Add parallel Print Page Options

Nou dwe swiv egzanp Jezi

12 Nou gen anpil egzanp tankou sa yo. Lavi moun sa yo fè nou konprann lafwa pi byen. Konsa, nou menm tou, an nou fè jefò pou n kouri nan kous ki louvri devan nou an. An nou mete sou kote tout bagay k ap ralanti kous nou, ak tout peche k ap detounen pye nou detanzantan pou fè nou kite chemen an. Nou pa dwe janm retire je nou sou Jezi. Lafwa nou depann de li depi nan kòmansman rive nan fin isman. Jezi t aksepte mouri sou lakwa. Men li t aksepte tout wont ki mache ak kalite lanmò sa a kòmsi se pa t anyen, malgre rejwisans li te wè ki rezève pou li. Kounye a, li chita nan plas donè ki adwat twòn Bondye a. Wi, annik reflechi sou valè tray Jezi pase anba men pechè sou latè ki te rayi l yo! Konsa, nou p ap kite dekourajman pote n ale, nou p ap bay legen.

Bondye menm jan ak tout bon papa

Dayè, nan batay n ap mennen kont peche a, nou pako rive nan pwen kote lanmò se sèl bon chwa ki rete. Nou se pitit Bondye, men nou gen lè bliye pawòl ankourajman Bondye voye pou konsole kè nou:

“Pitit mwen, lè Senyè a ap korije w.
    Pa pran sa alalejè, pa dekouraje.
Senyè a korije tout moun li renmen;
    li pini tout moun l aksepte kòm pitit li.”(A)

Konsa, sipòte soufrans tankou yon pitit papa l ap korije. Bondye trete nou tankou pitit li. Ki pitit yon papa pa janm korije? Si n ta wè n pa janm resevwa koreksyon nan men Bondye menm jan ak tout pitit, konnen nou pa pitit lejitim li, konnen se pa moun Bondye nou ye vre. Nou tout gen papa isit sou latè ki korije nou, epi nou respekte yo. Konsa, li menm pi enpòtan toujou pou n obeyi Papa espirityèl nou pou n ka gen lavi. 10 Wi papa nou sou latè te korije pou yon ti tan. Yo te fè sa yo kwè ki t ap pi bon pou nou. Men Bondye korije nou pou l ka ede nou vin sen menm jan avè l. 11 Pa gen moun ki renmen koreksyon, paske sa fè mal. Men pita, lè leson an byen antre nan tèt nou, n ap jwi lapè moun ki fè sa ki byen.

Fè atansyon sou fason n ap viv

12 Remanbre men fatige nou yo. Repare jenou nou yo k ap tranble. Ranmase fòs nou. 13 Pa fè chemen kwochi pou pye n yo ki gentan ap bwate pa fin enfim nèt, men pou yo ka geri.

14 Fè tout sa k depann de nou pou nou viv an pè ak tout moun, mennen yon lavi ki sen pou fè Bondye plezi. Nenpòt moun ki pa mennen yon lavi ki sen konsa, li p ap janm wè Bondye. 15 Fè sèten pou pèsonn nan mitan nou pa vire do bay gras Bondye a. Fè sèten pou pèsonn nan mitan nou pa vin tounen yon plant nwizib k ap pouse epi k ap pwazonnen tout gwoup la. 16 Fè atansyon pou pèsonn nan mitan nou pa tonbe nan peche seksyèl. Se pou nou gen respè pou bagay sakre. Pa fè tankou Ezayi, ki vann dwa premye pitit li te genyen an jis pou yon plat manje. 17 Sonje pita lè li te vle resevwa benediksyon ki rezève pou premye pitit la, papa l pa t ka fè anyen pou li. Ezayi te tèlman vle benediksyon an li te kriye, men pa t gen okenn fason li te ka defèt sa l te gentan fè a.

18 Tankou pèp Bondye a jodi a, nou pako rive bò mòn yo ka touche a, ki gen gwo dife k ap boule, ki kouvri ak fènwa, tenèb ak tanpèt. 19 Pa gen son twonpèt ni vwa k ap pale pawòl tankou sa pèp la te tande yo. Moun ki te tande vwa a pale te tèlman anba lapèrèz, yo te mande pou yo pa tande yon mo ankò. 20 Yo pa t ka sipòte lòd sa a: “Menmsi se yon bèt ki touche mòn nan se pou yo kalonnen l ak kout wòch pou touye l.”(B) 21 Sa yo te wè te tèlman fè yo pè, menm Moyiz te di: “M tranble tèlman m pè!”(C)[a]

22 Men nou vini bò mòn Siyon an, vil Bondye vivan an, Jerizalèm selès la, kote ki gen zanj pa milye ki rasanble pou selebre. 23 Nou vini nan asanble premye pitit Bondye yo. Yo gen non yo ekri nan syèl la. Nou vini bò kote Bondye ki se jij lemonn antye. Nou vini jwenn tout lespri moun ki jis yo, moun Bondye te fè rive nan pèfeksyon yo. 24 Nou vini bò kote Jezi, li menm ki vini ak nouvo kontra Bondye siyen ak pèp li a. Yo te aspèje w ak san Jezi ki te koule a, san k ap di bagay ki pi bon pase san Abèl la.

