Add parallel Print Page Options

21 ¶ Kèk jou apre sa, Jezi fè disip yo wè l' ankò, bò lanmè Tiberyad la. Men ki jan sa te pase:

Simon Pyè, Toma (yo rele Jimo a), Natanayèl (ki te moun Kana nan peyi Galile) ak de pitit Zebede yo te la ansanm ak de lòt nan disip Jezi yo.

Simon Pyè di: Mwen pral lapèch. Yo di li: Nou menm tou, nou pral avè ou. Se konsa yo pati, yo moute nan yon kannòt. Men, yo pase tout nwit lan yo pa t' pran anyen.

Li te kòmanse fè jou lè Jezi parèt bò dlo a. Men disip yo pa t' rekonèt si se te li menm.

Jezi di yo konsa: Mesye m' yo, èske nou pran pwason? Yo reponn li: Non, nou pa pran anyen.

Li di yo: Lage privye a sou bò dwat kannòt la, n'a jwenn kichòy. Yo lage privye a. Men, yo pa t' kapab rale l' soti nan dlo a sitèlman li te plen pwason.

Disip Jezi te renmen an di Pyè konsa: Se Seyè a wi. Lè Simon Pyè tande pawòl sa yo: Se Seyè a, li mete rad sou li (paske li te toutouni), li lage kò l' nan dlo a.

Lòt disip yo menm t'ap tounen atè nan kannòt la, yo t'ap trennen privye ki te plen pwason an dèyè yo. Yo pa t' twò lwen rivay la, san (100) mèt konsa.

Lè yo desann atè, yo wè yon dife ki te limen sou rivay la avèk kèk pwason ap boukannen ladan li. Te gen pen tou.

10 Jezi di yo: Pote kèk pwason nan sa nou fèk sot pran yo.

11 Simon Pyè moute nan kannòt la, li rale prive a tou plen vin atè. Te gen sansenkanntwa (153) gwo pwason ladan li. Men atousa, privye a pa t' chire.

12 Jezi di yo: vin manje. Yo yonn nan disip yo pa t' gen kouraj mande li: Ki moun ou ye? Yo tout te konnen se te Seyè a.

13 Jezi pwoche bò kote yo, li pran pen, li ba yo. Li ba yo pwason tou.

14 Sa te fè twazyèm fwa Jezi te fè disip li yo wè l' depi l' te leve soti vivan nan lanmò.

15 ¶ Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè konsa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen m' plis pase moun sa yo renmen mwen? Simon Pyè reponn: Wi, Seyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Pran swen ti mouton m' yo.

16 Li mande l' yon dezyèm fwa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Li reponn: Wi, Seyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Pran swen mouton m' yo.

17 Apre sa, li mande l' yon twazyèm fwa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Sa te fè Simon lapenn anpil lè l' wè Jezi te mande l' yon twazyèm fwa: Eske ou renmen mwen? Li reponn li: Seyè, ou konn tout bagay. Ou konnen mwen renmen ou. Jezi di l' konsa: Pran swen mouton m' yo.

18 Sa m'ap di ou la a, se vre wi. Lè ou te jenn ti gason, ou te konn mare sentiwon ou pou kont ou. Lè sa a, ou te konn ale kote ou te vle. Men, lè wa fin granmoun, wa lonje de bra ou konsa, se moun ki va mare sentiwon ou pou ou. Lè sa a, y'a mennen ou kote ou pa ta vle ale.

19 (Lè Jezi t'ap pale konsa, li t'ap moutre ki jan Pyè tapral mouri pou sa te sèvi yon lwanj pou Bondye.) Apre sa, Jezi di li: Swiv mwen.

20 ¶ Pyè vire tèt li, li wè disip Jezi te renmen an ki t'ap vin dèyè yo. Se disip sa a ki te panche bò zòrèy Jezi, antan yo t'ap manje a, ki te mande li: Seyè, ki moun ki pral trayi ou la?

21 Se konsa, Pyè wè l' ap vini, li mande Jezi: Seyè, e nonm sa a, kisak pral rive li?

22 Jezi reponn li: Si m' vle li rete vivan jouk lè m' gen pou m' tounen an, sa sa gade ou? Ou menm, swiv mwen.

23 Se konsa, nouvèl la gaye nan mitan frè yo: disip sa a p'ap janm mouri. Men, Jezi pa t' di Pyè: Li p'ap janm mouri. Li te di l' konsa: Si m' vle li rete vivan jouk lè m' gen pou m' tounen an, sa sa gade ou?

24 Se menm disip sa a k'ap rapòte tout bagay sa yo. Se li menm ki ekri yo. Nou konnen sa l'ap di a se verite.

25 Jezi te fè anpil lòt bagay ankò. Si yon moun ta pran ekri liv pou rakonte yo tout, yonn apre lòt, mwen pa kwè ta gen plas sou latè pou mete liv sa yo.

Jezi parèt sou sèt disip

21 Apre sa, Jezi fè disip yo wè l ankò bò lanmè Galile[a] a. Men kijan sa te pase: Simon Pyè, Toma yo te rele Didim[b] nan, Natanayèl moun Kana nan teritwa Galile a, de pitit Zebede yo ak de lòt disip, yo tout te ansanm. Simon Pyè di yo konsa: “Mesye, m pral lapèch wi.”

