Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
One verse. Every morning. Get the free Verse of the Day email.
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
New Bible Gateway. Take the quick tour.
  • Read
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • News
  • Explore
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
    • Take a Tour
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
News
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
Print PrintSettingsSettingsShare ShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Jòb 3  Haitian Creole Version

3 ¶ Bout pou bout, Jòb louvri bouch li, li pran madichonnen jou l' te fèt la.

2 Li di konsa:

3 -Se pou Bondye efase jou m' te fèt la. Se pou l' efase jou lannwit m' te konmanse devlope nan vant manman m' lan.

4 Fè jou sa a tounen fènwa, Bondye! Kote ou chita anwo a, pa janm chonje jou sa a ankò. Pa janm kite limyè solèy klere l'.

5 Se pou fènwa anvayi jou sa a. Se pou nwaj kouvri l' nèt. Se pou lonbraj lanmò bouche l' nèt.

6 Jou lannwit sa a, se pou fènwa pran l' pou li nèt. Se pou l' disparèt nèt nan lanne a pou yo pa janm konte l' nan almanak ankò.

7 Se pou jou lannwit sa a fè cheve nan tèt moun kanpe, pou yo pa tande pèsonn ap ri!

8 Se pou chòche yo bay jou lannwit sa a madichon, yo menm ki konn ki jan pou yo eksite levyatan an!

9 Pa kite gwo zetwal devanjou a klere jou sa a. Pa janm fè bajou kase pou li, pou l' pa janm wè solèy leve.

10 Paske li pa t' enpoze m' soti nan vant manman m', li pa t' egzante m' tout soufrans sa yo.

11 ¶ Poukisa mwen pa t' mouri depi nan vant manman m'? Poukisa mwen pa t' tou mouri nan pasaj kite sa?

12 Poukisa mwen te jwenn yon manman ki pran m' sou jenou li epi ki ban m' tete?

13 Si m' te mouri, atò konsa mwen pa ta nan tout lapenn sa a. Mwen ta kouche yon kote ap dòmi ak kè poze,

14 ansanm ak wa yo ak gwo chèf yo, ki fè bati gwo tonm pou yo nan mitan dezè.

15 Mwen ta kouche ap dòmi ansanm ak chèf ki te gen kay yo plen lò ak ajan.

16 Ou ankò, mwen ta tankou yon timoun ki fèt anvan tèm, tankou timoun ki fèt tou mouri.

17 Kote yo ye anba tè a, mechan yo sispann bay kò yo mouvman. Anba tè a, sa ki bouke travay ap poze kò yo.

18 Anba tè a, tout prizonye gen kè poze. Yo p'ap tande vwa majò prizon an nan zòrèy yo.

19 Anba tè a, se menm bagay pou grannèg kou malere. Ata esklav pa gen mèt ankò!

20 ¶ Poukisa, Bondye, ou kite moun ki nan mizè ap viv? Poukisa ou bay moun ki nan gwo lapenn lavi?

21 Y'ap tann lanmò konsa. Men, lanmò pa vini! Yo ta pito lanmò pase nenpòt gwo richès!

22 Yo pa gen kè kontan toutotan yo pa mouri, toutotan yo pa ale anba tè.

23 Yo pa konn sa pou yo fè. Bondye sènen yo kote yo pase.

24 Mwen pa ka manje. Se plenn m'ap plenn. M'ap soufri, dlo nan je m' tankou larivyè k'ap koule.

25 Sa m' pè rive m' lan, se li k'ap rive m'. Sa m' pa ta vle wè a, se li ki tonbe sou mwen.

26 Kè m' pa poze. Tèt mwen pa la. Mwen pa ka dòmi. Se soti nan ka tonbe nan ka.

Next
Jòb 2
Jòb 4
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway