Add parallel Print Page Options

Tantasyon pa soti nan Bondye

12 Moun ki reziste anba gwo tantasyon lavi a, se moun ki byenere! Lè yo fin bay prèv lafwa yo konsa, Bondye ap rekonpanse yo ak kouwòn[a] lavi a. Se pwomès sa a Bondye fè tout moun ki renmen l yo. 13 Lè yon moun anvi fè yon bagay ki mal, li pa dwe di se Bondye k ap pouse l fè sa ki mal. Bondye pa kapab anvi fè sa ki mal epi li p ap tante pèsòn pou fè l fè sa ki mal. 14 Yon moun tante fè sa ki mal, lè l kite pwòp dezi l ki pa bon epi k ap mennen l epi trennen l. 15 Se move dezi sa a ki pran nesans nan moun nan epi fè l komèt peche a. Peche a menm grandi epi li mennen nan lanmò.

16 Frè ak sè byeneme m yo, an n pa twonpe tèt nou.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:12 kouwòn Yon kouwòn yo te fè ak fèy oubyen branch bwa yo te konn mete sou tèt moun ki te ranpòte laviktwa nan konpetisyon atletik yo pou onore yo. Se yon senbòl laviktwa epi se yon rekonpans.