Jòb 4-31
Haitian Creole Version
4 ¶ Elifaz, moun Teman an, pran lapawòl, li di konsa:
2 -Jòb, si m' pale avè ou, ou p'ap fache, vye frè? Mwen pa ka pa pale.
3 Yon lè, se ou ki te konn moutre moun anpil bagay, se ou ki te konn bay moun fòs lè yo fèb.
4 Pawòl nan bouch ou te yon ankourajman pou moun ki te dekouraje. Ou te ede yo kanpe sou de pye yo ankò.
5 Koulye a, paske se tou pa ou, ou pèdi tèt ou. Malè tonbe sou ou, w'ap depale.
6 W'ap sèvi Bondye, ou fèt pou genyen l' konfyans. Ou mennen bak ou byen, ou pa fèt pou dekouraje.
7 ¶ Repase tèt ou byen. Ou janm konnen yon inonsan ki mouri mal? Ou janm wè yo touye yon moun ki mache dwat?
8 M'ap di sa m' wè ak je m': Moun ki kouve mechanste nan kè yo epi k'ap mache bay moun lapenn, se mechanste ak lapenn yo rekòlte.
9 Lè Bondye fache, li soufle sou yo, yo mouri. Lè van tanpèt Bondye a leve, yo disparèt.
10 Mechan yo rele kou lyon, yo gwonde kou bèt sovaj. Men, Bondye fèmen bouch yo, li kase dan nan bouch yo.
11 Yo mouri tankou lyon ki pa jwenn bèt pou yo manje. Tout pitit yo gaye nan bwa.
12 ¶ Yon lè, mwen tande Bondye t'ap pale tou dousman nan zòrèy mwen. Mwen pa t' fin tande nèt sa li t'ap di.
13 Tankou yon move rèv nan mitan lannwit, li mete yon bann vye lide nan tèt mwen. M' pa ka dòmi tèlman mwen pè.
14 Mwen pran tranble, mwen santi yon frison mache nan tout kò m'. Tout zo nan kò m' ap krake.
15 Yon souf pase bò figi m', tout cheve nan tèt mwen kanpe.
16 Mwen rete konsa mwen wè yon moun kanpe devan m'. Mwen pa t' rekonèt ki moun li ye. Men, fòm moun lan te la devan je m'. Mwen pa tande yon ti bri menm. Apre sa, mwen tande yon vwa ki t'ap pale tou dousman, li t'ap di:
17 Ki moun ki ka di li mache dwat devan Bondye? Ki moun ki san repwòch devan Bondye ki kreye l' la?
18 Bondye pa janm fin fye sèvitè l' yo nèt. Ata zanj li yo, li jwenn bagay pou l' repwoche yo.
19 Ale wè atò pou moun ki fèt ak labou, pou moun ki soti nan pousyè tè, pou moun yo kapab kraze tankou poudbwa!
20 Yon sèl jou kont pou yo tounen pousyè, yo disparèt nèt. Pesonn pa wè sa.
21 Yo rete konsa yo kase kòd. Yo mouri san yo pa janm rive fin gen bon konprann.
5 ¶ Rele non, Jòb! W'a wè si gen moun k'ap reponn ou! Ak kilès nan zanj Bondye yo ou ta vle pale?
2 Se moun fou ki kite chagren ap minen yo. Se moun sòt ki kite move san touye yo.
3 Mwen menm, mwen wè moun fou ki te kwè zafè yo bon. M' rete konsa, mwen wè madichon tonbe sou kay yo.
4 Pitit yo pa ka jwenn yon moun pou pwoteje yo. Pa gen pesonn pou pran defans yo nan tribinal.
5 Se moun grangou ki pral manje rekòt jaden yo. Yo pral pran ata sa ki donnen nan raje pikan. Se moun akrèk ki pral mete men sou tout byen yo.
6 ¶ Non. Lafliksyon pa tonbe sou moun konsa konsa. Ni moun pa rete konsa pou l' tonbe anba soufrans.
7 Menm jan tensèl dife fèt pou vole, konsa tou, moun fèt pou soufri.
8 Si m' te nan plas ou, Job, se Bondye m' ta rele. Mwen ta mete sitiyasyon an devan l'.
9 Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte.
10 Li voye lapli sou latè, li wouze tout jaden.
11 Moun ki t'ap mache tèt bese yo, se li menm ki fè yo leve tèt yo. Se li menm ki konsole moun ki te nan lapenn yo.
12 Li gate mannigèt bakoulou yo. Li pa janm kite yo rive fè sa yo te mete nan tèt yo.
13 Li pran moun entelijan yo nan pèlen yo te tann. Li pa kite mètdam yo reyalize plan yo te fè.
14 Gwo lajounen y'ap bite tankou nan fènwa. Gwo midi, y'ap tatonnen tankou nan mitan lannwit.
15 Men, Bondye sove pòv la anba dan yo. Li delivre malere anba ponyèt grannèg k'ap peze yo.
16 Li bay pòv yo espwa. Li fèmen bouch mechan yo.
17 ¶ Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye ap korije l'! Lè Bondye ki gen tout pouvwa a ap pini ou, pa pran sa an jwèt!
18 Lè li blese ou, se li menm ankò k'ap mete renmèd pou ou. Lè li frape ou, se li menm ankò k'ap geri ou.
19 Lapo delivre ou nan tout move pa. Ankenn malè p'ap tonbe sou ou.
20 Nan grangou, li p'ap kite ou mouri. Nan lagè, li p'ap kite yo touye ou.
21 L'a pwoteje ou anba kout lang. Ou p'ap bezwen pè lè w'a wè gwo malè ap pwoche.
22 W'a pase ni malè ni grangou nan rizib. Ou p'ap pè bèt nan bwa.
23 Jaden w'ap travay yo p'ap gen wòch ladan yo. Bèt nan bwa p'ap janm atake ou.
24 Lè sa a, w'a viv ak kè poze lakay ou. Lè w'a vizite pak zannimo ou yo, w'a kontan.
25 W'a gen anpil pitit. Y'a pouse tankou plant nan jaden.
26 Menm jan se lè mayi fin mi yo kase l', konsa tou se lè ou fin vye granmoun, w'a mouri.
27 Jòb monchè, nou te kalkile sou bagay sa yo anpil. Se konsa sa ye, tande. Pa fè tèt di. Asepte verite a.
6 ¶ Jòb pran lapawòl, li di konsa:
2 -Si yo te ka pran pèz lapenn mwen, si yo te ka peze tout malè mwen yo nan balans,
3 yo ta jwenn yo pi lou pase tout sab ki bò lanmè. Lè sa a, nou pa ta sezi tande m' pale jan m'ap pale a.
4 Bondye ki gen tout pouvwa a plante flèch li yo sou mwen. Pwazon yo a anvayi tout kò m'. Bondye voye sou mwen tout kalite malè pou fè kè m' kase.
5 Bourik mawon pa ranni lè li gen zèb pou l' manje. Ni bèf pa rele lè li gen manje devan l'.
6 Moun pa manje manje ki san gou, manje ki san sèl. Blan ze pa gen bon gou nan bouch.
7 Mwen pa menm gen apeti pou bagay konsa. Tou sa mwen manje fè kè m' tounen.
8 ¶ Si Bondye te ka ban mwen sa m' mande l' la! Si li te ka fè m' jwenn sa m'ap tann lan!
9 Si sèlman sa ta fè l' plezi pou l' touye m'! Si li ta vle lonje men l' pou l' disparèt mwen!
10 Se ta va yon gwo konsolasyon pou mwen. Malgre tout soufrans mwen yo, mwen ta danse, mwen ta fè fèt, paske mwen konnen mwen pa janm dezobeyi lòd Bondye ki apa a bay.
11 Mwen pa gen fòs pou m' tann ankò. Pa gen ankenn espwa pou mwen. Sa m' bezwen viv toujou fè?
12 Se pa wòch mwen ye. Se pa bout fè kò m' ye.
13 Mwen pa gen fòs ankò pou m' kenbe. Kote m' vire, mwen pa jwenn sekou.
14 ¶ Nan tray m'ap pase koulye a, mwen bezwen bon zanmi ki pou soutni m', menm si mwen ta vire do bay Bondye.
15 Men, frè m' yo, nou p'ap di m' anyen la a. Nou tankou ravin chèch ki pa gen dlo depi lapli pa tonbe.
16 Nan sezon fredi, lè lanèj ap fonn, yo plen dlo sal ki frèt kou glas.
17 Men, nan sezon lesèk, pa yon gout dlo! Chalè solèy la cheche yo nèt.
18 Bann vwayajè yo kite chemen yo pou y' al dèyè dlo. Yo pèdi nan dezè a. Yo mouri.
19 Vwayajè ki soti nan peyi Cheba ak nan peyi Saba ap touye tèt yo chache dlo.
20 Yo pa ka jwenn. Rive devan ravin lan, yo pa konn sa pou yo fè.
21 Wi, mezanmi. Nou tankou yon ravin chèch pou mwen. Nou wè nan ki eta mwen ye, nou pè, n'ap renka kò nou dèyè.
22 ¶ Eske m' te mande nou pou nou fè m' kado kichòy? Osinon pou nou fè yon moun kado pou mwen nan sa nou genyen?
23 Eske mwen te mande nou pou nou vin wete m' anba grif yon lènmi, osinon pou nou delivre m' anba men yon moun k'ap fè m' soufri?
24 Bon. Pale avè m'. Si m' antò, fè m' wè kote m' antò a. Lè sa a, m'a pe bouch mwen. M'a koute nou.
25 Pawòl ki pale verite bon pou tande. Men, m' pa wè sa nou vle di m' la a.
26 Ou di mwen fin dekouraje. Se depale m'ap depale. Poukisa atò w'ap kritike pawòl mwen yo konsa?
27 Konsa tou, ou ta rive jwe lajan sou tèt timoun san papa. Ou ta fè lajan sou tèt bon zanmi ou.
28 Koulye a, monchè, tanpri, gade m' nan je. Mwen p'ap ba ou manti.
29 Tounen non! Pa fè m' lenjistis sa a! Tounen, mwen di ou. Se kòz mwen m'ap defann.
30 Eske se manti m'ap bay? Dapre nou, mwen pa konnen sa ki byen ak sa ki mal?
7 ¶ Lavi yon nonm sou latè, se tankou sèvis militè l'ap fè. Li tankou moun k'ap vann jounen!
2 Li tankou yon esklav k'ap tann lannwit pou l' poze, tankou yon travayè k'ap tann kòb jounen travay li.
3 Depi kèk mwa, m' pa wè poukisa m'ap viv. Tout lannwit se soufri m'ap soufri.
4 M' poko kouche nan kabann mwen, m'ap mande kilè pou l' jou. Nwit la long. M' pa ka dòmi, yon bann vye lide ap pase nan tèt mwen jouk solèy leve.
5 Tout kò m' plen vè ak gwo plak bouton toupatou. Po m' fann fann, l'ap bay postim.
6 Jou m' yo pase pi vit pase zegwi nan men moun k'ap maye senn. Yo disparèt, pa gen anyen m'ap tann ankò.
7 ¶ Bondye o! Pa bliye, lavi m' tankou yon nwaj k'ap pase. Lè m'a fèmen je m', mwen p'ap janm kapab jwi lavi a ankò.
