Add parallel Print Page Options

Lòt apot yo aksepte Pòl ak Mesaj li a

Kounye a, apre katòzan, mwen tounen Jerizalèm ankò, ansanm ak Banabas. Mwen te mennen Tit avè m tou lè sa a. Mwen te monte Jerizalèm paske Bondye te fè m konnen mwen te bezwen fè sa. Lè m rive, mwen eksplike moun legliz yo mesaj levanjil m ap preche a pami moun ki pa Juif yo. Mwen te fè yon rankont an prive tou ak sila yo ki te konsidere kòm lidè yo, pou m te asire m efò m t ap fè yo pa t pou granmesi.

Malgre Tit ki te avè m nan se te yon Grèk, yo pa t egzije l pou l sikonsi. Yo pa t fè sa, malgre gen moun ki te fè tèt yo pase pou frè, ki te glise kò yo nan mitan nou pou espyone libète nou genyen nan Kris la. Yo te vle fè nou tounen esklav lalwa ankò. Moun sa yo, nou pa t lage bay fo frè sa yo ditou. Nou te vle pou verite mesaj konsènan Kris la rete fèm pou nou.

Mesye yo te rekonèt kòm gwo lidè yo, yo pa t chanje mesaj mwen an. (Vrèmanvre, kèlkeswa sa yo ye a, sa pa t fè okenn diferans, paske Bondye pa gade sou figi moun). Wi, gwo lidè yo pa t ajoute anyen nan mesaj mwen t ap preche a. Okontrè, yo wè Bondye te chwazi m pou m preche Levanjil la bay moun ki pa Juif yo, menm jan li te chwazi Pyè pou preche Levanjil la bay moun ki Juif yo. Paske, menm Bondye ki chwazi Pyè pou l vin yon apot pou ale nan mitan Juif yo, se li menm tou ki chwazi m pou m vin yon apot pou nan mitan moun ki pa Juif yo. Alò, tout moun rekonèt Jak, Pyè ak Jan kòm gwo lidè nan legliz Jerizalèm nan. Lè mesye sa yo wè favè Bondye te fè m, yo bay Banabas avèk mwen lanmen asosyasyon pou montre se ansanm n ap travay. Yo montre nou yo dakò pou n kontinye travay ak moun ki pa Juif yo, alòske, yo menm, y ap travay ak Juif yo. 10 Yon sèl bagay yo te mande nou se pou nou te toujou sonje pòv yo. Yon bagay mwen te toujou cho deja pou m fè.

Pòl montre Pyè te antò

11 Lè Pyè te vin nan Antyòch, mwen te montre l mwen pa t dakò avè l, paske li te fè yon bagay ki pa bon. 12 Men sa k te pase: Anvan kèk moun ki soti kote Jak nan legliz Jerizalèm nan te rive nan Antyòch, Pyè te toujou konn manje ak moun ki pa Juif yo nan legliz Antyòch la. Men, lè Juif ki soti bò kote Jak yo rive, li demake tèt li, li fè kòmsi li pa t konn manje ak moun ki pa Juif yo, li sispann manje ak yo. Li te fè sa poutèt li te pè Juif yo ta nan gwoup ki te di moun ki pa Juif yo dwe sikonsi tou. 13 Lòt Juif ki nan legliz Antyòch yo te mete yo ansanm ak Pyè nan menm aksyon ipokrit sa a tou. Menm Banabas te swiv yo nan ipokrizi a tou. 14 Lè m te wè yo pa t ap mache dwat dapre verite mesaj Levanjil la, mwen te di Pyè devan tout moun: si ou menm ki Juif, ou ap konpòte w tankou yon moun ki pa Juif, pase pou w ta konpòte w tankou yon Juif, kijan ou fè ap eseye fòse moun ki pa Juif yo pou yo viv tankou Juif?

15 Nou menm, nou se Juif de nesans. Nou pa konsidere tèt nou kòm pechè tankou yo rele moun ki pa Juif yo. 16 Nou konnen Bondye pa deklare yon moun dwat devan l paske moun sa a fè sa lalwa mande. Men, se poutèt fidelite Kris[a] la ki fè Bondye kapab aksepte nou. Se poutèt sa, nou menm Juif yo tou, nou te mete konfyans nou nan Jezikris[b] pou Bondye te kapab deklare nou dwat devan l. Se pa t lalwa nou te obsève, paske pa gen okenn moun Bondye ap deklare dwat devan l paske li fè sa lalwa mande.

17 Men, si n ap chache pou Bondye deklare nou dwat devan l sou baz relasyon nou ak Kris, sa vle di nou se pechè tou, menm jan ak moun ki pa Juif yo. Èske sa ta vle di Kris la ap ankouraje peche pou sa? Non, se pa vre! 18 Paske si pou m ta ap eseye fè moun ki pa Juif yo obsève lalwa pou yo sove, epi m gentan fin kraze panse sa a deja, se lè sa a mwen montre mwen se yon moun k ap vyole lalwa. 19 Paske, pa mwayen lalwa, mwen mouri kanta lalwa, poutèt pou m ka viv pou Bondye. Mwen te mouri sou kwa a ansanm ak Kris. 20 Konsa, nou wè m ap viv, men se pa mwen k ap viv, se Kris k ap viv nan mwen. M ap viv nan kò a, se paske pitit Bondye a renmen m, li bay lavi l pou mwen epi mwen mete konfyans mwen nan li. 21 Mwen chwazi pou m pa meprize favè Bondye fè m nan. Paske, si se ta lè yon moun fè sa lalwa mande li dwat devan Bondye, enben, nou ta mèt di Kris pa t bezwen mouri.

Footnotes

  1. 2:16 se poutèt fidelite Kris Oubyen “pa mwayen lafwa nan Kris”.
  2. 2:16 nou te mete konfyans nou nan Jezikris Oubyen “pa mwayen fidelite Jezikris”.