Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Finding your way around? See how the new Bible Gateway works. Take the tour.
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Understand more as you read. Try Bible Gateway Plus.
  • Read
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • News
  • Explore
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
    • Take a Tour
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
News
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
Print PrintSettingsSettingsShare ShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Ezekyèl 30  Haitian Creole Version

30 ¶ Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:

2 -Nonm o! Bay mesaj Bondye a! Fè konnen sa Seyè sèl Mèt la voye ou di: -Rele non! Ala yon move jou!

3 Jou a ap pwoche. Wi, dat pou Seyè a aji a ap pwoche vre. Jou sa a, syèl la ap fèmen. Se va yon jou malè pou nasyon yo.

4 Pral gen lagè nan tout peyi Lejip. Gwo lafliksyon pral tonbe sou peyi Letiopi. Anpil moun pral mouri nan peyi Lejip. Yo pral piye peyi a nèt ale. Y'a kraze ata fondasyon kay li yo.

5 Nan lagè sa a, yo pral touye tout sòlda li yo, ki vle di tout moun peyi Letiopi, moun peyi Pout, moun peyi Loud, moun peyi Arabi, moun peyi Koub. Ata moun peyi pa m' lan, Izrayèl, ki t'ap sèvi nan lame Lejip la ap mouri ansanm ak yo tou.

6 Men sa Seyè a di ankò: -Tout moun ki t'ap pran defans peyi Lejip la pral mouri. Gwo bèl lame Lejip la pral disparèt. Wi, depi lavil Migdòl nan nò desann lavil Aswan nan sid, yo tout ap mouri nan lagè. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.

7 Se peyi sa a ki pral pi mal nan tout peyi yo devaste yo. Lavil li yo pral tounen mazi nèt.

8 Lè m'a mete dife nan peyi Lejip, lè tout moun ki t'ap goumen pou li yo va tonbe mouri, lè sa a y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

9 Lè jou sa a va vini, jou pou yo detwi peyi Lejip la, m'ap voye mesaje nan bato pou y' al pran tèt moun ki t'ap viv kè pòpòz nan peyi Letiopi yo. Moun sa yo pral kraponnen anpil. Wi, jou sa a pa lwen rive.

10 Seyè sèl Mèt la di ankò: Mwen pral sèvi ak Nèbikadneza, wa Babilòn lan, pou m' fini ak richès peyi Lejip la.

11 Wa a va vini ak lame sòlda li yo pou yo ravaje tout peyi a. Se moun Babilòn sa yo ki pi mechan pase tout lòt nasyon. Yo pral atake peyi Lejip avèk nepe yo nan men yo. Pral gen kadav nan tout peyi a.

12 Mwen pral cheche dlo larivyè Nil la, m'ap lage peyi a nan men ansasen. M'ap fè moun lòt nasyon yo ravaje peyi a nèt ansanm ak tou sa ki ladan l'. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

13 Seyè sèl Mèt la di ankò: Mwen pral detwi tout zidòl yo, m'ap disparèt tout fo bondye ki lavil Menmfis yo. p'ap gen pesonn pou gouvènen peyi Lejip la. M'ap fè tout moun nan peyi a pran tranble tèlman y'ap pè.

14 M'ap devaste zòn Patwòs la nan sid peyi a. M'ap mete dife nan lavil Zoan nan nò. M'ap pini lavil Tèb, kapital peyi a.

15 M'ap fè moun lavil Sin yo, lavil ki plen gwo ranpa pou defann peyi a, santi jan mwen konn fache. M'ap detwi tout richès lavil Tèb la.

16 M'ap mete dife nan peyi Lejip. Lavil Sin lan pral nan gwo lapenn. Gwo miray lavil Tèb yo pral fann, y'ap kraze. Dlo pral anvayi tout lavil la.

17 Tout jenn gason lavil Eliopolis ak lavil Boubastis yo ap mouri nan lagè. Y'ap depòte tout rès moun yo.

18 Fènwa pral kouvri lavil Tapanès gwo jounen, lè m'a kraze otorite pouvwa peyi Lejip la. Lè m'a fini ak fòs kouraj ki t'ap fè l' gonfle lestonmak li a, yon gwo nwaj pral kouvri tout peyi Lejip. Yo pral depòte dènye moun li yo.

19 Se konsa mwen pral pini peyi Lejip. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

20 ¶ Nan setyèm jou premye mwa, onzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m', li di m' konsa:

21 -Nonm o! Mwen kase ponyèt farawon an, wa Lejip la. Pa gen pesonn ki mete renmèd sou li, pesonn ki mete l' nan fòm pou l' ka pran, pou l' ka gen fòs kenbe nepe nan men l' ankò.

22 Se poutèt sa, koulye a men sa Seyè sèl Mèt la di: M'ap leve dèyè farawon an, wa peyi Lejip la. Mwen pral kase tou de ponyèt li yo, ni sa ki te enganm lan ni sa ki te kase deja a. M'ap fè nepe a soti tonbe nan men l'.

23 Mwen pral gaye moun peyi Lejip yo nan lòt peyi, mwen pral simaye yo nan mitan divès lòt nasyon sou latè.

24 Mwen pral bay ponyèt wa Babilòn lan fòs, m'ap mete nepe pa m' lan nan men l'. M'ap kase tou de ponyèt farawon yo. Li pral rakle, li pral soufri anpil, li pral mouri devan lènmi l' lan.

25 Wi, m'ap bay ponyèt wa Babilòn lan fòs, men m'ap febli ponyèt farawon an. Lè m'a bay wa Babilòn lan nepe pa m' lan, lè l'a lonje l' sou peyi Lejip la, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a.

26 M'ap gaye moun peyi Lejip yo nan lòt peyi, mwen pral simaye yo nan mitan divès lòt nasyon sou latè. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Next
Ezekyèl 29
Ezekyèl 31
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway