Add parallel Print Page Options

Kèk bagay nou dwe fè

Frè m ak sè byeneme m yo, mwen anvi wè nou anpil. Nou fè kè mwen kontan epi mwen fyè de nou. Poutèt sa, byeneme, kontinye rete fidèl epi rete atache ak Senyè a.

Evodi, ou menm ak Sentich, m ap egzòte nou pou nou chache gen tèt ansanm nan Senyè a. Ou menm ki se yon konpanyon fidèl pou mwen: M ap mande w pou w ede medam sa yo. Se pa ti travay yo te travay ansanm ak mwen nan anonse Levanjil la, ansanm ak Klèman epi lòt moun yo tou. Non yo tout ekri nan Liv lavi a.[a]

Toujou kontan nan Senyè a! M ap repete sa, fè kè nou kontan!

Se pou tout moun wè kijan nou se bon moun. Senyè a pa lwen retounen. Pa bay tèt nou pwoblèm pou anyen. Men nan chak sikonstans, fè Bondye konnen sa nou bezwen nan lapriyè pandan n ap di l mèsi. Lè sa a, lapè Bondye ki depase tout sa yon moun kapab konprann[b] va kenbe kè nou ak panse nou nan Jezikris.

Pou fini, frè m ak sè m yo, bagay ki pou nan lespri nou se bagay ki bon, ki vrè, ki jis, ki sen, ki bèl, bagay moun respekte, ki pwòp epi bagay moun ka fè lwanj pou yo. Mete sa nou aprann an pratik, pratike sa nou te resevwa nan menm; sa nou tande ak sa nou wè nan lavi m. Epi Bondye ki sous lapè a va avèk nou.

Pòl ap di kretyen Filip yo mèsi

10 Mwen senti m kontan anpil nan Senyè a, paske nou te montre kijan nou renmen m yon lòt fwa ankò. Nou te toujou renmen m, men nou pa t gen mwayen pou nou montre sa. 11 Se pa paske m nan bezwen ki fè m ap di sa. Mwen aprann satisfè m ak sa m genyen epi ak sa ki rive m. 12 Mwen konn viv nan nesesite, mwen konn viv nan labondans. Mwen aprann sekrè kijan pou m viv nan kèlkeswa sitiyasyon an, nan vant plen oubyen nan grangou, nan labondans oubyen nan zafè pa bon. 13 Mwen kapab fè fas ak nenpòt ki sitiyasyon poutèt Kris k ap ban mwen fòs.

14 Men, se yon bon bagay nou fè, lè nou ede m konsa nan soufrans mwen yo. 15 Nou menm Filipyen, nou konnen sa k te rive, lè m te fenk kòmanse preche Levanjil. Lè m te kite rejyon Masedwàn nan, pa gen yon legliz ki te ede m, se nou menm sèlman ki te fè sa. 16 Plizyè fwa nou voye anpil bagay pou ede mwen, lè m te lavil Tesalonik. 17 Se pa kado ak lajan m ap chache non. Okontrè, m ap chache wè si nou menm, lafwa nou ta fè pi plis benefisye toujou devan Bondye. 18 Mwen resevwa tout bagay, mwen pa manke anyen, epi menm pi plis pase sa m te bezwen. Epafwodit te ban mwen pwovizyon nou te voye yo. Yo te byen vini, tankou yon bon kalite ofrann ki fè Bondye plezi. 19 Se pou Bondye m nan ban nou tou sa nou gen bezwen ki soti nan richès laglwa li nan Jezikris. 20 N ap fè louwanj pou Bondye Papa a pou tout tan gen tan. Amèn!

21 Salye tout pèp Bondye a nan Jezikris. Frè ki avè m yo salye nou tou. 22 Tout pèp Bondye isit la voye salitasyon pou nou, sitou sa yo k ap travay pou anperè Seza.

23 Se pou gras Senyè Jezikris ranpli lespri nou chak.

Footnotes

  1. 4:3 Liv lavi a Liv lavi Bondye a ki gen non tout moun Bondye chwazi yo. Gade nan Rev 3:5; 21:27.
  2. 4:7 depase … konprann Literalman, “depase tout entèlijans”, sa vle di tou “ki ale pi lwen pase tout sa moun kapab konprann”.