Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Welcome to the new Bible Gateway. Take a quick tour and see what’s new.
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Verse of the Day by email. Sign up free.
  • Read
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • News
  • Explore
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
    • Take a Tour
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
News
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
Print PrintSettingsSettingsShare ShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Estè 8  Haitian Creole Version

8 ¶ Menm jou sa a, wa Asyeris pran tout byen Aman yo, nonm ki pa t' vle wè jwif yo, li fè larenn Estè kado. Estè fè wa a konnen Madoche se fanmi li. Depi lè sa a, Madoche te gen dwa parèt devan wa a.

2 Wa a wete bag li te reprann nan men Aman an, li bay Madoche li. Estè menm mete Madoche reskonsab tout byen Aman yo.

3 ¶ Apre sa, Estè al pale ak wa a ankò. Li lage kò l' nan pye l' ap kriye. Li mande l' pou l' fè kichòy pou kraze vye konplo Aman, moun laras Agag la, te moute sou do jwif yo.

4 Wa a lonje baton an lò a bay Estè. Estè leve epi li di:

5 -Si sa fè wa a plezi, si wa a kontan avè m', si se yon bagay li ka fè, si mwen fè wa a plezi, tanpri, ekri yon lèt pou revoke lòd Aman, pitit Amedata, moun laras Agag la, te bay pou yo te touye dènye kras jwif toupatou nan peyi wa a.

6 Mwen p'ap ka rete konsa pou m' wè malè sa a ap tonbe sou moun pèp mwen yo, pou m' wè y'ap touye tout fanmi m' yo.

7 Wa Asyeris di Estè ak Madoche konsa: -Gade, mwen fè pann Aman poutèt konplo li te moute sou do jwif yo, lèfini, m' bay Estè tout byen li yo.

8 Men, depi yo bay yon lòd piblik nan non wa a, avèk so wa a sou li, li pa ka revoke. Tansèlman, nou menm, nou gen dwa ekri yon lèt bay jwif yo nan non mwen avèk so mwen sou li.

9 Tou sa te pase nan venntwazyèm jou twazyèm mwa a, mwa Sivan an. Madoche fè chache tout sekretè wa yo, li di yo tou sa pou yo mete nan lèt pou yo voye bay jwif yo, bay gouvènè yo, bay prefè yo ak lòt chèf pèp yo, nan tout sanvennsèt (127) pwovens yo, depi peyi Lend rive peyi Letiopi. Lèt yo te ekri pou chak pwovens yo nan lang yo, dapre jan yo ekri lang lan nan peyi a. Yo ekri lèt pou jwif yo nan lang pa yo, dapre jan yo ekri lang pa yo a tou.

10 Madoche fè ekri lèt yo nan non wa a, epi li mete so wa a sou yo. Yo renmèt lèt yo bay mesaje pote ale. Mesaje yo te moute sou chwal yo te pran nan ekri wa a.

11 Dapre sa ki te nan lèt yo, wa a te bay tout jwif yo pèmisyon pou yo te òganize yo nan chak lavil peyi a pou yo te ka defann tèt yo. Nenpòt moun lòt nasyon ki ta atake yo ak zam nan nenpòt pwovens, se pou yo koresponn ak yo, se pou yo masakre yo ansanm ak madanm yo ak pitit yo. Se pou yo touye yo nèt ale, lèfini pou yo pran tout byen yo.

12 Se sa pou jwif yo fè nan tout pwovens peyi wa Asyeris la, nan trèzyèm jou douzyèm mwa a, ki vle di mwa Ada a.

13 Nan chak pwovens, se pou yo te konsidere lèt la tankou yon lwa. Se pou yo te pibliye l' pou tout moun te ka konnen sa ki ladan l'. Jwif yo menm te pou pare pou yo te tire revanj yo sou lènmi yo jou sa a.

14 Jan wa a te bay lòd la, mesaje yo moute sou chwal wa yo, yo kouri pote lèt yo ale. Yo te mache fè konnen lòd wa a nan lavil Souz, kapital la, tou.

15 ¶ Madoche soti kite palè wa a. Li te gen yon bèl rad ble e blan, tankou rad wa a, sou li, yon gwo kouwòn lò sou tèt li ak yon manto koulè violèt sou zepòl li. Tout moun lavil Souz te kontan, yo t'ap fè fèt.

16 Pou jwif yo menm, se te yon gwo soulajman; yo te kontan, yo t'ap fè fèt, se te yon bèl bagay pou yo.

17 Nan tout pwovens yo, nan chak lavil yo, toupatou kote yo te li lèt wa a te voye a, jwif yo pase jou a ap fè fèt, yo te kontan, yo fè resepsyon, yo bay manje. Anpil moun lòt nasyon fè yo jwif lè sa a, paske yo te pè jwif yo anpil.

Next
Estè 7
Estè 9
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway