Add parallel Print Page Options

Se mwen menm, Jak, sèvitè Bondye ak Senyè Jezikris, ki voye salye nou.

Mwen voye lèt sa a pou tout pèp Bondye a[a] ki gaye toupatou sou latè.

Lafwa ak sajès

Frè m ak sè m yo, lè nou rankontre tout kalite pwoblèm nan lavi a, se pou n gade tèt nou kòm moun ki byenere. Paske, nou konnen sa, lè lafwa w rankontre eprèv, ou aprann gen pasyans nan soufrans yo. Lòske pasyans lan fè travay li nan ou, l ap pote bon rezilta. Ou ap vin yon moun ki gen matirite epi byen fòme. Ou ap vin egzateman jan Bondye vle w ye, san manke anyen.

Si yon moun pami nou ta renmen genyen sajès, li dwe mande Bondye l, epi Bondye ap bali l. Lè Bondye bay, li bay an kantite, san l pa fè moun nan repwòch. Men lè w mande Bondye, ou dwe fè l konfyans, san w pa gen dout sou li. Nenpòt moun k ap doute, li sanble ak gwo lanm lanmè yon van ap leve voye anlè. 7-8 Yon moun kon sa pa bezwen kwè l ap jwenn kèk bagay nan men Senyè a, se yon moun ki pa konnen sa l vle, k ap woule de bò.

Vrè richès

Yon frè ou yon sè ki pa rich, li ta dwe santi l fyè konsa, paske Bondye ba l yon plas ki enpòtan. 10 Yon frè ou yon sè ki rich, li dwe santi l fyè, lè sitiyasyon lavi a imilye l. Richès yo p ap fè yo viv pou tout tan, y ap disparèt menm jan ak flè pye bwa nan raje. 11 Solèy leve ak gwo chalè, li seche plant lan, flè a tonbe epi li pèdi tout bèlte l. Se menm jan an tou, gen yon jou, moun rich la ap pase ak tout aktivite l yo.

Tantasyon pa soti nan Bondye

12 Moun ki reziste anba gwo tantasyon lavi a, se moun ki byenere! Lè yo fin bay prèv lafwa yo konsa, Bondye ap rekonpanse yo ak kouwòn[b] lavi a. Se pwomès sa a Bondye fè tout moun ki renmen l yo. 13 Lè yon moun anvi fè yon bagay ki mal, li pa dwe di se Bondye k ap pouse l fè sa ki mal. Bondye pa kapab anvi fè sa ki mal epi li p ap tante pèsòn pou fè l fè sa ki mal. 14 Yon moun tante fè sa ki mal, lè l kite pwòp dezi l ki pa bon epi k ap mennen l epi trennen l. 15 Se move dezi sa a ki pran nesans nan moun nan epi fè l komèt peche a. Peche a menm grandi epi li mennen nan lanmò.

16 Frè ak sè byeneme m yo, an n pa twonpe tèt nou. 17 Tout bagay ki san fot, se nan Bondye l soti. Tout bon kado, se an wo nan syèl yo soti. Se Bondye ki bay yo. Se li ki kreye solèy la ak zetwal yo. Bondye pa konn chanje menm jan ak lonbraj limyè fè chanje, li pa menm konn varye nan pozisyon l. 18 Bondye te deside ban nou lavi[c] pa mwayen mesaj verite a. Li te vle pou nou pi enpòtan pou li pase tout sa li te kreye yo.

Tande epi obeyi

19 Tande sa, frè ak sè byeneme m yo: Se pou chak moun toujou prèt pou l koute, san l pa kouri pale, san l pa kouri fè kòlè. 20 Kout kòlè yon nonm fè pa ka ede Bondye fè jistis li. 21 Poutèt sa, voye jete tout sa ki pa bon, tout kalite move bagay w ap fè nan lavi w yo. Imilye w devan ansèyman Bondye ki te plante nan kè w la. Paske ansèyman sa a gen pouvwa pou l sove w.

22 Mete pawòl Bondye yo an pratik. Pa sèlman koute yo. Sinon, se twonpe w ap twonpe tèt ou. 23 Lè yon moun koute ansèyman pawòl Bondye yo, san l pa mete yo an pratik, se menm jan ak yon moun ki gade figi li nan yon glas epi ki wè kijan figi l ye. 24 Lè l fin i, li pati epi li bliye kijan figi l te ye. 25 Men, lè w plonje je w nan pawòl Bondye a ki libere moun, lè w fè atansyon ak sa l di, ou fè sa l mande w, se pa sèlman koute epi pou bliye, ou ap jwenn benediksyon Bondye nan tout sa w ap fè.

Pi bon fason pou adore Bondye

26 Ou kapab santi w ap sèvi Bondye byen. Men si w pa gen kontwòl lang ou, w ap twonpe tèt ou. Adorasyon w lan san valè. 27 Adorasyon Bondye vle a, men li: Pran swen òfelen yo ak vèv yo ki nan bezwen epi kenbe tèt ou pou w pa tonbe anba enfliyans mond lan. Se bon jan adorasyon kon sa Bondye aksepte.

Renmen tout moun

Frè m ak sè m yo, si nou kwè nan Jezikris, Senyè nou an, nou pa dwe aji avèk patipri nan mitan moun yo. An n sipoze yon moun ta rive nan reyinyon[d] nou yo. Moun sa a antre ak bèl bag an ò ansanm ak rad ki koute chè anpil. Menm lè sa a tou, yon pòv antre nan reyinyon an, li tou mal abiye. Ou akeyi avèk anpil respè moun ki pote bèl rad la, ou di l konsa: “Chita isit, nan plas donè sa a!” Epi ou di pòv la konsa: “Kanpe bò laba a!” Oubyen “Chita atè a, bò pye nou la a!” Lè w aji konsa, èske w pa fè patipri? Èske w pa fè yon jijman avèk yon kè mechan?

Koute m, frè m ak sè byenneme m yo! Èske Bondye pa chwazi moun pòv yo nan mond lan pou l fè yo rich nan lafwa epi pou yo resevwa wayòm li pwomèt moun ki renmen l yo? Men ou menm, ou meprize pòv yo! Poutan, ki moun k ap kraze w? Ki moun k ap trennen w devan tribinal yo? Se moun rich yo, pa vre? Èske se pa yo k ap ensilte bon non Senyè nou an?

Bib la di: “Renmen pwochen[e] w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.”(A) Sa a, se lalwa k ap gouvène tout lòt lwa yo. Si ou fè sa, ou aji byen. Men, si ou aji ak patipri, ou peche. Lalwa Bondye a kondane w, paske w dezobeyi l.

10 Nenpòt moun ki fè tout sa Lalwa mande, si li pa obeyi a kòmandman pou nou renmen pwochen nou yo, li vin koupab devant tout lalwa. 11 Menm Bondye ki di: “Pa fè adiltè”(B) a, se menm Bondye a ki di: “ou pa dwe touye moun.”(C) Lè sa a, si ou pa komèt adiltè, men ou touye yon moun, se devan tout Lalwa ou koupab.

12 Konsa, se pou n pale epi viv menm jan ak moun ki konnen yo pral jije l devan lalwa ki ban nou libète. 13 Paske lè jou jijman an va rive, p ap gen pitye pou moun ki pa gen pitye pou lòt moun yo. Men moun ki jwenn mezerikòd Bondye, li pa pè jou jijman an.

Lafwa ak bòn zèv

14 Frè ak sè m yo, si yon moun di li gen lafwa men li pa fè zèv, lafwa sa a pa vo anyen. Yon kalite lafwa kon sa pa kapab sove pèsòn. 15 Ann sipoze yon frè oubyen yon sè ki vin kote w pa gen rad pou l mete oubyen manje pou l manje. 16 Epi ou di l konsa, “Bondye avè w! Mwen swete ou jwenn rad pou ou mete ak anpil manje pou ou manje,” men ou pa ba li bagay sa yo li bezwen. Si ou pa ede l, pawòl ou yo pa vo anyen. 17 Se menm bagay ak lafwa. Si se sèlman lafwa epi pa gen anyen ankò, li pa fè anyen, se yon lafwa ki mouri.

18 Men gen moun k ap bay agiman yo, “Gen moun ki gen lafwa, epi lòt yo gen bòn zèv.” Repons mwen se ta pou m di yo, ou pa kapab montre m lafwa san ou pa fè anyen. Men mwen menm m ap montre w lafwa pa mwayen bòn zèv mwen fè. 19 Ou kwè gen yon sèl Bondye. Se byen, men menm demon yo kwè sa tou! Epi yo pran tranble ak laperèz.

20 Sanble ou pa byen nan tèt! Yon lafwa ki pa fè anyen pa vo anyen. Èske w vle m pwouve sa? 21 Papa nou Abraram te vin konsidere kòm moun dwat devan Bondye poutèt sa l te fè. Li te bay Bondye pitit li Izaak sou yo lotèl. 22 Konsa, ou wè lafwa Abraram ak sa l di travay ansanm. Lafwa li te bon nèt poutèt sa l te fè. 23 Sa montre vrèman sa Bib la di a, “Abraram te konfye l nan Bondye, epi poutèt li te kwè, Bondye te aksepte l pou moun ki fè sa ki dwat devan l.”(D) Yo te rele Abraram “Zanmi Bondye”.(E) 24 Konsa ou wè yon moun vin moun dwat devan Bondye poutèt sa li fè. Li pa vin yon moun dwat poutèt lafwa l sèlman.

