εγω τιθημι την ψυχην μου ινα παλιν λαβω αυτην
18 ουδεις αιρει αυτην απ εμου αλλ εγω τιθημι αυτην απ εμαυτου εξουσιαν εχω θειναι αυτην και εξουσιαν εχω παλιν λαβειν αυτην ταυτην την εντολην ελαβον παρα του πατρος μου
19 σχισμα ουν παλιν εγενετο εν τοις ιουδαιοις δια τους λογους τουτους
20 ελεγον δε πολλοι εξ αυτων δαιμονιον εχει και μαινεται τι αυτου ακουετε
21 αλλοι ελεγον ταυτα τα ρηματα ουκ εστιν δαιμονιζομενου μη δαιμονιον δυναται τυφλων οφθαλμους ανοιγειν
22 εγενετο δε τα εγκαινια εν τοις ιεροσολυμοις και χειμων ην
23 και περιεπατει ο ιησους εν τω ιερω εν τη στοα του σολομωντος
24 εκυκλωσαν ουν αυτον οι ιουδαιοι και ελεγον αυτω εως ποτε την ψυχην ημων αιρεις ει συ ει ο χριστος ειπε ημιν παρρησια
25 απεκριθη αυτοις ο ιησους ειπον υμιν και ου πιστευετε τα εργα α εγω ποιω εν τω ονοματι του πατρος μου ταυτα μαρτυρει περι εμου
26 αλλ υμεις ου πιστευετε ου γαρ εστε εκ των προβατων των εμων καθως ειπον υμιν
27 τα προβατα τα εμα της φωνης μου ακουει καγω γινωσκω αυτα και ακολουθουσιν μοι
28 καγω ζωην αιωνιον διδωμι αυτοις και ου μη απολωνται εις τον αιωνα και ουχ αρπασει τις αυτα εκ της χειρος μου
29 ο πατηρ μου ος δεδωκεν μοι μειζων παντων εστιν και ουδεις δυναται αρπαζειν εκ της χειρος του πατρος μου
30 εγω και ο πατηρ εν εσμεν
31 εβαστασαν ουν παλιν λιθους οι ιουδαιοι ινα λιθασωσιν αυτον
32 απεκριθη αυτοις ο ιησους πολλα καλα εργα εδειξα υμιν εκ του πατρος μου δια ποιον αυτων εργον λιθαζετε με
33 απεκριθησαν αυτω οι ιουδαιοι λεγοντες περι καλου εργου ου λιθαζομεν σε αλλα περι βλασφημιας και οτι συ ανθρωπος ων ποιεις σεαυτον θεον
34 απεκριθη αυτοις ο ιησους ουκ εστιν γεγραμμενον εν τω νομω υμων εγω ειπα θεοι εστε
35 ει εκεινους ειπεν θεους προς ους ο λογος του θεου εγενετο και ου δυναται λυθηναι η γραφη
36 ον ο πατηρ ηγιασεν και απεστειλεν εις τον κοσμον υμεις λεγετε οτι βλασφημεις οτι ειπον υιος του θεου ειμι
37 ει ου ποιω τα εργα του πατρος μου μη πιστευετε μοι
38 ει δε ποιω καν εμοι μη πιστευητε τοις εργοις πιστευσατε ινα γνωτε και πιστευσητε οτι εν εμοι ο πατηρ καγω εν αυτω
39 εζητουν ουν παλιν αυτον πιασαι και εξηλθεν εκ της χειρος αυτων
40 και απηλθεν παλιν περαν του ιορδανου εις τον τοπον οπου ην ιωαννης το πρωτον βαπτιζων και εμεινεν εκει
41 και πολλοι ηλθον προς αυτον και ελεγον οτι ιωαννης μεν σημειον εποιησεν ουδεν παντα δε οσα ειπεν ιωαννης περι τουτου αληθη ην
42 και επιστευσαν πολλοι εκει εις αυτον
Jan 10
Haitian Creole Version
10 ¶ Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki pa pase nan pòt la pou antre nan pak mouton an, men ki eskalade lantouraj la pou antre nan pak la yon lòt kote, moun sa a se yon vòlè, yon piyajè.
2 Men, moun ki pase nan pòt la, se gadò mouton yo li ye.
3 Moun k'ap veye pòt la louvri l' pou li. Tout mouton yo rekonèt vwa li. Li rele tout mouton l' yo, li ba yo chak non yo, li mennen yo deyò.
4 Lè li fin fè yo tout soti, li mache devan yo; tout mouton yo swiv li paske yo konnen vwa li.
5 Men, yo p'ap swiv yon moun yo pa konnen. Okontrè, y'ap kouri byen lwen pou li paske yo pa rekonèt vwa li.
6 Jezi di yo parabòl sa a, men yo pa t' konprann sa l' te vle di yo.
7 Jezi di yo ankò: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mwen se pòt pak mouton yo.
8 Tout moun ki te vin anvan m' yo, se yon bann vòlè ak piyajè yo te ye. Men, mouton yo pa t' koute yo.
9 Se mwen menm ki pòt la. Moun ki pase nan mwen pou antre, la sove. La antre, la soti, la jwenn manje pou l' manje.
10 Lè vòlè a vini, se vòlò li vin vòlò, se touye li vin touye, se detwi li vin detwi, se sa ase li vin fè. Mwen menm, mwen vin pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l' an kantite.
