Add parallel Print Page Options

Ofri pwòp lavi w bay bondye

Èske w konnen ki kote dispit yo soti? Ki kote kont soti epi vini nan mitan nou? Èske yo pa soti nan yon bann move lanvi k ap batay anndan nou? Nou vle pou n posede yon pil bagay, epi nou pa kapab genyen yo. Lè sa a, nou prèt pou touye moun. Nou jalou, epi nou pa kapab genyen sa n ta vle genyen. Lè sa a, nou nan lit, n ap bat kò nou. Nou pa jwenn sa nou ta vle, paske nou pa mande Bondye l! Nou mande epi nou pa jwenn anyen. Se paske nou mal mande! Nou mande sèlman paske nou vle fè gaspiyaj nan pran plezi.

Nou pa fidèl ak Bondye! Nou ta dwe konnen sa, lè nou renmen bagay ki nan mond lan, otomatikman nou rayi Bondye. Konsa, tout moun ki vle zanmi ak mond sa a, li vin lènmi ak Bondye. Èske w panse Bib la pa di anyen? Li di: “Lespri Bondye fè abite nan nou an vle se pou li sèl pou nou ye.”[a] Men, gras Bondye fè nou an pi gran toujou. Paske Bib la di:

“Bondye opoze ak ògeye yo,
    men li fè moun ki enb yo gras.”(A)

Enben, livre lavi w bay Bondye pou obeyi l. Fè opozisyon kont lespri mechan an, epi l ap kouri ale byen lwen w. Pwoche bò kote Bondye, l ap pwoche kote w tou. Netwaye lavi w, ou menm k ap komèt move zak yo. Retire peche nan lavi w,[b] ou menm k ap woule de bò ant Bondye ak mond lan. Pran konsyans lanmizè w, pran dèy, kriye, sispann ap ri, mete dlo nan je w pito, olye lajwa pito w chwazi tristès. 10 Bese tèt ou devan Senyè a, limenm l ap leve w.

Se pa ou menm ki jij la

11 Frè m ak sè m yo, se pa pou nou youn ap pale lòt mal. Si ou ap kritike yon frè w oubyen yon sè w, oubyen si w ap jije yo, se kritike w ap kritike epi w ap jije lalwa. Lè se kritike w ap kritike lalwa, ou pa yon moun k ap obeyi lalwa. Ou vin tounen yon jij pou lalwa. 12 Se sèl Bondye ki bay lalwa epi se li sèl ki jij. Se Bondye sèl ki kapab delivre oubyen touye. Ou menm, kisa w ye, ou menm k ap jije pwochen w lan?

Kite Bondye planifye lavi w

13 Kounye a, fè atansyon, ou menm k ap di: “Jodi a oubyen demen, nou pral nan tèl ou tèl vil, n ap rete la en an. Nou pral fè kòmès, nou pral fè kòb.” 14 Poutan, ou pa menm konnen sa k ap rive demen. Lavi w, se menm jan ak yon ti nyaj. Li parèt pou yo ti tan, apre sa, li disparèt. 15 Okontrè, ou ta dwe di: “Si Senyè a vle, n ap viv epi n ap fè sa oubyen sa.” 16 Poutan, ou ògeye, ou pretansye. Lè w ap lwanje tèt ou konsa, se pa bon ditou. 17 Lè yon moun konnen sa ki byen pou l fè a, epi li pa fè l, sa se yon peche li komèt.

Footnotes

  1. 4:5 Lespri Bondye … pou nou ye Kèk lòt jan nou kapab tradui vèsè sa a: “Lanmou Bondye genyen pou lespri li fè rete nan nou an fò anpil.” Oubyen “Lespri natirèl li fè rete nan nou an plen ak plen ak lanvi pou sa lòt moun genyen.” Gade nan Egz 20:5.
  2. 4:8 Retire peche nan lavi w Literalman, “lave men w yo.”

Submit Yourselves to God

What causes fights and quarrels(A) among you? Don’t they come from your desires that battle(B) within you? You desire but do not have, so you kill.(C) You covet but you cannot get what you want, so you quarrel and fight. You do not have because you do not ask God. When you ask, you do not receive,(D) because you ask with wrong motives,(E) that you may spend what you get on your pleasures.

You adulterous(F) people,[a] don’t you know that friendship with the world(G) means enmity against God?(H) Therefore, anyone who chooses to be a friend of the world becomes an enemy of God.(I) Or do you think Scripture says without reason that he jealously longs for the spirit he has caused to dwell in us[b]?(J) But he gives us more grace. That is why Scripture says:

“God opposes the proud
    but shows favor to the humble.”[c](K)

Submit yourselves, then, to God. Resist the devil,(L) and he will flee from you. Come near to God and he will come near to you.(M) Wash your hands,(N) you sinners, and purify your hearts,(O) you double-minded.(P) Grieve, mourn and wail. Change your laughter to mourning and your joy to gloom.(Q) 10 Humble yourselves before the Lord, and he will lift you up.(R)

11 Brothers and sisters, do not slander one another.(S) Anyone who speaks against a brother or sister[d] or judges them(T) speaks against the law(U) and judges it. When you judge the law, you are not keeping it,(V) but sitting in judgment on it. 12 There is only one Lawgiver and Judge,(W) the one who is able to save and destroy.(X) But you—who are you to judge your neighbor?(Y)

Boasting About Tomorrow

13 Now listen,(Z) you who say, “Today or tomorrow we will go to this or that city, spend a year there, carry on business and make money.”(AA) 14 Why, you do not even know what will happen tomorrow. What is your life? You are a mist that appears for a little while and then vanishes.(AB) 15 Instead, you ought to say, “If it is the Lord’s will,(AC) we will live and do this or that.” 16 As it is, you boast in your arrogant schemes. All such boasting is evil.(AD) 17 If anyone, then, knows the good they ought to do and doesn’t do it, it is sin for them.(AE)

Footnotes

  1. James 4:4 An allusion to covenant unfaithfulness; see Hosea 3:1.
  2. James 4:5 Or that the spirit he caused to dwell in us envies intensely; or that the Spirit he caused to dwell in us longs jealously
  3. James 4:6 Prov. 3:34
  4. James 4:11 The Greek word for brother or sister (adelphos) refers here to a believer, whether man or woman, as part of God’s family.