Add parallel Print Page Options

Ede youn lòt

Frè m ak sè m yo, si nou kenbe yon moun ap fè yon move bagay, nou menm k ap mennen lavi nou dapre Sentespri a, se pou nou ede yon moun konsa retounen viv dwat devan Bondye. Men, se pou nou fè sa avèk dousè. Epi tou, pran prekosyon pou nou pa tonbe nan tantasyon tou. Se pou youn ede lòt pote chay li. Se konsa n ap rive fè sa lalwa Kris la mande a. Paske, si yon moun panse l se yon zafè epi li pa anyen, se twonpe l ap twonpe tèt li. Se pou chak moun egzamine travay pa l, olye de konpare tèt li ak lòt moun. Konsa, l a wè si l gen rezon pou fè lwanj pou tèt li. Paske chak moun fèt pou pran pwòp responsabilite li.

Pa janm sispann fè sa ki byen

Yon moun k ap resevwa enstriksyon pawòl Bondye a, li dwe pataje tout bon bagay li genyen ak moun k ap ba li enstriksyon an.

Pa twonpe tèt nou, moun pa ka pase Bondye nan betiz. Paske nenpòt sa yon moun plante, se sa tou l ap rekòlte. Moun ki simen semans ki pou satisfè dezi li, sa l ap rekòlte, se destriksyon. Men, moun ki semèn semans pou satisfè Sentespri a, l ap rekòlte lavi etènèl. Nou pa fèt pou n janm bouke fè sa ki byen, paske, si nou pa dekouraje, n ap jwenn rekonpans nou lè lè a rive. 10 Konsa, pandan nou jwenn okazyon an, se pou nou fè byen ak tout moun, sitou pou moun sa yo ki kwè menm jan avèk nou nan fanmi Bondye a.

Dènye rezime sa Pòl ekri nan lèt sa a

11 Kounye a m ap ekri nou ak pwòp men m. Gade gwosè lèt yo. 12 Moun sa yo k ap fòse nou pou n fè sikonsi nou an, se pou moun ka wè yo bon ki fè y ap fè sa. Yo pè pou yo pa pèsekite yo poutèt y ap swiv kwa[a] Kris la sèlman. 13 Alòske menm moun ki sikonsi yo pa rive fè tout sa lalwa a mande. Epi yo vle nou sikonsi pou yo ka fè grandizè poutèt yon ti moso po nou koupe nan kò nou.

14 Si se pou mwen, m p ap janm fè grandizè. Yon sèl bagay ki pou ta fè m fè grandizè se lanmò Kris la sou kwa a. Poutèt lanmò sa a, mwen krisifye pou lemonn, epi lemonn krisifye pou mwen tou. 15 Pou byen di nou, kit yon moun sikonsi, kit li pa sikonsi, se pa sa k gen valè. Sa k konte a, se lè yon moun antre nan nouvo lavi Bondye ap ban nou an. 16 Se pou lapè Bondye desann sou tout moun ki antre nan nouvo lavi a. Epi se pou Bondye gen konpasyon pou pèp li a, Izrayèl.

17 Pou fini, mwen mande pou pèsonn pa banm plis tèt chaje ankò. Paske mwen pote mak nan kò m, mak ki montre mwen soufri pou Jezikris.

18 Frè m ak sè m yo, Se pou gras Senyè nou an, Jezikris, rete avèk nou. Amèn.

Footnotes

  1. 6:12 kwa Pòl itilize kwa Kris la kòm yon imaj pou reprezante Levanjil la. Kris la mouri sou kwa a pou peye dèt peche lèzòm. Kwa a (lanmò Kris la) se sa Bondye itilize pou l sove moun. Gade vèsè 14 la tou.