8 Ou wè m' koulye a, men ou p'ap janm wè m' ankò. W'a chache m', ou p'ap jwenn mwen.
9 Tankou yon nwaj ki ale nèt, ki disparèt, lè yon moun mouri, pa gen leve pou li ankò.
10 Li p'ap janm tounen lakay li. Moun lakay li tou bliye l'.
11 Se poutèt sa, m' pa ka pa pale. Kè m' sere. Kite m' pale pale m'. Lapenn kaye nan kè m'. Kite m' plenyen plenyen m'.
12 Poukisa ou mete moun veye m' konsa? M' pa lanmè. M' pa gwo bèt lanmè.
13 M' te di nan kè m': M' pral lage kò m' yon kote. M'a pran yon ti kanpo. Si m' dòmi, m'a jwenn yon ti soulajman!
14 Men, ou fè m' fè yon bann vye rèv k'ap fè m' pè. M'ap fè yon bann vye vizyon k'ap fè m' tranble.
15 Lè konsa, pito moun te trangle m'. Pito m' te mouri pase pou m' soufri tout doulè sa yo.
16 Se fini m'ap fini. Fòk mwen mouri yon jou! Kite m' pou kont mwen. Lavi m' prèt pou bout!
17 ¶ Kisa lèzòm ye pou ou pran ka yo konsa? Kisa yo ye menm pou w'ap okipe yo konsa?
18 Chak maten ou pase wè jan yo ye. Chak lè, w'ap gade nan fon kè yo, w'ap sonde yo.
19 Kilè w'a sispann gade m'? Ban m' yon ti souf non kont pou m' vale krache m'!
20 Si m' fè peche, kisa m' fè ou? Di m' non, ou menm k'ap veye tou sa moun ap fè? Poukisa w'ap plante tout flèch ou yo nan kò m' konsa? Poukisa ou fè m' tounen yon chay pou ou?
21 Se sipòte ou pa ka sipòte ankò sa mwen fè ki mal? Se padonnen ou pa ka padonnen peche m' yo? Talè konsa mwen pral anba tè. W'a chache m', ou p'ap jwenn mwen ankò.
8 ¶ Lè sa a, Bildad, moun peyi Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:
2 -Kilè w'a sispann pale jan w'ap pale a? Se bri ase w'ap fè tankou kalbas gran bouch!
3 Bondye pa nan lenjistis. Bondye ki gen tout pouvwa a ap toujou fè sa ki dwat.
4 Si pitit ou yo te dezobeyi lòd li yo, li fè yo peye sa yo fè a.
5 Ou menm menm, rele Bondye. Lapriyè nan pye Bondye ki gen tout pouvwa a.
6 Si li pa gen anyen pou l' repwoche ou, si ou toujou mache dwat devan li, lè sa a, ou mèt sèten, l'a fè kichòy pou ou, l'ap renmèt ou tou sa ou te genyen.
7 Tou sa ou te gen anvan an p'ap anyen devan sa Bondye pral ba ou a.
8 ¶ Chache konnen sa ki te pase nan tan lontan. Gade sa ki te rive zansèt nou yo.
9 Nou menm, nou se moun ayè. Nou pa konn anyen. Se pase n'ap pase sou tè a.
10 Men, granmoun tan lontan yo va moutre ou anpil bagay. Y'a pale avè ou. Tande sa y'ap di ou.
11 Se nan marekay ou jwenn jon. Wozo pa pouse kote ki pa gen dlo.
12 Nan tan chechrès, li te mèt tou piti, tou vèt, lè lesèk tonbe, anvan menm yo koupe l', premye zèb ki fennen se li menm.
13 Se menm bagay la tou pou moun ki bliye si gen Bondye. Moun ki vire do bay Bondye p'ap jwenn sa y'ap tann lan.
14 Konfyans yo pa chita sou anyen. Se tankou si y'ap apiye sou bwa pouri.
15 Si yo panche sou li, li ale. Si yo kenbe l' fò, y'ap blayi atè ansanm avè l'.
16 Mechan yo pouse tankou move zèb nan solèy. Yo pran tout jaden an pou yo.
17 Rasin yo mache nan mitan tout fant wòch yo. Se la yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv.
18 Rache ou rache yo pa gen moun ki pou konnen kote yo te ye a.
19 Talè konsa, l'ap pouri bò chemen an. Se lòt k'ap pouse nan plas li.
20 ¶ Non, monchè! Bondye pa janm lage moun ki kenbe pye l' fèm. Ni li pa janm lonje men l' pou l' soutni mechan yo.
21 L'a fè kè ou kontan ankò, bouch ou pral chante bèl chante pou li.
22 Men, l'ap fè moun ki pa vle wè ou yo wont. Fanmi mechan yo va disparèt.
9 ¶ Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa:
2 -Wi, mwen konnen se konsa sa ye. Men, ki jan pou yon moun ka gen rezon devan Bondye?
3 Si li vle plede ak Bondye, Bondye ap mande l' venmil keksyon, li p'ap ka reponn yonn menm.
4 Bondye sitèlman gen bon konprann, li sitèlman gen fòs, pa gen moun ki ka kenbe tèt avè l' pou yo pa peye sa.
5 Li deplase mòn yo lè lide l' di l'. Lè li an kòlè, li voye yo jete byen lwen.
6 Bondye fè tè a tranble kote l' chita a. Li souke poto ki soutni l' yo.
7 Li annik bay yon lòd, epi solèy la pa leve. Li fè zetwal yo pa klere lannwit.
8 Li te pou kont li lè li t'ap louvri syèl la anwo tè a. Li mache sou lanmè a jan li vle.
9 Se li ki fè zetwal yo: Gwo Kabwèt la, Oryon, Lapousiyè ak zetwal Sid yo.
10 Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte.
11 Bondye te mèt ap pase toupre m', mwen pa ka wè l'. Li glise kò l', li ale.
12 Li pran sa l' bezwen. Pa gen moun ki pou enpoze l' fè l'. Pa gen moun ki ka penmèt yo mande l': Sa w'ap fè la a?
13 Bondye pa ka kenbe kòlè l' ankò! Li fè tout patizan Raab yo bese tèt devan li.
14 ¶ Se mwen menm atò ki pou ta kenbe tèt avè l'? Se mwen menm atò ki pou ta plede avè l'?
15 Menm si m' te gen rezon, sa m' bezwen defann tèt mwen fè? Se li k'ap jije m', se padon ase pou m' mande l'.
16 Menm si li ta reponn mwen lè m' rele l', mwen pa kwè li ta koute sa m'ap di l'.
17 Li rete konsa li kraze m' pou anyen. Li blese m' nan tout kò m', san m' pa fè anyen.
18 Li pa ban m' tan pou m' pran yon ti souf menm. Li voye malè sou mwen yonn apre lòt.
19 Mwen ta seye fè fòs avè l'? Fòs, se nan men l' sa ye. Mwen ta rele l' tribinal? Ki jij ki va voye manda ba li?
20 M' te mèt gen rezon, pawòl nan bouch mwen ap kondannen m'. M' te mèt inonsan, tou sa m'ap di ap ban m' tò.
21 Eske m' inonsan? M' pa menm ka di sa. Lavi pa di m' anyen ankò!
22 ¶ Si gen yon bagay m' ka di: inonsan ou koupab, se menm bagay. Bondye ap toujou detwi nou.
23 Si yon malè konmanse ap simen lanmò, inonsan te mèt ap rele, Bondye ri sa.
24 Lè yon peyi tonbe anba men moun ki mechan, Bondye bouche je tout jij yo. Si se pa li ki fè sa, ki moun ki pou fè l'?
25 ¶ Jou yo pase pou mwen pi vit pase dlo larivyè. Pa gen yonn ki ban m' kè kontan.
26 Yo kouri tankou bwa fouye sou larivyè, tankou malfini k'ap plonje sou ti poul.
27 Si mwen di: Bon. M' p'ap plenyen ankò. M'ap chanje figi m', m'ap fè yon ti ri,
28 soufrans yo vin pi rèd sou mwen. Mwen pè, paske mwen konnen pou Bondye mwen pa inonsan.
29 Si m' antò, sa m' bezwen bat kò m' pou gremesi fè?
30 Pa gen dlo ki ka lave m'. Pa gen savon ki ka blanchi m'.
31 Bondye voye m' jete nan yon pil fatra. Ata rad m' pa ka mete sou mwen.
32 Men, Bondye pa yon moun tankou m'. M' pa ka diskite avè l'. Nou pa ka al lajistis.
33 Pa gen moun ki ka mete ola nan koze a. Pa gen moun ki ka jije m' ansanm avè l'.
34 Pa gen moun ki ka kenbe men l' pou li sispann fè m' pè.
35 Men, mwen pa pè l'. M'ap pale, paske se mwen ki konnen sa ki nan kè m'.
10 ¶ M' degoute ak lavi a. M' pa ka kenbe ankò. Kite m' plenn sò mwen! Kite m' di tout lapenn ki nan kè mwen!
2 M'a di Bondye: Tanpri, pa kondannen m'. Fè m' konnen poukisa ou leve dèyè m' konsa.
3 Eske ou gen rezon pou ou fè m' tou sa w'ap fè m' lan, pou ou meprize sa ou fè ak men ou, pou ou ri lè mechan yo ap fè konfyolo yo?
4 Eske ou wè sa k'ap fèt sou latè tankou nou menm moun nou wè l' la?
5 Lavi ou pa tankou lavi pa nou. Nou gen pou nou mouri, ou menm w'ap toujou la.
6 W'ap chache dènye ti peche moun fè. Ou dèyè pou ou konnen tou sa mwen fè ki mal.
7 Ou konnen m' pa antò. Pa gen moun ki ka sove m' anba men ou!
8 ¶ Se ak men ou ou te fè m'. Se avè l' ou te ban m' fòm mwen. Epi se ak menm men sa yo ou vle detwi m' ankò?
9 Chonje se ou menm ki fè m' ak labou tè wouj. Koulye a, ou pral kraze m' fè m' tounen pousyè?
10 Se ou menm ki bay papa m' fòs pou li fè m'. Ou fè m' devlope nan vant manman mwen.
11 Ou fè tout zo ak tout venn nan kò m'. Ou kouvri yo ak vyann epi ak po.
12 Lèfini, ou fè m' kado lavi. Ou veye avèk prekosyon pou m' pa mouri.
13 Men, ou te gen yon lòt lide dèyè tèt ou. Koulye a, mwen konnen ou te pare yon lòt bagay pou mwen.
14 ¶ Ou t'ap veye m' pou wè si m' t'ap fè sa m' pa t' dwe fè. Ou pa t'ap kite anyen pase pou mwen.
15 Si m' antò, zafè m' pa bon! Mwen te mèt inonsan, m' pa ka leve tèt devan ou. Mwen wont, se yon pòv malere mwen ye devan ou.
