Add parallel Print Page Options

Men sa m vle di: Lè eritye yo se timoun yo ye, yo menm jan ak yon esklav. Sa pa fè okenn diferans, menm lè, yon jou, se yo menm k ap mèt tout byen papa a. Pandan yo timoun nan, yo dwe soumèt yo ak moun k ap okipe yo a. Men lè yo rive nan laj papa a te deside a, yo vin lib. Se menm bagay pou nou tou. Yon lè nou te menm jan ak timoun, nou te esklav yon bann fòs k ap domine sou lavi moun. Men, lè lè a te rive, Bondye te voye Pitit li a, yon fanm te ba l nesans epi li te viv anba Lalwa. Bondye te fè sa konsa pou l te kapab achte libète moun k ap viv anba Lalwa yo. Pwojè Bondye se pou l fè nou vin pitit li.

Poutèt kounye a nou se pitit Bondye, Bondye voye Lespri Pitit li nan kè nou. Lespri sa a rele Bondye, “Abba,[a] Papa.” Kounye a, nou pa esklav ankò jan n te ye anvan an. Nou se pitit Bondye, epi n ap jwenn tout sa Bondye te pwomèt pitit li yo.

Lamou Pòl genyen pou kwayan nan peyi Galasi yo

Nan tan pase, nou menm moun Galasi, nou pa t konn Bondye. Nou te esklav lòt dye yo, bagay ki pa t dye vrèman. Men kounye a, nou konnen vrè Bondye a. Ann di pito, se Bondye ki konnen nou. Alò, poukisa nou retounen al obeyi vye fòs san pouvwa san valè, bagay nou te swiv anvan yo? Èske nou vle retounen esklav bagay sa yo ankò? 10 Nou tonbe nan obsève jou, mwa, sezon avèk ane. 11 Sa chaje tèt mwen anpil. Mwen krenn pou travay mwen nan mitan nou pa tounen yon travay ki fèt pou granmesi.

12 Frè m ak sè m yo, silvouplè, poutèt mwen fè m sanble ak nou, fè n sanble ak mwen tou. Nou te si bon anvè mwen anvan. 13 Nou konnen, se paske m te malad ki fè m te pote Bòn Nouvèl la lakay nou premye fwa a. 14 Maladi m nan te yon fado pou nou. Men, nou pa t janm derespekte m[b] pou te fè m pati. Okontrè, nou te akeyi m kòmsi m te yon anj Bondye voye; nou te aksepte m kòmsi m te Jezikris menm! 15 Lè sa a, nou te si kontan. Sa k pase, kote lajwa sa a? Mwen kapab di san okenn dout: Nou t ap fè tout sa k posib pou n ede m. E si se te posib, nou t ap prèt pou rache pwòp je nou ban mwen. 16 Èske m vin tounen yon ènmi pou nou, paske m di nou verite a?

17 Gen moun[c] k ap fè anpil efò pou detounen nou, men sa pa bon pou nou. Se vle yo vle pran tèt nou pou detache nou de mwen epi pou n vin fanatik yo pito. 18 Li bon pou n fè anpil efò, men fòk se pou yon bon bagay. Epi se pa lè m la sèlman, men, menm lè m pa la tou. 19 Ti moun mwen yo, se soufri m ap soufri yon fwa ankò pou nou, menm jan ak yon manman k ap akouche. M ap toujou santi doulè sa a jouktan yon moun ta gade nou epi yo ta wè Jezikris. 20 Mwen ta renmen ansanm ak nou kounye a, pou m ta chache jwenn yon lòt fason pou m pale ak nou. Mwen pa konnen kijan m ta pale ak nou ankò.

Egzanp Aga ak Sara

21 Di m non, nou menm ki vle obsève Lalwa a, èske nou pa konnen sa Lalwa a di? 22 Bib la di Abraram te gen de pitit gason. Manman youn nan yo se te yon esklav epi manman lòt la te gen libète l. 23 Pitit gason Abraram te fè ak esklav la te fèt jan tout moun fèt. Men pitit li fè ak fanm ki te gen libète l la te fèt dapre pwomès Bondye te fè Abraram nan.

24 Istwa sa a kapab gen yon lòt sans pou nou. De fanm sa yo se de alyans ant Bondye ak pèp li a. Youn nan alyans yo, se Lalwa Bondye te bay sou mòn Sinayi a. Moun ki anba alyans sa a, yo nan esklavaj. Manman ki rele Aga a, se alyans sa a. 25 Konsa, Aga se menm jan ak mòn Sinayi. Alaverite, mòn Sinayi se yon mòn nan peyi Arabi. Men Aga reprezante vil Jerizalèm nan moman m ap ekri nou la a. Vil sa se yon esklav, epi tout moun ladan l se esklav Lalwa a. 26 Men, Jerizalèm ki soti nan syèl la, li menm jan ak fanm ki gen libète l la. Se li ki manman nou. 27 Bib la di konsa:

“Fè kè w kontan, madanm,
    ou menm ki pa ka fè pitit.
Se pou w kontan,
    ou menm ki pa janm fè pitit.
Leve vwa w ak lajwa!
    Ou pa janm konnen doulè akouchman.
Fanm san mari a[d] ap gen plis pitit
    pase madanm k ap viv ak mari l la.”[e]

28 Pou nou menm, frè m ak sè m yo, nou se pitit ki te fèt selon pwomès Bondye a, menm jan ak Izaak. 29 Men, lòt pitit Abraram nan, ki te fèt kon tout moun nan, li te pèsekite sa k te fèt pa pouvwa Sentespri a. Se menm bagay jodi a. 30 Men kisa Bib la di: “Mete fanm esklav la deyò ak tout pitit li a! Pitit fanm ki gen libète l la ap resevwa tout sa papa l genyen, men pitit esklav la p ap jwenn anyen.”[f] 31 Konsa, frè m ak sè m yo, nou pa pitit fanm esklav la. Nou se pitit fanm ki gen libète l la.

Footnotes

  1. 4:6 Abba Mo “Abba” se yon mo nan lang Arameyen ti moun Jwif konn sèvi pou yo rele papa yo.
  2. 4:14 nou pa … derespekte m Literalman, “nou pa t krache”. Nan kontèks sa yo, moun te konn krache lè yo wè maladi dwòl osinon lòt bagay konsa pou kenbe malediksyon an lwen yo.
  3. 4:17 Gen moun Fo doktè ki t ap twouble kwayan yo nan peyi Galasi. Gade nan Gal 1:7.
  4. 4:27 Fanm san mari a Sa vle di mari kite l.
  5. 4:27 Sitasyon sa a soti nan Eza 54:1.
  6. 4:30 Sitasyon sa a soti nan Jen 21:10.