11 Se mwen menm ki bon gadò mouton yo. Bon gadò a ap bay lavi l' pou mouton l' yo.
12 Yon nonm k'ap fè yon djòb, se pa yon gadò li ye. Mouton yo pa pou li. Lè l' wè bèt nan bwa ap vini, li kouri kite mouton yo, li met deyò. Lèkonsa, bèt nan bwa a pran mouton yo pote ale, li gaye yo.
13 Nonm lan met deyò paske se yon djòb l'ap fè. Ki mele l' ak mouton yo?
14 -(we vèsè pwochen)
15 Mwen menm, mwen se gadò mouton yo. Papa a konnen m', mwen konn Papa a. Konsa tou, mwen konnen mouton m' yo. Yo menm tou yo konnen mwen.
16 Mwen gen anpil lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mwen gen pou m' mennen yo tou. Y'a tande vwa mwen. Lè sa a, va gen yon sèl bann mouton ak yon sèl gadò.
17 Papa a renmen m', paske m'ap bay lavi m' pou m' ka resevwa l' ankò.
18 Pesonn pa ka wete lavi m', se mwen menm ki bay li paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou m' bay li, mwen gen pouvwa pou m' resevwa l' ankò. Se sa menm Papa a te ban m' lòd fè.
19 ¶ Te vin gen yon lòt kont nan mitan jwif yo sou pawòl sa yo.
20 Anpil jwif t'ap di: Li gen yon move lespri sou li! Li fou! Sa n' bezwen pèdi tan n' ap koute yon nonm konsa fè?
21 Gen lòt ki t'ap di: Yon moun ki gen move lespri sou li pa ta pale konsa. Eske move lespri kapab louvri je avèg?
22 ¶ Se te nan mitan sezon fredi. Yo t'ap fete fèt Dedikas la nan lavil Jerizalèm.
23 Jezi t'ap ale vini anba Galeri Salomon an nan tanp lan.
24 Jwif yo sanble bò kote l', yo di l' konsa: Kilè wa wete nou nan doutans sa a? Si ou se Kris la, di nou sa kare kare.
25 Jezi reponn yo: Mwen deja di nou sa, nou pa vle kwè mwen. Bagay m'ap fè yo, se avèk otorite Papa m' m'ap fè yo. Yo pale pou mwen.
26 Men, nou pa kwè paske nou pa fè pati mouton m' yo.
27 Mouton m' yo koute vwa m', mwen konnen yo epi yo swiv mwen.
28 Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pesonn p'ap janmn ka rache yo nan men mwen.
29 Sa Papa m' ban mwen an pi gran pase tout. Pesonn pa ka rache anyen ki nan men Papa a.
30 Mwen menm ak Papa m', nou fè yon sèl.
31 Jwif yo ranmase wòch pou kalonnen li.
32 Lè sa a, Jezi di yo: Avèk pouvwa Papa a mwen fè anpil bon bagay nan mitan nou. Manyè di m' pou kilès ladan yo nou vle touye m' ak kout wòch la?
33 Jwif yo reponn li: Se pa pou okenn bon bagay nou vle touye ou ak kout wòch. Men, se paske w'ap pale mal sou Bondye. Se moun ou ye, epi w'ap chache pase pou Bondye.
34 Jezi reponn yo: Dapre sa ki ekri nan lalwa nou an, Bondye te di: Se bondye nou ye.
35 Nou konnen sa Liv la di, li di l' nèt. Tout moun ki resevwa pawòl Bondye, se bondye yo ye.
36 Mwen menm menm, se Bondye ki te mete m' apa pou li, se li ki voye m' sou latè. Ki jan nou ka di m'ap pale Bondye mal lè m' di se pitit Bondye mwen ye?
37 Si m' pa fè travay Papa m' ban m' fè a, nou pa bezwen kwè mwen.
38 Men, si mwen fè l', menm si nou pa ta vle kwè nan mwen, omwens kwè nan travay m'ap fè a. Konsa, nou ta tou konnen Papa a nan mwen, mwen nan Papa a.
39 ¶ Yo t'ap chache ankò pou yo te arete l', men li chape anba men yo.
40 Jezi tounen ankò lòt bò larivyè Jouden kote Jan te konn batize a. Li rete la.
41 Anpil moun te vin jwenn li. Yo t'ap di: Jan pa t' fè okenn mirak, men tou sa li te di nou sou nonm sa a, se te vre wi.
42 Anpil moun la te kwè nan Jezi.
Copyright © 2017 by Bible League International