16 Si m' leve tèt mwen, ou fann dèyè m' tankou yon lyon dèyè bèt pou l' manje. Ou rive fè mirak pou ou ka fè m' lapenn.
17 Ou toujou pare pou fè yon atak sou mwen. Chak jou w'ap vin pi ankòlè. Se san pran souf w'ap voye lafliksyon sou mwen yonn apre lòt.
18 Bondye, poukisa ou te kite m' soti nan vant manman m'? Mwen ta mouri anvan pesonn ta wè m'.
19 Soti nan vant, ale nan simityè, se tankou si m' pa t' janm fèt.
20 Mwen pa rete lontan pou m' viv ankò. Kite m' pou kont mwen! Ban m' yon ti kanpo. Kite m' jwi de twa jou ki rete m' yo non!
21 Talè konsa mwen prale pou m' pa janm tounen. Mwen prale nan peyi kote ki fè nwa a, kote moun pè a,
22 nan peyi kote se fènwa ak dezòd ase ki gen toutan, kote menm gwo lajounen fè nwa tankou lannwit!
11 ¶ Lè sa a, Sofa, moun Naama a, pran lapawòl, li di konsa:
2 -Atò pesonn p'ap reponn gwo paladò sa a? Pale anpil pa ka bay moun rezon.
3 Pa konprann pale anpil ou a ka enpoze moun louvri bouch yo reponn ou. Paske w'ap pase moun nan betiz la, atò yo pa ka fè ou wont?
4 Ou pretann sa ou di a se verite. Pou ou, ou san repwòch devan Bondye!
5 Pa pito Bondye ta pale pou l' reponn ou!
6 Li ta fè ou wè gen anpil lòt bagay ou poko konnen, bagay moun pa ka konprann. Lè sa a, ou ta wè Bondye pa fè ou peye pou tou sa ou fè.
7 ¶ Ou konprann ou ka konnen sa ki nan kè Bondye, ou ka konnen tout bagay nèt sou Bondye ki gen tout pouvwa a?
8 Li pi wo pase syèl la. Sa ou ka fè pou sa? Li pi fon pase peyi kote mò yo ye a. Sa ou ka konnen la?
9 Li pi long pase longè tout tè a. Li pi laj pase lanmè a.
10 Si Bondye arete ou, li mete ou nan prizon, li trennen ou nan tribinal, ki moun ki ka di l' non?
11 Bondye konnen tout moun k'ap bay manti. Je l' byen louvri, li wè tout mechanste moun ap fè.
12 Konsa, moun fou va konmanse gen konprann. Bourik sovaj yo va donte.
13 ¶ Annou wè, monchè! Pran tèt ou! Louvri bra ou devan Bondye.
14 Sispann fè vye bagay k'ap sal men ou yo. Pa kite mechanste chita lakay ou.
15 Lè sa a, w'a leve tèt ou pou gade moun nan je. W'a byen fèm, ou p'ap pè anyen.
16 W'a bliye lapenn ou yo. Tankou yon inondasyon ki fin pase, ou p'ap chonje yo ankò.
17 Lavi ou pral klere pi bèl pase gwo solèy midi. Move pa yo pral tankou yon douvan jou.
18 Ou pral viv san kè sote. Ou p'ap dekouraje. Bondye va pwoteje ou, l'a ba ou kè poze.
19 Lè w'ap dòmi, pesonn p'ap deranje ou. Anpil moun va vin achte figi ou.
20 Men, mechan yo ap voye je yo bouske toupatou, yo p'ap jwenn kote pou yo chape kò yo. Sèl espwa yo, se lanmò y'ap tann.
12 ¶ Jòb pran lapawòl, li di:
2 -Apa nou k'ap pale pou pèp la! Mouri nou mouri, bon konprann kaba!
3 Men, mwen menm tou, mwen gen lespri menm jan avè nou. Mwen pa pi mal pase nou. Sa nou sot di la a, tout moun konnen l'.
4 Koulye a, menm zanmi m' ap pase m' nan rizib. Y'ap ri m', mwen menm yon moun Bondye pa gen anyen pou l' repwoche, yon moun Bondye te konn reponn lè m' rele l'.
5 Se konsa, moun ki pa nan pwoblèm meprize moun ki nan lafliksyon. Yo wè yon moun k'ap tonbe, yo ba l' bourad fè l' tonbe pi vit.
6 ¶ Piyajè yo byen trankil lakay yo. Moun k'ap fè Bondye fache yo ap viv alèz. Bondye yo se fòs ponyèt yo.
7 Manyè fè ti koze ak zannimo yo, ak zwezo yo. Yo gen anpil bagay pou yo moutre nou.
8 Bèt k'ap trennen sou vant va ban nou leson, pwason nan lanmè va di nou sa yo konnen.
9 Pa gen yonn ladan yo ki pa konnen se Bondye ki fè tout bagay ak men li.
10 Bondye gen nanm tout sa ki vivan nan men li. Wi, lavi tout moun nan men li.
11 Bèl pawòl fè plezi zòrèy menm jan bon manje gou nan bouch.
12 ¶ Yo di se vye granmoun ki gen konesans, se laj ki bay bon konprann.
13 Men, Bondye gen konesans, lèfini li gen pouvwa. Li gen bon konprann, lèfini li fè sa li vle.
14 Lè Bondye kraze yon bagay, pesonn pa ka refè l'. Lè li mete yon moun nan prizon, pesonn pa ka lage l'.
15 Lè li pa bay lapli, sèk tonbe sou latè. Lè li bay lapli, dlo fè dega toupatou.
16 Bondye gen fòs, li konn sa l'ap fè. Ni moun k'ap bay manti, ni moun k'ap pran manti, se anba ponyèt li yo ye.
17 Li fè moun k'ap bay konsèy yo pèdi tèt yo. Li fè chèf yo aji tankou moun fou.
18 Li wete tout pouvwa nan men wa yo. Li mare yon tanga nan ren yo jete yo nan prizon.
19 Li fè prèt yo mache pye atè. Li mete gwo zotobre atè!
20 Li fèmen bouch moun k'ap bay bon konsèy. Li fè granmoun yo depale.
21 Li fè pase grannèg yo nan betiz. Li wete pouvwa gwo chèf yo nan men yo.
22 Li klere twou fon kote ki fè nwa a, li mete twou lanmò a aklè.
23 Li fè nasyon yo fè pwogrè, lèfini, li fè yo deperi. Li fè yon pèp pran elan, lèfini, li fè l' disparèt.
24 Li fè chèf pèp yo pèdi tèt yo, li fè yo moute desann nan dezè, san yo pa konn kote yo prale.
25 Y'ap tatonnen nan fènwa, y'ap titibe tankou moun sou.
13 ¶ Wi, mwen wè tou sa ak de je m'. Mwen tande tou sa ak de zòrèy mwen epi mwen konprann.
2 Sa nou konnen an, mwen konnen l' tou. M' pa pi sòt pase nou.
3 Men, mwen menm, se ak Bondye ki gen tout pouvwa m' annafè. Se avè l' mwen vle pale pou m' defann kòz mwen.
4 Nou menm, kote nou pa konnen nou bay manti. Nou tankou dòktè ki pa janm geri pyès moun.
5 Pito nou pe bouch nou! Lè sa a, n'a pase pou moun ki gen bon konprann.
6 Koute sa mwen gen sou kè m'. Louvri zòrèy nou pou n' tande jan m' pral plede kòz mwen.
7 Se defann nou vle defann Bondye kifè n'ap bay tout manti sa yo, kifè n'ap pale kwochi konsa?
8 Se pou li n'ap pran? Se kòz li nou ranmase?
9 Pou li, li ta bon pou nou si li t'ap chache konnen sa nou gen nan fon kè nou! Pa konprann nou ka woule Bondye tankou nou woule moun!
10 Li ta regle nou byen regle, paske li ta tou wè se figi l' n'ap achte anba chal.
11 Nou pa pè gwo pouvwa Bondye a? Nou pa pè li kraze nou?
12 Bèl pawòl nou yo pa gen plis valè pase pousyè tè. Repons n'ap ban mwen yo pa kenbe, yo tankou miray sab.
13 ¶ Koulye a, pe bouch nou! Ban m' yon chans pou m' pale. Sa ki pou rive a te mèt rive!
14 Mwen mèt mouri! Zafè! M' mare ren m', m' sere dan m'!
15 Bondye te mèt touye m'. Sèl chans mwen se pou m' esplike avè l'.
16 Nou pa janm konnen, se sa ki ka sove m', paske moun ki fè mal pa ka parèt devan Bondye.
17 Koute byen sa m' pral di la a. Louvri zòrèy nou pou n' tande deklarasyon mwen.
18 M' pare pou m' defann kòz mwen, paske mwen konnen mwen nan dwa m'.
19 Bondye, èske se ou ki pral plede avè m'? M' tou pare pou m' pe bouch mwen, pou m' asepte lanmò m'.
20 De sèl ti chans ase m'ap mande ou. Apre sa, m' p'ap kache pou ou ankò.
21 Sispann leve men ou sou mwen. Sispann fè m' pè tout pè sa a.
22 Ou mèt pale anvan, m'a reponn ou. Osinon, kite m' pale anvan, w'a reponn mwen.
23 ¶ Konbe peche, konbe bagay mal mwen fè? Kisa m' fè mwen pa t' dwe fè? Kisa m' fè ki mal?
24 Poukisa w'ap kache pou mwen konsa? Poukisa ou fè tankou si se lènmi ou mwen ye?
25 Poukisa w'ap chache fè m' pè? Poukisa ou leve dèyè m' konsa? M' tou fini, m' tankou fèy bwa, tankou pay chèch van ap pote ale.
26 W'ap akize m' yon bann bagay k'ap fè m' mal. W'ap fè m' peye tou sa m' te fè lè m' te jenn gason.
27 Ou mete pye m' nan sèp. Ou veye tout vire tounen m'. Ou gade tout kote m'ap mete pye m'.
28 M'ap dekale tankou bwa pouri, tankou rad sizo ap manje.
14 ¶ Nou menm moun, se nan vant fanm nou soti. Lavi nou kout, men li pa manke traka!
2 Nou parèt tankou yon flè. Epi lamenm nou fennen. Nou disparèt tankou yon nwaj k'ap pase.
3 Epi, Bondye, se sa w'ap louvri je ou gade. Se sa w'ap fè kanpe devan ou pou jije l'?
4 Ki moun ki ka fè dlo pwòp soti nan yon sous sal? Pesonn moun.
5 Tan chak moun gen pou l' viv la fikse deja depi lontan. Kantite mwa li gen pou l' viv la, se nan men ou sa rete. Anyen pa ka chanje.
6 Tanpri, wete je ou sou mwen. Kite m' pran yon ti souf. Tankou moun ki fin pase yon jounen ap travay di, kite m' pran yon ti kanpo.
7 ¶ Toujou gen yon ti espwa pou yon pyebwa. Yo te mèt koupe l', l'ap toujou pouse ankò, li p'ap mouri.