Yo di l: “Nou pral avèk ou.” Yo soti epi yo monte nan kannòt la. Men, tout nuit lan pase yo pa pran anyen.

Bonè nan maten, Jezi kanpe bò dlo a, men disip yo pa t konnen se te Jezi. Li di yo: “Mesye m yo,[c] nou pa gen anyen ki ka manje?”

Yo reponn li: “Non.”

Li di yo: “Voye filè a bò dwat kannòt la, n ap jwenn kèk pwason.” Yo voye filè epi li te tèlman chaje ak pwason yo pa t kapab tire l.

Lè sa a, disip Jezi te renmen an di Pyè: “Se Senyè a!” Fini Simon Pyè fin tande se Senyè a, li foure rad sou li, li mare senti l, paske l pa t gen anyen sou li, li voye kò l nan lanmè a. Lòt disip yo vini avèk kannòt la, yo te rale filè a tou plen pwason, yo pa t lwen tè, yon san (100) mèt[d] konsa. Lè yo fin desann atè, yo wè dife bwa ki te gen pwason ap kuit sou li, epi te genyen kèk pen la tou. 10 Jezi di yo konsa: “Pote kèk nan pwason nou sot pran yo vini.”

11 Simon Pyè monte ankò nan kannòt la, li rale filè a atè, li te plen ak sansenkant twa gwo pwason. Epi menm avèk tout pwason sa yo, filè a pa t chire. 12 Jezi di yo konsa: “Mesye, vin manje.” Pa t gen youn nan disip yo ki te oze mande l ki moun li ye. Yo te konnen byen se te Senyè a. 13 Jezi vini, li pran pen, li ba yo. Li te fè menm bagay ak pwason an.

14 Se te twazyèm fwa Jezi te fè disip li yo wè l depi l te fin resisite a.

Jezi ap pale ak Pyè

15 Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè: “Simon, pitit Jan, èske ou renmen m plis pase moun sa yo?”

Li reponn: “Wi, Senyè, ou konnen m renmen w.”

Lè sa a, Jezi di l: “Pran swen mouton[e] m yo.”

16 Yon dezyèm fwa, Jezi di l: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?”

Li reponn: “Wi, Senyè, ou konnen m renmen w.”

Jezi di l: “Se pou ou yon bèje pou mouton m yo.”

17 Yon twazyèm fwa, li di: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?”

Pyè te tris paske Jezi te poze l menm kesyon an twa fwa: “Èske w renmen m?”

Li reponn: “Senyè, ou konnen tout bagay, ou byen konnen m renmen w.” Jezi di li: “Pran swen mouton m yo.” 18 An verite, an verite, mwen di w, lè ou te jenn gason, ou te mare senti w, ou ale kote ou vle. Men lè w vin granmoun, ou ap lonje men w epi se yon lòt moun k ap mare senti w pou ou, epi yo va mennen ou kote w pa ta vle ale. 19 Jezi te pale konsa pou l te kapab fè konprann kijan Pyè ta gen pou l mouri pou fè lwanj pou Bondye. Apre pawòl sa a, Jezi di li: “Swiv mwen.”

20 Pyè voye je gade dèyè, li wè disip Jezi te renmen an dèyè l, disip ki te panche kò l sou Jezi lè yo t ap manje a epi ki te di: “Senyè, kilès k ap trayi w la?” 21 Lè l wè li, Pyè di Jezi: “E li menm, Senyè, kisa k ap rive l?”

22 Jezi reponn li: “Si m vle l rete vivan jouktan m vini, ki mele w sa? Ou menm, se swiv pou ou swiv mwen.”

23 Se pawòl sa yo yo te pran pou yo fè bri kouri pami frè yo pou di disip sa a pa t ap janm mouri. Men Jezi pa t janm di li pa t ap mouri, men: “Si mwen vle l rete jouktan m vini, ki mele w.”

24 Se disip sa a ki rakonte bagay sa yo, epi ki ekri yo. Nou konnen sa li di se verite a.

25 Jezi te fè anpil lòt bagay ankò. Si yo ta ekri yo youn apre lòt, m panse lemonn antye pa ta kapab kenbe tout liv yo ta ekri.

Footnotes

  1. 21:1 lanmè Galile Yo di “Lak Tiberyad” tou.
  2. 21:2 Didim Vle di “Jimo”.
  3. 21:5 Mesye m yo Nan lang grèk la, li di “Timoun mwen yo”, menm jan yon papa ap pale ak pitit li. Jan itilize menm mo sa a nan menm sans lan (1 Jan 2:18; 3:7). Se pou montre kijan Jezi te gen anpil afeksyon pou disip li yo.
  4. 21:8 yon san (100) mèt Literalman, “200 koude”.
  5. 21:15 mouton Jezi itilize mo sa a epi mo “brebi” nan vèsè 16 ak 17 pou pale de disip li yo, menm bagay nan John 10.