25 Fè atansyon epi pa fè tèt di lè Bondye pale. Moun yo ki te refize koute Bondye yo pa t chape anba pinisyon an. Pou nou menm, se depi nan syèl la Bondye ap pale avèk nou. Si nou vire do ba li, bagay la ap pi mal pou nou toujou. 26 Latè te tranble lè l te pale premye fwa a. Kounye a, li fè pwomès sa: “Yon lòt fwa ankò non sèlman m ap fè latè tranble, syèl la ap tranble tou.”(D) 27 Mo “yon lòt fwa ankò” a montre aklè Bondye pral sekwe tout bagay ki nan kreyasyon an epi li pral disparèt tout sa ki pa dire yo. Se sèlman sa ki pa ka sekwe k ap rete.

28 Men nou menm nou mèt di Bondye mèsi, paske nou resevwa yon wayòm pèsonn pa ka sekwe. An nou adore Bondye avèk anpil respè ak krentif, 29 paske Bondye nou an se yon dife ki ka kraze brize.(E)

Footnotes

  1. 12:18-21 Vèsè sa yo fè referans ak sa ki te rive pèp Izrayèl la, lè Moyiz t ap dirije l, jan sa rakonte nan Egz 19.

12 Therefore, since we are surrounded by such a great cloud of witnesses, let us throw off everything that hinders and the sin that so easily entangles. And let us run(A) with perseverance(B) the race marked out for us, fixing our eyes on Jesus,(C) the pioneer(D) and perfecter of faith. For the joy set before him he endured the cross,(E) scorning its shame,(F) and sat down at the right hand of the throne of God.(G) Consider him who endured such opposition from sinners, so that you will not grow weary(H) and lose heart.

God Disciplines His Children

In your struggle against sin, you have not yet resisted to the point of shedding your blood.(I) And have you completely forgotten this word of encouragement that addresses you as a father addresses his son? It says,

“My son, do not make light of the Lord’s discipline,
    and do not lose heart(J) when he rebukes you,
because the Lord disciplines the one he loves,(K)
    and he chastens everyone he accepts as his son.”[a](L)

Endure hardship as discipline; God is treating you as his children.(M) For what children are not disciplined by their father? If you are not disciplined—and everyone undergoes discipline(N)—then you are not legitimate, not true sons and daughters at all. Moreover, we have all had human fathers who disciplined us and we respected them for it. How much more should we submit to the Father of spirits(O) and live!(P) 10 They disciplined us for a little while as they thought best; but God disciplines us for our good, in order that we may share in his holiness.(Q) 11 No discipline seems pleasant at the time, but painful. Later on, however, it produces a harvest of righteousness and peace(R) for those who have been trained by it.

12 Therefore, strengthen your feeble arms and weak knees.(S) 13 “Make level paths for your feet,”[b](T) so that the lame may not be disabled, but rather healed.(U)

Warning and Encouragement

14 Make every effort to live in peace with everyone(V) and to be holy;(W) without holiness no one will see the Lord.(X) 15 See to it that no one falls short of the grace of God(Y) and that no bitter root(Z) grows up to cause trouble and defile many. 16 See that no one is sexually immoral,(AA) or is godless like Esau, who for a single meal sold his inheritance rights as the oldest son.(AB) 17 Afterward, as you know, when he wanted to inherit this blessing, he was rejected. Even though he sought the blessing with tears,(AC) he could not change what he had done.

The Mountain of Fear and the Mountain of Joy

18 You have not come to a mountain that can be touched and that is burning with fire; to darkness, gloom and storm;(AD) 19 to a trumpet blast(AE) or to such a voice speaking words(AF) that those who heard it begged that no further word be spoken to them,(AG) 20 because they could not bear what was commanded: “If even an animal touches the mountain, it must be stoned to death.”[c](AH) 21 The sight was so terrifying that Moses said, “I am trembling with fear.”[d](AI)

22 But you have come to Mount Zion,(AJ) to the city(AK) of the living God,(AL) the heavenly Jerusalem.(AM) You have come to thousands upon thousands of angels in joyful assembly, 23 to the church of the firstborn,(AN) whose names are written in heaven.(AO) You have come to God, the Judge of all,(AP) to the spirits of the righteous made perfect,(AQ) 24 to Jesus the mediator(AR) of a new covenant, and to the sprinkled blood(AS) that speaks a better word than the blood of Abel.(AT)

25 See to it that you do not refuse(AU) him who speaks.(AV) If they did not escape when they refused him who warned(AW) them on earth, how much less will we, if we turn away from him who warns us from heaven?(AX) 26 At that time his voice shook the earth,(AY) but now he has promised, “Once more I will shake not only the earth but also the heavens.”[e](AZ) 27 The words “once more” indicate the removing of what can be shaken(BA)—that is, created things—so that what cannot be shaken may remain.

28 Therefore, since we are receiving a kingdom that cannot be shaken,(BB) let us be thankful, and so worship God acceptably with reverence and awe,(BC) 29 for our “God is a consuming fire.”[f](BD)

Footnotes

  1. Hebrews 12:6 Prov. 3:11,12 (see Septuagint)
  2. Hebrews 12:13 Prov. 4:26
  3. Hebrews 12:20 Exodus 19:12,13
  4. Hebrews 12:21 See Deut. 9:19.
  5. Hebrews 12:26 Haggai 2:6
  6. Hebrews 12:29 Deut. 4:24