8 Rasin li yo te mèt fin vye nan tè a, bout chouk la te mèt fin chèch,
9 depi li jwenn dlo, l'ap boujonnen, l'ap pouse kreyòl.
10 Men moun, depi yo mouri, yo tounen kadav. Lè yo kase kòd, ou pa wè kote yo fè.
11 Letan ka cheche, larivyè ka sispann koule.
12 Men, kote yon moun mouri kouche a, pa gen leve pou li ankò. Poul va fè dan anvan y'a leve vivan ankò, anvan y'a leve soti nan dòmi yo a.
13 Si sèlman ou ta vle kache m' nan peyi kote mò yo ye a? Si ou te ka kite m' la jouk kòlè ou la fin pase? Apre sa, ou ta fikse yon dat pou chonje m' ankò.
14 Men, sa m'ap di la a? Eske moun mouri ka leve? Sa pa fè anyen. Mwen ta tann move tan sa a fin pase, jouk sa ta bon pou mwen ankò.
15 Lè sa a, ou ta rele m', mwen ta reponn ou. Ou ta kontan wè sa ou te fè ak men ou lan.
16 ¶ Lè sa a, ou ta gade jan m'ap mache a, men, ou pa ta chonje sa m' te konn fè ki mal.
17 Ou ta padonnen m' peche m' yo, ou ta mare yo tout fè yon pakèt voye jete.
18 Rive yon lè se pou mòn yo anfale, se pou wòch yo woule desann.
19 Rive yon lè dlo ap fin manje wòch yo, lapli ap fin bwote tout tè a desann. Konsa tou, rive yon lè ou wete tout espwa nan kè moun.
20 Ou kraze yo nèt anba men ou, epi yo mouri. Ou fè moun pa ka rekonèt yo, epi ou voye yo ale.
21 Moun fè lwanj pitit mò yo, men mò yo menm yo pa konn anyen. Moun pase yo nan betiz, men yo menm, sa pa di yo anyen.
22 Yon sèl soufrans yo santi se sa k'ap manje yo nan tout kò yo a. Se pou tèt pa yo ase y'ap plenyen!
15 ¶ Fwa sa a, Elifaz, moun lavil Teman an, pran lapawòl ankò, li di konsa:
2 -Lè yon moun gen bon konprann, se pa avèk pawòl anlè pou li reponn. Li p'ap chita ap fè jazè.
3 Li p'ap rete ap defann tèt li ak mo ki pa vle di anyen, ak bèl diskou ki pa sèvi anyen.
4 Ou menm menm, ou al pi lwen. Dapre sa ou di la a, moun pa bezwen gen krentif pou Bondye ankò. Pa gen nesesite pou moun lapriyè Bondye.
5 Jan ou pale a, yo wè ou se yon moun ki mechan nan fon kè ou. Ou pale tankou moun k'ap kache yon bagay.
6 Se bouch ou menm k'ap kondannen ou. Se pa mwen. Se pawòl nan bouch ou menm k'ap fini avè ou.
7 Manyè di m' non: Eske se ou menm premye moun Bondye te fè? Eske ou te fèt anvan tout mòn yo?
8 Eske ou te la lè Bondye t'ap fè plan travay li, kifè ou konnen pase tout moun?
9 Kisa ou konnen nou menm nou pa konnen? Kisa ou konprann nou menm nou pa ka konprann?
10 Se nan bouch granmoun lontan, granmoun cheve blan ki pi gran pase papa ou nou pran tout konesans pa nou.
11 Poukisa ou pa asepte ankourajman Bondye voye ba ou a? Poukisa ou pa koute nou? N'ap pale byen dousman avè ou la a.
12 Men, gade jan ou move! W'ap louvri je ou sou nou!
13 W'ap pase kòlè ou sou Bondye. W'ap plede joure l'.
14 Ki jan ou ta vle pou moun san repwòch devan Bondye? Pou moun ki soti nan vant fanm gen rezon devan Bondye?
15 Ata zanj li yo, Bondye pa fè yo konfyans. Yo menm tou yo pa fin bon nèt nan je l'.
16 Ale wè atò pou moun, ki pèvèti, ki pa vo anyen, ki fè mechanste tankou yo bwè dlo!
17 ¶ Koulye a, Jòb, koute m'. Kite m' esplike avè ou! Mwen pral di ou sa mwen menm mwen wè.
18 Moun ki gen bon konprann moutre m' anpil verite. Yo pa t' kache m' anyen. Yo menm, se nan bouch granmoun lontan yo te pran l'.
19 Granmoun sa yo t'ap viv nan peyi Bondye te ba yo pou yo menm ase, san ankenn moun lòt nasyon pa t' mele ak yo.
20 Mechan yo pase tout lavi yo nan tèt chaje. Moun k'ap plede maltrete parèy yo p'ap viv lontan.
21 Rèl moun k'ap soufri yo ap kònen nan zòrèy yo. Lè zafè yo pi bon, se lè sa a vòlè tonbe sou yo.
22 Yo pa gen espwa chape nan fènwa a, paske manchèt pare ap tann yo.
23 Y'ap kouri adwat agoch, y'ap chache manje. Yo konnen wè pa wè y'ap pran yo.
24 Lanmò fè yo pè. Malè ak lafliksyon ap tonbe sou yo tankou yon wa ki tou pare pou batay.
25 Men sa k'ap tann moun k'ap lonje men nan figi Bondye, moun ki pa pè kenbe tèt ak Bondye.
26 Yo kache dèyè pwotèj anfe yo epi yo fonse sou Bondye.
27 Figi yo gra kou chat. Men gwosè vant yo ak grès!
28 Yo rete nan lavil ki fin kraze, nan kay moun kouri kite, kay ki fin tounen mazi.
29 Yo p'ap janm rich toutan. Sa yo genyen an la pou yon tan. Menm lonbray yo ap disparèt.
30 Yo p'ap ka kouri pou fènwa a. Y'ap tankou yon pyebwa dife boule tout branch li yo epi van bwote tout flè l' yo ale.
31 Yo pa bezwen konte sou pozisyon yo. Nou konnen sa p'ap sèvi yo anyen.
32 Anvan yo donnen, branch yo ap fennen. boujon yo p'ap pouse fèy ankò.
33 Y'ap tankou yon pye rezen ki pèdi tout grap rezen vèt yo, tankou yon pye oliv ki pèdi tout flè l'.
34 Wi, mechan yo p'ap gen pitit. Dife ap boule tout kay yo bati ak lajan yo volè.
35 Lè yon moun ap chache fè moun mal, se sou li malè a tonbe. Se pwòp tèt li l'ap twonpe.
16 ¶ Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa:
2 -Mwen bouke tande pawòl sa yo! Pase nou konsole moun, se plis lapenn n'ap ba yo.
3 Kilè n'a sispann tout pale anpil sa a? Sa k'ap pouse nou konsa? Nou toujou pare pou reponn moun!
4 Si m' te nan plas nou, epi nou menm nan plas mwen, m' ta ka pale jan nou pale a tou, m' ta pase nou nan yon wonn tenten, m' ta vide bèl diskou sou nou.
5 M' ta remoute kouraj nou ak konsèy, m' ta pale ak nou jouk nou ta soulaje.
6 ¶ Men, lè mwen pale, doulè a la pi rèd pou mwen. Lè mwen pa pale, se pa sa k'ap fè l' ban m' yon ti louga.
7 Koulye a, Bondye, se fini ou fini avè m'. Ou kite yo touye tout fanmi m'.
8 Ou mete men sou mwen, ou pa vle wè m' ankò. Mwen tounen zo ak po. Yo di se paske mwen antò ki fè sa rive m'.
9 Nan kòlè li, Bondye ap dechire m' moso pa moso. L'ap devore m' anba dan l'. L'ap louvri je l' sou mwen, li pa vle wè m'!
10 Moun prèt pou manje m'. Yo kouri sou mwen, y'ap joure m', y'ap touye m' anba souflèt.
11 Bondye lage m' nan men mechan yo. Li jete m' anba grif san manman yo.
12 Mwen t'ap viv tou dousman, li bouskile m'. Li pran m' dèyè nwa kou, li kraze m', li fè m' tounen jwèt li.
13 L'ap voye flèch li sou mwen kote m' vire. Li pèse tout kò m', li san pitye pou mwen, li mete san m' deyò.
14 Kote m' vire li blese m', li vare sou mwen tankou yon sòlda nan lagè.
15 Mwen fè rad sak mete sou mwen, mwen woule kò m' nan pousyè tèlman mwen te nan lapenn.
16 Je m' vin wouj afòs mwen kriye. Tout anba je m' gonfle vin tou nwa.
17 ¶ Men, mwen konnen mwen pa fè ankenn moun mechanste. Mwen lapriyè Bondye ak tout kè m'.
18 Ou menm latè, pa kache mizè mwen. Pa kite yo fèmen bouch mwen lè m'ap rele nan pye Bondye!
19 Paske mwen konnen gen yon moun nan syèl la k'ap kanpe pou mwen, gen yon moun anwo a k'ap pran defans mwen.
20 Zanmi m' yo ap pase m' nan betiz, men, m'ap kriye nan pye Bondye.
21 Mwen bezwen moun pou plede kòz mwen ak Bondye a, menm jan yon moun plede kòz zanmi l'.
22 M' pa lontan mouri. Mwen pral pran chemen kote moun pa janm tounen an.
17 ¶ Souf mwen prèt pou koupe. Mwen pa lwen mouri. Se pou simityè ase mwen bon.
2 Kote m' vire, se moun k'ap pase m' nan betiz. Vye pawòl jouman yo enpoze m' dòmi.
3 Ou mèt kwè m', Bondye! Se ou menm ankò ki pou bay garanti pou mwen. M' pa gen pesonn lòt ki ka tope ak yo.
4 Ou fèmen lespri yo pou yo pa konprann. Pa kite yo gen rezon sou mwen.
5 Pawòl la di: Yon moun ap fè gwo fèt pou zanmi l', epi pitit li yo ap mouri grangou anndan lakay li.
6 Yo fè koze sou mwen nan pèp la. Yo vin krache nan figi m'!
7 Mwen sitèlman nan lapenn, m' pa ka louvri je m'. Mwen fin tounen zo ak po. Ata lonbraj mwen pa fè!
8 Moun k'ap mache dwat yo sezi lè yo wè sa. Inonsan yo fin debòde sou mechan an ki vire do bay Bondye.
9 Moun k'ap mennen yon vi dwat, se yo ki gen rezon. Sa ki pa mete men yo nan ankenn move zafè kanpe pi rèd sou pozisyon yo.
10 ¶ Nou tout mèt vin kanpe devan m', mwen p'ap jwenn yonn ladan nou ki gen bon konprann.
