Add parallel Print Page Options

Nou dwe swiv egzanp Jezi

12 Nou gen anpil egzanp tankou sa yo. Lavi moun sa yo fè nou konprann lafwa pi byen. Konsa, nou menm tou, an nou fè jefò pou n kouri nan kous ki louvri devan nou an. An nou mete sou kote tout bagay k ap ralanti kous nou, ak tout peche k ap detounen pye nou detanzantan pou fè nou kite chemen an. Nou pa dwe janm retire je nou sou Jezi. Lafwa nou depann de li depi nan kòmansman rive nan fin isman. Jezi t aksepte mouri sou lakwa. Men li t aksepte tout wont ki mache ak kalite lanmò sa a kòmsi se pa t anyen, malgre rejwisans li te wè ki rezève pou li. Kounye a, li chita nan plas donè ki adwat twòn Bondye a. Wi, annik reflechi sou valè tray Jezi pase anba men pechè sou latè ki te rayi l yo! Konsa, nou p ap kite dekourajman pote n ale, nou p ap bay legen.

Read full chapter

21 Se pou bagay sa yo menm Bondye te rele nou, paske Kris la li menm, li te soufri pou nou. Konsa, li ban nou yon egzanp pou nou swiv:

22 “Li pa janm peche
    epi li pa janm bay manti.”(A)

23 Yo te joure l, men li pa t reponn. Li te soufri, men li pa t fè pèsonn menas. Li te lage koz li nan men Bondye ki jije san patipri.

Read full chapter