25 Yon lòt egzanp se Raab. Se yon pwostitye l te ye, men li te vin tounen yon moun dwat devan Bondye poutèt yon bagay li te fè. Li te ede moun ki t ap espyone pou pèp Bondye a. Li te resevwa yo lakay li epi li te ede yo chape pa yon lòt chemen.[f]

26 Yon kò moun ki pa gen souf ladan, se yon mò. Se menm bagay la pou lafwa. Yon lafwa ki pa fè anyen se yon lafwa ki mouri!

Genyen kontwòl sou pawòl nou

Frè m ak sè m yo, se pa yon pil nan nou ki dwe anseye. Mwen di sa paske, kòm nou konnen, nou menm k ap anseye, jijman pa nou ap pi rèd pase jijman pa lòt yo.

Nou tout fè anpil fot. Si yon moun pa janm fè fot an pawòl, se yon moun ki pafè. Li kapab gen kontwòl sou tout kò li. Nou mete mò nan bouch chwal yo, pou fè yo obeyi nou. Konsa nou kapab dirije tout kò yo. Gade bato yo! Yo gwo, epi se gwo van ki gen anpil fòs ki fè yo mache. Poutan, se avèk yon ti moso bwa yo dirije yo epi yo ale kote pilòt la vle. Lang nou se menm jan an. Se yon pati ki tou piti nan kò a. Poutan, li kapab fè lwanj kantite gwo bagay li lakoz.

Gade sa, yon ti dife tou piti kapab boule yon gwo rak bwa. Lang lan tou, se kòm yon ti dife, se ladan nou jwenn tout sa ki pa bon. Li se yon pati nan kò nou, epi se li ki sal tout kò nou nèt. Lang nou mete dife nan lavi nou, depi nou fèt jouk tan nou mouri. Dife sa a, se dife lanfè a ki nan lang lan.

Lèzòm kapab fè tout kalite zannimo obeyi yo: bèt sovaj, zwazo, sèpan epi pwason. Men lang lan sovaj, pèsòn pa ka fè l obeyi! Li yon move bagay li ye, li plen ak yon pwazon ki bay lanmò. Avèk lang nou, nou chante louwanj pou Senyè a, Papa nou. Avèk lang nou tou, nou modi moun yo Bondye te kreye dapre limaj li. 10 Benediksyon ak malediksyon soti nan menm bouch la! Frè m ak sè m yo, sa pa dwe konsa! 11 Èske yon sèl sous kapab bay dlo dous ak dlo anmè an menm tan? 12 Èske yon pye fig kapab donnen zoliv? Èske ou kapab keyi fig sou yon pye rezen? Se menm jan an tou, yon sous dlo sale pa kapab bay dlo dous.

Bon sajès la

13 Èske gen moun pami nou ki reyèlman saj, yon moun ki vrèman gen bon konprann? Alò, li dwe manifeste sa nan yon bon konpòtman, nan sa l ap fè avèk imilite epi ak sajès. 14 Men si w gen nan kè w yon jalouzi anmè, yon lanvi egoyis ak lanbisyon, pa fè lwanj di ou saj. Pa bay manti konsa! 15 Sajès sa a, se pa nan syèl li soti. Li soti sou latè, se sajès lèzòm, se yon sajès dyabolik. 16 Paske, kote k gen jalouzi ak lanbisyon pou pase devan lòt moun, sa fè dezòd ansanm ak tout move zak. 17 Men, sajès ki soti nan syèl la, li soti nan yon kè ki pwòp. Epi l ap pote lapè ak dousè. L ap chache ini moun. Li plen ak bonte. Li fè anpil bon bagay. Li pa nan patipri, li pa ipokrit. 18 Moun ki renmen simen lapè toupatou kote yo ye, gen pou yo rekòlte fui la jistis.

Footnotes

  1. 1:1 pèp Bondye a Literalman, “douz tribi yo”. Se yon deskripsyon pou pèp Bondye a nan Ansyen Testaman an. Li pwobab pou Jak itilize tit sa a pou l pale de Jwif ki kwè nan Jezikris yo, men ki toujou fè pati Sinagòg Jwif la.
  2. 1:12 kouwòn Yon kouwòn yo te fè ak fèy oubyen branch bwa yo te konn mete sou tèt moun ki te ranpòte laviktwa nan konpetisyon atletik yo pou onore yo. Se yon senbòl laviktwa epi se yon rekonpans.
  3. 1:18 ban nou lavi Literalman, “se ban nou nesans”.
  4. 2:2 reyinyon Literalman, “nan sinagòg nou yo”.
  5. 2:8 Renmen pwochen Oubyen “lòt moun yo”. Ansèyman Jezi bay nan Lik 10:25-37 fè nou konprann sa vle di nenpòt moun ki nan bezwen.
  6. 2:25 Kw Raab sa a nou jwenn li nan Joz 2:1-21.