11 Mwen fin viv! Tout plan m' te gen nan tèt mwen kraze. Mwen pa gen ankenn espwa ankò.
12 Yo pretann lannwit se lajounen. Lè fènwa, yo di limyè a pa lwen.
13 Se lanmò m'ap tann. Se al kouche nan simityè ki sèl espwa m'.
14 Mwen di tonm lan ou se papa m'. Mwen di vèmen ki pral manje m' yo: nou se manman m' ak sè m'.
15 Kote ki gen espwa pou mwen ankò? Ki moun ki wè yon bon lavi pou mwen ankò?
16 Lè m'a mouri, lè m'a fin desann nan peyi kote mò yo ye a, èske m'a ka pote espwa m' yo ansanm avè m'?
18 ¶ Bildad, moun peyi Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:
2 -Jòb monchè, ou pa ka pe bouch ou yon ti kadè? Si ou te fè yon ti sispann, nou ta pale avè ou!
3 Poukisa ou pran nou pou moun san konprann? Poukisa ou pran nou pou zannimo?
4 Si ou ankòlè, se pwòp tèt ou ase w'ap fè mal. Atò, poutèt ou, se pou tout moun sou latè te mouri? Se pou Bondye te deplase mòn yo pou fè ou plezi?
5 ¶ Wi, y'ap touye limyè mechan an, flanm dife l' la p'ap klere ankò.
6 Lanp lakay li ap mouri, limyè lakay li ap tenyen.
7 Li te konn mache byen enganm, koulye a se ti pa ti pa, l'ap bite. Se plan li t'ap fè yo ki lakòz sa rive l'.
8 Li pile yon pèlen, pye l' pran ladan l'.
9 Kòd la mare nan je pye l', l'ap sere l' byen sere.
10 Yo kache yon chita tann pou li anba tè. Yo moute yon pèlen sou wout li.
11 ¶ Kote l' vire, malè ap tann li. Kote l' pase, yo la dèyè l'.
12 Grangou nan kò l' fini ak kouraj li. Malè kanpe la bò kote l' ap tann li.
13 Yon sèl maladi po pete sou tout kò l'. L'ap manje tout janm li ak tout bra li yo. Se tè ki pou geri l'.
14 Yo rale l' mete deyò anba tant kote li te al kache a. Yo trennen l' devan jeneral Lanmò.
15 Koulye a, nenpòt moun gen dwa pran kay li a pou yo. Y'ap dezenfèkte l' nèt ak souf.
16 Anba tè, rasin li yo ap mouri. Anwo tè, branch li yo ap fennen.
17 p'ap gen pesonn k'ap chonje l' ankò sou latè. Y'ap bliye l' nèt nan tout peyi a.
18 Y'ap pouse l' soti nan limyè ale nan fènwa. Y'ap depòte l' byen lwen nan peyi san chapo.
19 Li p'ap kite ni pitit, ni ankenn lòt fanmi nan mitan pèp la. Yo tout ap mouri anvan l'.
20 Depi solèy leve jouk solèy kouche, tout moun pral sezi wè jan li fini.
21 Wi, men sa k'ap tann lakou moun k'ap fè mechanste yo, fanmi moun ki pa respekte Bondye yo.
19 ¶ Jòb pran lapawòl, li di konsa:
2 -Manyè sispann vire lòlòj mwen non! Manyè sispann kraze kouraj mwen ak tout pawòl sa yo?
3 Tout tan n'ap plede joure m', n'ap trennen m' nan labou. Nou pa wont jan n'ap malmennen m' la a?
4 Menm si mwen ta fè sa m' pa t' dwe fè, ki jan pou sa ta ka fè nou mal?
5 Nou konprann nou pi bon pase m'. Nou di se paske mwen antò kifè m'ap pase tray sa a.
6 Nou pa wè se Bondye k'ap manyen avè m'. Se li menm ki pran m' nan pèlen.
7 Si m' rele anmwe ansasen, pesonn p'ap reponn. Si m' mande jistis, pesonn p'ap kanpe pou defann mwen.
8 ¶ Bondye bare tout chemen devan mwen. M' pa ka pase. Li fè m' wè tou nwa devan mwen.
9 Li fè yo ban m' move non. Li fè m' pèdi tout byen m'.
10 Li minen m' tout jan. M'ap deperi. Li wete tout espwa m'. Mwen tankou yon pyebwa yo derasinen.
11 Bondye ankòlè nèt sou mwen. Li konsidere m' tankou yon lènmi.
12 Li voye yon bann malè sou mwen yon grenn kou, tankou yon lame k'ap atake m'. Yo rive sou mwen san m' pa wè sa. Yo sènen m' anndan lakay mwen.
13 Bondye fè frè m' yo renka kò yo sou mwen. Zanmi m' yo kouri pou mwen.
14 Tout fanmi mwen yo, tout bon zanmi m' yo disparèt. Moun mwen te konn resevwa lakay mwen bliye m'.
15 Ata sèvant lakay mwen pa rekonèt mwen. Pou yo, yo pa janm konnen m'.
16 Si mwen rele yon domestik, li pa reponn mwen. Mwen te mèt lapriyè nan pye l', li pa okipe m'.
17 Madanm mwen pa ka pran sant mwen. Ata pwòp pitit mwen yo pè pwoche bò kote m'.
18 Tout timoun ap pase m' nan betiz. Si m' fè yon ti kanpe, yo pase m' nan tenten.
19 Pi bon zanmi m' yo ap gade m' ak degoutans. Sa m' pi renmen yo ap pale sou do m'.
20 Mwen tounen zo ak po. Sa ki rete pou m' mouri a pa anyen.
21 Nou se zanmi m'. Pitye pou mwen! Pitye! Se Bondye menm ki leve men sou mwen.
22 Poukisa pou nou leve dèyè m' tou menm jan ak Bondye? Koulye a, nou pa pèsekite m' kont nou?
23 ¶ Si sèlman te gen yon moun pou kouche pawòl mwen yo, pou ekri yo sou papye,
24 pou grave yo ak sizo sou wòch plat, pou yo toujou rete make!
25 Mwen menm, mwen konnen moun ki gen pou vin pran defans mwen an byen vivan. Se li menm an dènye k'ap kanpe sou latè pou pale pou mwen.
26 Apre m' fin mouri, l'ap mete m' kanpe bò kote l'. M'a wè Bondye ak pwòp je m'.
27 Se mwen menm menm k'ap wè l'. Se p'ap yon lòt moun! Kè m' ap fann,
28 paske n'ap mande ki jan pou n' fè m' pase mizè ankò? Ki rezon n'ap jwenn nan mwen pou nou atake m'?
29 Men, atansyon pou se pa sou nou nepe a tonbe, lè Bondye va soti pou pini moun ki antò yo. Lè sa a, n'a konnen gen yon moun k'ap jije tout bon.
20 ¶ Lè sa a, Sofa, moun lavil Naama a, pran lapawòl, li di konsa:
2 -Mwen gen yon bann lide k'ap travay nan tèt mwen. Mwen pa ka tann ankò. Se pou m' reponn ou.
3 Tou sa ou di la a vekse m'. Men, mwen konnen jan pou m' reponn ou.
4 Ou konnen, depi nan tan lontan, depi premye moun Bondye te mete sou tè a,
5 mechan yo pa janm gen kè kontan pou lontan. Plezi moun k'ap fè mal yo se pou yon ti tan.
6 Yo te mèt grandi jouk pou yo rive wotè syèl la, jouk pou tèt yo ta rive nan nwaj yo,
7 y'ap rete konsa, y'ap disparèt tankou yon pil fatra yo boule. Moun ki te konnen yo va mande kote yo pase.
8 Moun bliye yo tankou yon rèv yo fè yo pa ka chonje, tankou yon vizyon yo fè lannwit, yo p'ap janm wè ankò.
9 Moun ki te konn wè yo p'ap wè yo ankò. Menm moun lakay yo p'ap konnen kote yo pase.
10 ¶ Pitit yo va peye pòv yo pou tou sa yo te fè yo. Se pwòp pitit yo ak men yo ki va renmèt pòv yo sa yo te pran pa fòs.
11 Mechan yo te gen tout fòs jenn gason yo sou yo toujou. Men koulye a, tou sa pral tounen pousyè ansanm ak yo.
12 Lè l' t'ap fè sa ki mal sa te sitèlman gou nan bouch li, li te kenbe ti gout anba lang li.
13 Li pa t' kite l' fin twò vit nan bouch li, pou l' te ka jwi gou a pandan lontan.
14 Men, rive manje a rive nan lestonmak li, li vin anmè kou fyèl. Anndan vant li pran boule l' tankou si li te vale pwazon.
15 Mechan an gen pou l' vonmi tout richès li te vòlò yo, paske Bondye ap foure dwèt nan gòj li.
16 Tou sa li te vale tounen pwazon pou li. L'ap mouri tankou si se yon sèpan laspik ki mòde l'.
17 Li p'ap viv pou l' wè lwil koule tankou dlo larivyè, ni siwo myèl ak lèt koule tankou lavalas.
18 L'ap blije bay tou sa li te travay fè. Li p'ap gen chans jwi richès li yo.
19 Paske li te piye kay pòv malere yo, li te pito vòlò kay moun pase pou l' bati.
20 Li pa t' janm gen kont li. Men, richès li p'ap ka delivre l'.
21 Pesonn pa t' ka chape anba men l' sitèlman li te akrèk. Non. Tout richès li yo pa la pou lontan.
22 Atout li gen tout richès sa yo, li pral gen kè sere. Tout kalite mizè pral tonbe sou li.
23 ¶ Pandan l'ap manje plen vant li, Bondye pral move kont move sou li. Malè pral tonbe dri sou li.
24 Lè l'ap chache kouri pou yon nepe fèt an fè, yon flèch an kwiv pral pèse l' pak an pak.
25 Yon flèch ap pèse kò l'. San li ap degoute konsa nan pwent flèch la. Kè l' sere, li wè lanmò anfas.
26 Li pèdi tou sa li te sere. Yon dife pesonn pa limen ap boule l'. L'ap devore tou sa ki lakay li.
27 Syèl la fè konnen tou sa li te fè ki mal. Latè kanpe pou denonse l'.
28 Yon sèl dlo desann va pote kay li ale, jou Bondye va fè kolè sa a sou li.
29 Wi, se sa Bondye sere pou mechan yo. Se sa mechan yo pral resevwa nan men Bondye.
21 ¶ Lè sa a, Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa:
2 -Manyè tande sa m' pral di nou la a, non! Tanpri, charite m' ti ankourajman sa a!
3 Ban m' yon ti chans pou m' pale. Lè m'a fini, nou mèt pase m' nan betiz kont nou!
4 Se pa avèk yon moun mwen annafè. Mwen gen rezon si m' pa ka tann ankò!
5 Voye je nou gade m' byen. N'a sezi. N'a mete men nan bouch.
6 Mwen menm, lè m' chonje sa ki rive m', m' pè. Tout kò m' pran tranble.
7 ¶ Poukisa Bondye kite mechan yo ap viv? Li kite yo rive vye granmoun, epi tout zafè yo mache byen?
8 Yo gen pitit ak pitit pitit. Yo wè yo ap grandi devan je yo.
9 Bondye pa voye malè sou yo pou pini yo. Y'ap viv alèz lakay yo san ankenn danje.
10 Wi, bèf yo kwaze san mank, yo fè pitit san pèdi pòte.
11 Timoun yo ap kouri tankou ti mouton nan savann. Y'ap jwe, y'ap sote tankou ti kabrit.
12 Y'ap chante, y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap danse pandan moun ap jwe fif pou yo.
13 Jouk jou yo mouri, kè yo kontan. Yo desann nan peyi kote mò yo ye a ak kè poze.
14 Se yo menm k'ap plede di Bondye: Kite n' an repo! Nou pa bezwen konnen jan ou vle pou moun viv la.
15 Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ye menm pou nou sèvi l' la? Kisa sa ap rapòte nou lè nou lapriyè l'?
16 Yo pretann tou sa yo genyen se kouraj yo ki ba yo l'. Yo pa t' janm mete Bondye nan koze yo. Mwen pa dakò ak jan y'ap pale a, non.
17 ¶ Ou janm wè limyè mechan an mouri? Ou janm tande malè rive yo? On jan wè Bondye fè kolè pou l' pini malveyan yo,
18 pou van bwote yo ale tankou zèb chèch, pou van tanpèt chase yo tankou pay pitimi?
19 Yo pretann di Bondye va pini pitit pou peche papa yo! Poukisa se pa papa yo menm li pini pou yo ka pran leson?
20 Se pou mechan yo te wè chatiman yo. Se yo menm ki te pou santi kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a pa dous.
21 Ki mele yo sa ki rive pitit yo, lè yo fin ale, lè yo fin viv tan pou yo te viv la?
22 Men, Bondye ki jije ata zanj ki nan syèl la, ki moun ki ka moutre l' sa pou li fè?
23 Gen moun ki pa janm malad jouk yo mouri. Jouk jou yo antre anba tè, yo kontan, yo pa gen tèt chaje.
24 Yo gra nan tout kò yo, tout zo yo plen ak mwèl.
25 Yon lòt menm pa janm konnen sa ki rele kè kontan. Li pase tout lavi l' nan nesesite, li mouri nan mizè.
26 Men, lè tou de mouri, yo antere yo, vèmen kouvri kadav yo menm jan.
27 ¶ Men wi, mwen konnen sa ki nan tèt nou. Mwen konnen ki move lide n'ap fè sou mwen koulye a.
28 N'ap mande kote kay gwo zotobre a. Sa ki rive kay nèg ki te konn fè sa ki mal la.
29 Kouman? Nou pa pale ak moun ki vwayaje? Nou pa konn ki nouvèl y'ap bay?
30 Jou Bondye ankòlè, lè l'ap pini an, se toujou mechan yo ki resi chape kò yo!
31 Men, ki moun ki ka kanpe devan yo pou akize yo? Ki moun ki ka fè yo peye sa yo fè a?
32 Yo fè bèl lantèman pou yo. Yo mete moun veye tonm yo.
33 Foul moun ap swiv sèkèy yo, yon pati moun devan, yon pati moun dèyè. Menm tè a chita dous sou kadav yo.
34 Lèfini, n'ap chache konsole m' ak yon bann pawòl san sans. Tou sa n'ap reponn mwen la a se manti.
22 ¶ Lè sa a, Elifaz, moun lavil Teman an, pran lapawòl. Li di konsa:
2 -Eske yon moun ka itil Bondye? Non! Ata moun ki gen bon konprann yo, se tèt yo ase yo itil.
3 Lè ou fè sa ki byen, ki enterè Bondye ki gen tout pouvwa a jwenn nan sa? Sa sa rapòte l' lè ou mennen bak ou dwat?
4 Eske se paske ou gen krentif pou Bondye kifè l'ap rale zòrèy ou konsa, kifè l'ap trennen ou nan tribinal li?
5 ¶ Non. Se paske ou fè anpil peche. Se paske ou te san limit nan fè mechanste.
6 Ou fè frè ou ba ou garanti pou lajan li pa t' dwe ou. Ou pran ata rad ki sou li, ou kite l' toutouni.
7 Ou refize bay moun ki te swaf yo ti gout dlo. Ou refize bay moun ki te grangou yo moso pen.
8 Ou pwofite fòs ou ak pozisyon ou pou pran tout peyi a pou ou.
9 Ou refize lonje men ou bay vèv yo. Ou maltrete timoun ki san papa yo.
10 Se poutèt sa, kote ou rive se pèlen yo pare pou ou. Ou rete konsa, kè ou kase.
11 Sitèlman fè nwa, ou pa ka wè. Ou nan dlo jouk nan kou!
12 Eske se pa anwo nèt nan syèl la Bondye rete? Se anba pou li voye je l' pou l' ka wè zetwal yo.
13 Ou konn sa, epi w'ap di: Sa Bondye ka konnen? Li kache dèyè nwaj yo, ki jan pou l' jije sa k'ap pase sou latè?
14 Nwaj yo twò pwès, li pa ka wè. Se sou fetay syèl la l'ap mache.
15 ¶ Ou vle mache pye pou pye dèyè mechan yo, nan move chemen yo te toujou pran depi lontan an!
16 Yo mouri anvan lè yo tou. Yo tankou lavalas: anvan ou bat je ou, yo pase.
17 Yo menm tou yo t'ap di Bondye: Wete kò ou sou nou! Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ka fè nou?
18 Atò, se Bondye menm ki te plen kay yo ak richès. Mwen pa janm konprann ki jan mechan yo ka fè di sa.
19 Men, lè y'ap pini mechan yo, moun ki mache dwat yo va kontan, inonsan yo va pase yo nan rizib.
20 Gade jan grannèg yo fini non! Dife boule tou sa yo te genyen.
21 ¶ Jòb monchè, byen ak Bondye ankò, tande! Sispann chache l' kont!
22 Koute pawòl li t'ap di ou yo. Kenbe yo nan kè ou.
23 Wi, tounen vin jwenn li, san lògèy nan kè ou. Sispann fè sa ki mal lakay ou.
24 Voye tout lò ou jete nan fatra. Pi bon pyès lò ou yo, jete yo nan galèt larivyè.
25 Se Bondye ki gen tout pouvwa a ki va tout lò ou. Se li menm ki va gwo pil lajan byen wo pou ou.
26 Paske, lè sa a, se nan Bondye ki gen tout pouvwa a w'a jwenn tout plezi ou. Se sou Bondye w'a toujou gade.
27 Lè w'a lapriyè nan pye l', l'a reponn ou. W'a kenbe tout pwomès ou fè l' yo.
28 Tout zafè ou va mache byen. Limyè va klere byen bèl sou tout wout ou.
29 Bondye kraze lògèy moun awogan. Men, li sove moun ki bese tèt devan li.
30 L'ap delivre ou si ou inonsan. L'a sove ou, si ou pa janm sal men ou nan anyen.
23 ¶ Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa:
2 -Fwa sa a ankò, m'ap kenbe tèt ak Bondye, m'ap plenyen nan pye l'. Se plenn m'ap plenn pou sa m'ap pase anba men l'.
3 Si m' te ka konnen kote pou m' jwenn li, mwen ta rive kote l' ye a.
4 M' ta defann kòz mwen devan li. M' ta di l' dènye sa ki nan lide m' pou defann tèt mwen.
5 M' ta konnen jan l'ap reponn mwen, m' ta tande sa l'ap di m'.
6 Eske Bondye tapral sèvi ak tout fòs li pou diskite avè m'? Non. Li ta rete koute m' ase.
7 Li ta wè moun k'ap pale avè l' la se yon moun ki toujou mache dwat. Li menm k'ap jije m' lan, li ta rekonèt mwen inonsan.
8 ¶ M' ale bò solèy leve, Bondye pa la. M' ale bò solèy kouche, mwen pa wè l' tou.
9 Mwen moute nan nò al chache l', m' pa wè l'. Mwen desann nan sid, bichi!
10 Men, Bondye konnen tout ti vire tounen mwen. Si li sonde m', l'a wè m' bon tankou bon lò ki pase nan dife.
11 M' mache pye pou pye dèyè l'. M' swiv chemen li mete devan m' lan. M' pa janm devire ni adwat ni agoch.
12 Mwen toujou fè tou sa li bay lòd fè. Mwen te fè volonte l', mwen pa fè sa m' te gen nan tèt mwen.
13 ¶ Men, lè Bondye fin deside yon bagay, ki moun ki ka fè l' chanje lide? Ki moun ki ka enpoze l' fè sa li vle fè a?
14 L'ap toujou fè m' sa li vle fè m' lan. Sa se yonn nan tout bagay li deside fè yo.
15 Se poutèt sa, m'ap tranble devan l'. Lè m' chonje sa, mwen soti pè l'.
16 Men wi, se Bondye k'ap kraze kouraj mwen. Se Bondye menm mwen soti pè. Se pa fènwa a.
17 Fènwa a kache Bondye pou m' pa wè l'. L' enpoze m' santi prezans li. Se tout!
24 ¶ Poukisa Bondye ki gen tout pouvwa a pa fikse yon dat pou li jije tout moun, yon jou pou li rann tout moun k'ap sèvi l' yo jistis?
2 Mechan yo deplase bòn tè moun. Yo vòlò mouton lòt moun, mete ansanm avèk bann mouton pa yo.
3 Yo pran bourik ki pou timoun san papa yo. Yo sezi bèf vèv la jouk li resi peye dèt li.
4 Yo enpoze pòv yo jwenn sa ki vin pou yo. Yo fòse tout pòv malere kouri al kache.
5 Tankou bourik mawon, pòv yo soti al nan dezè a, y' al chache lavi pou pitit yo ki grangou. Pa gen lòt kote yo ka ale.
6 Y'ap ranmase rekòt pou lòt moun. Y'ap keyi rezen nan jaden pou mechan yo.
7 Lè yo toutouni, yo pa gen rad pou mete sou yo. Lannwit, yo pa gen anyen pou chofe kò yo lè yo frèt.
8 Lapli k'ap tonbe sou mòn yo mouye yo jouk nan zo. Yo kwoupi kò yo dèyè wòch pou pare lapli.
9 Mechan yo wete timoun san papa yo nan men manman yo pou fè yo tounen esklav. Yo pran rad pòv malere yo pou garanti dèt yo.
10 Pòv yo menm ap mache yon men devan yon men dèyè, san rad pou mete sou yo. Y'ap mache ranmase rekòt nan jaden, men y'ap mouri grangou.
11 Nan lakou mechan yo y'ap moulen grenn oliv fè lwil. Y'ap kraze rezen fè diven. Men y'ap mouri swaf dlo.
12 Nan lavil yo, ou tande moun k'ap mouri yo ap plenn. Ou tande moun ki blese yo ap rele anmwe. Men, Bondye fè tankou li pa tande yo.
13 ¶ Se moun sa yo ki pa vle wè limyè a. Yo derefize konprann limyè a. Yo pa vle pran chemen limyè a nan tou sa y'ap fè.
14 Anvan bajou kase, ansasen an gen tan leve, pou li al touye pòv malere yo. Lannwit, se vòlò l'ap mache vòlò.
15 Mouche marye k'ap fè adiltè a ap tann solèy kouche konsa. Li bouche figi l' pou pesonn pa wè l'.
16 Lannwit, vòlè ap kraze kay moun. Lajounen yo kache, y'ap kouri pou solèy.
17 Yo pè limyè lajounen an. Men, pa gen anyen ki pou fè yo pè nan fènwa a.
18 ¶ Lè sa a, Sofa di konsa: -Men dlo desann pote mechan yo ale. Madichon Bondye tonbe sou tout tè ki pou yo. Yo pa soti al travay nan jaden rezen yo.
19 Menm jan chalè fonn lanèj, lèfini tè sèk bwè dlo a, se konsa moun k'ap fè peche yo ap disparèt ale nan peyi kote mò yo ye a.
20 Tout moun bliye yo. Ata manman ki fè yo pa chonje yo. Se vè k'ap manje kadav yo. Yo fini tankou yon pyebwa yo koupe jete.
21 Tou sa rive konsa, paske li maltrete fanm ki pa ka fè pitit. Li san pitye pou vèv yo.
22 Lè sa a, Bondye detwi gwo chèf yo ak fòs ponyèt li. Li annik parèt, mechan an konnen li mouri.
23 Bondye kite l' viv alèz san pwoblèm, men, se toutan l'ap veye tou sa l'ap fè.
24 Zafè mechan yo mache byen pou yon tan. Men, apre sa, yo fennen tankou zèb savann, tankou tèt ble yo koupe.
25 Si se pa konsa sa ye, ki moun ki ka demanti sa m' di la a? Ki moun ki ka fè wè pawòl mwen yo pa vo anyen?
25 ¶ Bildad, moun lavil Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:
2 -Bondye se chèf. Li fè tout moun respekte l'. Li fè tout moun nan peyi ki nan syèl la viv ak kè poze.
3 Ki moun ki ka konte kantite zanj k'ap sèvi l'? Pa gen kote limyè Bondye a pa klere.
4 Atò, moun ka konprann yo gen rezon devan Bondye? Pitit fanm pouse met atè ka san repwòch devan li?
5 Nan je Bondye, menm lalin lan pa klere ase. Pa gen yonn nan zetwal yo ki bon nèt pou li.
6 Ale wè pou moun, yon vètè, yon ti krebete! Kisa yo vo nan je Bondye?
26 ¶ Jòb pran lapawòl ankò, li di l' konsa:
2 -Ou gen tan konn konsole moun ki nan lafliksyon! Ou gen tan konn lonje men bay moun ki san fòs!
3 Ala bon konsèy ou bay moun ki san konprann lan! Ou gen tan gen anpil konesans nan ou!
4 Men, pou ki moun tout bèl diskou sa yo? Ki moun ki mete pawòl sa yo nan bouch ou?
5 ¶ Bildad pran lapawòl ankò li di: -Nanm moun mouri k'ap viv nan fon lanmè a ap tranble anba tè a.
6 Peyi kote mò yo ye a louvri aklè devan je Bondye. Pa gen anyen ki pou anpeche Bondye wè sa k'ap pase ladan l'.
7 Se li menm ki louvri syèl ki sou bò nò a anlè, san anyen pou soutni l'. Li pandye tè a ankò san anyen pou kenbe l'.
8 Se li menm ki plen nwaj yo dlo. Se li menm ki pa kite pèz dlo a pete nwaj yo.
9 Se li menm ki kache lalin plenn lan dèyè yon nwaj.
10 Se li menm ki trase yon wonn sou lanmè a, li separe limyè ak fènwa.
11 Lè li bay poto ki soutni syèl la yon prigad, yo sezi, yo pran tranble sitèlman yo pè.
12 Avèk fòs ponyèt li, li fè lanmè a vin dou devan li. Avèk ladrès li, li kraze Raab, gwo bèt lèd la.
13 Avèk souf li, li fè syèl la vin klè. Avèk men li, li touye gwo koulèv ki t'ap kouri chape a.
14 Sa se yon ti kal nan tou sa li fè. Se sa ase ki resi rive nan zòrèy nou! Men, ki moun ki ka konnen tou sa Bondye fè?
27 ¶ Jòb pran lapawòl ankò pou l' bay rès repons li a. Li di konsa:
2 -Mwen fè sèman, mwen pran Bondye vivan an pou temwen, Bondye ki gen tout pouvwa a, li menm ki refize rann mwen jistis la, li menm ki ban m' degoutans ak lavi a,
3 toutotan mwen poko mouri, toutotan Bondye ban m' yon ti souf toujou,
4 mwen p'ap janm kite ankenn move pawòl soti nan bouch mwen, ni m' p'ap janm bay ankenn manti.
5 Pa janm konprann m'ap ban nou rezon! M'ap kenbe ak nou mwen inonsan jouk mwen rann dènye souf mwen.
6 Mwen soti pou m' defann kòz mwen. Mwen p'ap fè bak. Konsyans mwen pa repwoche m' anyen. M' pa gen anyen ki pou fè m' wont.
7 ¶ Se pou tout moun ki pa vle wè m' yo sibi menm sò ak mechan yo. Se pou lènmi m' yo gen menm sò ak moun ki pa mache dwat yo.
8 Ki espwa ki gen pou mechan an lè Bondye rele l', lè li pral pran nanm li?
9 Lè malè ap tonbe sou mechan an, èske Bondye ap tande rèl li yo?
10 Li pa t' janm pran plezi l' nan fè volonte Bondye. Li pa t' lapriyè Bondye tout tan.
11 ¶ Kite m' moutre nou jan Bondye konnen sa l'ap fè. Mwen p'ap kache di nou sa ki nan tèt Bondye ki gen tout pouvwa a.
12 Sa m'ap di la a? Nou wè tou sa ak je nou byen pwòp tou. Poukisa atò tout pale anpil sa a ki pa vle di anyen?
13 Lè sa a, Sofa, moun lavil Naama a, pran lapawòl. Epi li di: -Men kisa Bondye pare pou mechan yo. Men sa li sere pou chèf k'ap peze pèp la.
14 Yo te mèt gen anpil pitit gason, yo tout ap mouri nan lagè. Pitit yo p'ap janm gen kont manje pou yo manje.
15 Sa ki chape nan lagè, move maladi ap pote yo ale. Ata vèv yo p'ap ka rele pou yo jou lanmò yo.
16 Mechan an te mèt anpile lajan kou l' pa konnen, li te mèt gen rad depase sa l' bezwen,
17 se moun dwat yo ki va mete rad yo, se pou moun inonsan yo lajan an va rete.
18 Kay li bati tankou twal anasi, tankou yon ti kay jaden.
19 Nan aswè, li moute kabann li rich. Lè li leve, li pa jwenn anyen.
20 Malè tonbe sou li tankou lavalas k'ap desann. Yon sèl nwit lan, yon gwo van pote l' ale.
21 Yon van lès leve, li pote l' ale. Li rache l' nan kay kote l' ye a.
22 Van an ap vante sou li san pitye. Li menm l'ap fè sa li kapab pou l' chape anba l'.
23 Moun kontan wè jan li fini. Kote l' pase, y'ap rele chalbari dèyè l'.
28 ¶ Gen mi n anba tè kote yo jwenn ajan. Gen kote se la yo netwaye lò.
2 Yo fouye tè pou jwenn fè. Yo fonn wòch pou jwenn kwiv.
3 Yo desann ak limyè anba tè, kote ki fè nwa anpil, yo fouye byen fon nan vant latè, mezi yo kapab. Y' al chache wòch ki kache kote ki fè nwa anpil la.
4 Byen lwen, kote moun pa ka rete, kote moun pa janm mete pye yo, moun ap fouye gwo koridò anba tè. Y'ap travay pou kont yo, ak yon kòd pase nan ren yo, y'ap balanse nan twou yo.
5 Manje soti nan tè. Men, nan zantray latè a dife fin debòde.
6 Wòch latè a gen bèl pyè safi ladan l'. Nan pousyè a yo jwenn ti grenn lò.
7 Koukou pa janm konnen chemen pou ale la. Karanklou pa janm wè kote sa a ak je l'.
8 Ni lyon, ni ankenn lòt bèt nan bwa, pa janm mete pye yo la.
9 Yo fouye nan wòch dife. Yo fè gwo twou byen fon nan pye mòn yo.
10 Yo fè gwo koridò byen long nan wòch yo. Yo jwenn tout kalite bèl pyè bijou ki koute chè.
11 Yo fouye nan sous tèt dlo yo tou. Yo mete deyò tou sa ki te kache.
12 Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm?
13 Lèzòm pa konnen sa pou yo fè pou yo mete men sou li. Yo pa jwenn li ankenn kote sou latè.
14 ¶ Fon lanmè a deklare li pa gen bagay konsa. Lanmè a deklare bon konprann pa lakay li.
15 Ou te mèt gen lò, ou pa ka achte l'. Ou pa ka bay lajan pou ou genyen l'.
16 Li gen plis valè pase lò peyi Ofi a. Bèl pyè oniks ak safi pa ka parèt la.
17 Yo pa ka konpare l' ni ak lò ni ak bèl kristal. Yo pa ka boukante l' pou yon bèl veso fèt an lò.
18 Pou grenn koray ak wòch kristal menm, yo pa ka parèt la. Pito ou al dèyè bon konprann pase ou ale dèyè bèl pyè lanbi.
19 Topaz peyi Letiopi pa vo anyen devan l'. Pi bon lò a pa ka konpare ak bon konprann.
20 ¶ Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm?
21 Pa gen moun, pa gen bèt ki ka wè l', pa menm zwazo k'ap vole nan syèl la.
22 Ata lanmò ak simityè di se tande yo tande nonmen non l'.
23 Se Bondye ase ki konn chemen an. Se li ase ki konnen kote li rete.
24 Paske Bondye wè dènye bout latè. Li voye je l', li gade tou sa ki anba syèl la.
25 Lè Bondye t'ap bay van yo pèz yo, lè li t'ap bay dlo lanmè a mezi kote pou l' rive a,
26 lè li t'ap bay lòd kote pou lapli tonbe ak chemen pou loraj yo pran lè y'ap gwonde,
27 se lè sa a li te wè bon konprann, li wè sa li vo. Li egzaminen l' byen egzaminen, li sonde l' byen sonde.
28 Apre sa, Bondye di moun konsa: -Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann. Vire do bay sa ki mal, men sa ki rele gen lespri.
29 ¶ Jòb tanmen pale ankò, li di:
2 -Ki moun ki va fè m' viv tan lontan an, lè Bondye t'ap voye je sou mwen an?
3 Lè sa a, Bondye te toujou la avèk mwen. Limyè li te klere anwo tèt mwen, li t'ap moutre m' kote pou m' mete pye m' nan fènwa a.
4 Nan tan sa a, tout zafè m' t'ap mache byen. Bondye te zanmi m'. Li t'ap pwoteje kay mwen.
5 Bondye ki gen tout pouvwa a te toujou la avèk mwen. Mwen t'ap viv nan mitan tout pitit gason m' yo.
6 Bèf ak kabrit mwen yo te konn bay anpil lèt. Pye oliv mwen yo te donnen menm nan tè wòch.
7 ¶ Lè mwen parèt pòtay lavil la, lè mwen pran plas mwen nan mitan chèf fanmi yo,
8 wè yo wè m', jenn gason yo mete kò yo sou kote, granmoun yo leve kanpe pa respè pou mwen.
9 Notab yo sispann pale, yo fèmen bouch yo.
10 Ata chèf yo pa ka pale ankò! Lang yo vin lou nan bouch yo.
11 Tout moun ki te wè m' t'ap mache fè lwanj mwen, tout moun ki te tande m' te kontan avè m'.
12 Mwen lonje men bay pòv malere ki nan ka ansanm ak timoun san papa ki san sekou.
13 Moun ki te nan pi gwo mizè t'ap fè lwanj mwen. Mwen te fè kè vèv yo kontan.
14 Mwen te toujou fè sa ki dwat. Mwen pa t' janm nan patipri.
15 Se mwen ki te wè pou avèg yo. Se mwen ki te mache pou kokobe yo.
16 Mwen te yon papa pou pòv malere yo. Mwen te kanpe pou defann kòz etranje yo.
17 Mwen te kraze pouvwa malveyan yo. Mwen sove moun ki te anba men yo.
18 ¶ Mwen t'ap di nan kè m': M'a viv kont viv mwen. M'a mouri sou kabann mwen ak kè poze.
19 Mwen te tankou yon pyebwa plante bò larivyè. Sou tout branch li yo se lawouze.
20 Moun pa ta janm sispann fè lwanj mwen. Mwen t'ap toujou gen tout fòs mwen sou mwen.
21 Lè m'ap pale, tout moun fèmen bouch yo. Yo louvri zòrèy yo, y'ap tann konsa konsèy m'ap bay.
22 Pawòl mwen tonbe nan kè yo tankou grenn lapli. Lè m' fin pale, pesonn pa gen anyen pou di ankò.
23 Yo t'ap tann mwen pale tankou tè sèk k'ap tann lapli. Yo rete bouch louvri pou ranmase sa m'ap di.
24 Lè yo dekouraje, mwen fè yon ti ri ak yo. Sa te kont pou remoute kouraj yo.
25 Mwen te kanpe alatèt yo. Mwen mennen yo tankou yon wa k'ap mennen sòlda li yo. Mwen di yo sa pou yo fè. Mwen te ba yo kouraj lè yo nan lafliksyon.
30 ¶ Men koulye a, moun ki pi jenn pase m' yo ap pase m' nan rizib. Papa yo se moun mwen pa t' pran pou anyen, moun mwen pa ta menm mete ak chen m' pou gade mouton.
2 Epitou, yo te twò fèb pou fè anyen pou mwen. Se te yon bann gason san kouraj.
3 Mizè ak grangou te fini ak yo. Lannwit se grenn bwa yo te konn al souse nan savann kote moun pa rete.
4 Yo pran fèy raje pou yo manje. Ata rasin bayawonn pase.
5 Kote yo pase moun mete yo deyò, yo rele bare dèyè yo tankou vòlè.
6 Yo te blije al rete nan twou wòch, nan twou tè sou bò ravin yo.
7 Y'ap rele tankou bèt mawon nan raje a. Yo fè pil sou pil nan savann lan.
8 Se te yon bann sanzave ki pa t' menm gen non. Yo te mete yo deyò nan peyi a.
9 Koulye a, y'ap fè chante sou mwen. Y'ap bay istwa sou do m'.
10 Yo pè pwoche bò kote m' pou m' pa sal yo. Yo menm krache nan figi m'.
11 Paske Bondye kraze kouraj mwen, li lage m' atè, kifè, mapou tonbe, kabrit manje fèy li.
12 Bann moun sa yo leve dèyè m', y'ap fè m' kouri. Yo lage dèyè m' pou yo pran m'.
13 Yo sènen m' toupatou pou yo ka fini avè m'. Pa gen pesonn pou di yo pa fè sa.
14 Yo pase nan fant barikad, yo tonbe sou mwen. Yo pilonnen m' anba pye yo.
15 ¶ Yon sèl latranblad pran mwen. Tankou yon kout van li kraze kouraj mwen. Tankou yon nwaj k'ap pase, tout byen m' yo disparèt.
16 Koulye a, mwen prèt pou m' mouri. Lafliksyon ap fini avè m'.
17 Lannwit, tout zo nan kò m' ap fè m' mal. Doulè ap manje m' anndan san rete.
18 Bondye ponyen m' nan kòlèt, l'ap chifonnen tout rad sou mwen.
19 Li voye m' jete nan labou. Mwen pa pi bon pase pousyè tè ak sann dife.
20 Mwen rele nan pye ou, Bondye! Ou pa reponn mwen. Mwen kanpe devan ou, ou pa okipe m' menm.
21 Ou pa menm moun lan ankò. W'ap malmennen m'. Ou soti pou pèsekite m' ak tout fòs ou.
22 Ou fè van pote m' ale. M'ap vole tankou pay. Ou voye yon van tanpèt boulvèse m'.
23 Wi, mwen konnen byen pwòp w'ap mennen m' pou m' al mouri, pou m' al sibi sò k'ap tann tout moun lan.
24 Poukisa w'ap atake yon moun ki tou fin mouri, yon moun ki pa ka fè anyen ankò pase mande padon?
25 Eske mwen pa t' nan lapenn ansanm ak moun ki te nan mizè? Eske kè m' pa t' fè m' mal pou moun ki pa t' gen anyen menm yo?
26 Mwen t'ap tann kontantman, se malè ki vini. Mwen t'ap tann limyè, se fènwa ki kouvri m'.
27 Tout zantray mwen ap bouyi san rete. Chak jou m'ap soufri pi rèd.
28 M'ap mache kagou, san pesonn pou konsole m'. Mwen kanpe nan mitan tout moun, m'ap mande sekou.
29 Vwa mwen tankou vwa koukou. Mwen rele tankou frize.
30 Po m' vin tou nwa, l'ap dekale. Lafyèb ap manje m' nan zo.
31 Lontan se mizik gita ak fif ase ki te nan zòrèy mwen. Men, koulye a, se plenn, se kriye ase m'ap tande.
31 ¶ Mwen te fè sèman pou m' pa janm gade yon jenn fi avèk move lide.
2 Kisa Bondye ki anwo a ap fè nou konsa? Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a sere pou nou?
3 Li voye malè pou moun ki pa mache dwat. Li voye tribilasyon pou moun k'ap fè mechanste.
4 Eske Bondye pa konnen tou sa n'ap fè? Eske li pa wè tout vire tounen m'?
5 Eske mwen janm nan bay manti? Eske mwen janm chache twonpe moun?
6 Se pou Bondye peze m' nan bon balans li a. Se pou Bondye wè jan m' toujou mache dwat.
7 Si mwen janm pran chemen kwochi pou mwen, si mwen te kite lanvi anvayi kè m', si mwen janm mete men m' nan sa ki mal,
8 se pou lòt moun rekòlte sa mwen plante. Se pou yo rache tout ti plant k'ap pouse nan jaden m'.
9 ¶ Si mwen te kite yon lòt fanm pran tèt mwen, pou m' al kache devan pòt yon frè mwen ap veye,
10 se pou madanm mwen fè manje pou yon lòt gason. Se pou lòt gason kouche avè l'.
11 Se yon gwo bagay sal mwen ta fè la a. Se bagay pou yo ta touye m'.
12 Se ta tankou yon gwo dife mwen limen pou fini avè m' nèt. Li ta boule dènye sa m' genyen.
13 Lè domestik mwen osinon sèvant mwen gen kont avè m', si mwen ta refize mete rezon an kote l' ye a,
14 kisa mwen ta fè, lè Bondye parèt devan m'? Lè l'a mande m' kont, kisa m'a reponn li?
15 Menm Bondye ki fè m' nan vant manman m' lan, se li menm tou ki fè yo nan vant manman pa yo. Se li menm ki kreye nou tout.
16 ¶ Mwen pa janm refize ede yon pòv. Ni mwen pa janm kite vèv yo nan nesesite.
17 Mwen pa janm kite timoun san papa yo rete grangou pou m'ap manje manje m' pou kont mwen.
18 Okontrè, depi m' fèt, m' sèvi ak timoun sa yo tankou papa ak pitit. Depi m' soti nan vant manman m', m'ap pran swen vèv yo.
19 Lè m' jwenn yon malere toutouni osinon yon pòv endijan san yon bout dra,
20 mwen ba yo rad pou mete sou yo, mwen pran lenn sou do mouton m' pou m' ba yo chofe.
21 Si m' te janm aji mal ak yon timoun san papa paske mwen konnen y'a toujou ban m' rezon nan tribinal,
22 enben, se pou zepòl mwen dejwente, se pou de bra m' kase.
23 Paske, mwen pè jijman Bondye. Mwen pa ka kanpe devan l'.
24 ¶ Mwen pa janm mete konfyans mwen nan lò pou m' ta di se sa k'ap pwoteje m'.
25 Mwen pa janm vante tèt mwen dèske mwen gen anpil byen, dèske mwen fè anpil lajan ak men mwen.
26 Mwen pa janm adore solèy ak lalin lè yo klere byen bèl nan syèl la.
27 Mwen pa janm pèdi tèt mwen pou m' sèvi yo an kachèt.
28 Sa a tou, yo ta mèt touye m' si m' ta fè l', paske mwen ta nye Bondye ki gen tout pouvwa a.
29 Mwen pa janm kontan lè lènmi m' ap soufri. Mwen pa janm fè fèt lè malè tonbe sou yo.
30 Mwen pa janm kite bouch mwen chape pou m' ta ba yo madichon, pou m' ta rive mande lanmò pou yo.
31 Tout moun k'ap viv nan kay avè m' konnen mwen toujou byen resevwa tout moun lakay mwen.
32 Vwayajè pa janm dòmi deyò nan lari. Pòt kay mwen toujou louvri pou yo.
33 ¶ Mwen pa janm kache peche m' pou pesonn. Ni mwen pa janm fè sa ki mal an kachèt.
34 Mwen pa janm pè sa moun ap di. Mwen pa janm pè louvri bouch mwen ni pè mete pwent tèt mwen deyò, paske mwen ta pè pou moun pa lonje dwèt sou mwen.
35 Pa gen pesonn pou koute sa m'ap di la a? Mwen fin di sa pou m' di a. Koulye a, se Bondye ki pou reponn mwen. Si moun ki pa vle wè m' lan ta voye papye nan tribinal pou mwen,
36 mwen ta pote papye sa a sou zepòl mwen san ankenn wont. Mwen ta mare l' sou tèt mwen, tankou yon kouwòn.
37 Mwen ta di Bondye dènye sa mwen fè. Mwen ta kenbe tèt mwen dwat devan l'.
38 Si se vòlò mwen te vòlò tè m'ap travay la kifè koulye a tè a ap mande m' kont,
39 si mwen te manje rekòt jaden an san peye travayè yo kifè koulye a y'ap pote plent pou mwen,
40 enben, se pikan ak chadwon ki pou leve nan jaden m' kote ble ak lòj te konn pouse. Se konsa Jòb te fin pale.
Jòb 4-13