Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Read Scripture without ads. Study with fewer distractions with Bible Gateway Plus.
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Read Scripture without ads. Try Bible Gateway Plus.
  • Read
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • News
  • Explore
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
    • Take a Tour
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
News
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
Print PrintSettingsSettingsShare ShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Egzòd 28  Haitian Creole Version

28 ¶ W'a pran Arawon ak pitit li yo: Nadab, Abiyou, Eleaza, Itama, w'a wete yo nan mitan moun Izrayèl yo, w'a fè yo vin jwenn ou. W'a mete yo apa pou yo sèvi m' prèt.

2 W'a fè rad pou Arawon, frè ou la, rad pou li mete lè l'ap fè sèvis, pou l' ka byen abiye, pou moun ka rekonèt grad li.

3 W'a pale ak atizan ki konnen metye yo byen. Se mwen menm ki ba yo tout ladrès yo genyen an. W'a mande yo pou yo fè rad Arawon yo, pou ou ka mete l' apa pou mwen pou l' ka sèvi m' prèt.

4 Men ki rad pou yo fè: yon plastwon, yon jile, yon gwo rad long, yon chemiz byen bwode, yon gwo mouchwa pou vlope tèt ak yon sentiwon. y'a fè rad sa yo pou Arawon, frè ou la, ak pou pitit li yo pou yo ka sèvi m' prèt.

5 Pou fè travay la, atizan yo va sèvi ak lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen.

6 ¶ y'a fè jile a ak lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. y'a fè bèl bodri byen fèt sou li.

7 Va gen de zèpòlèt, yonn chak bò jile a. Se yo ki pou tache moso devan an ak moso dèyè a ansanm.

8 Bèl sentiwon byen bwode ki pou kenbe jile a va fè yon sèl pyès ak li, ak menm kalite bodri a sou li tou. y'a fè l' an lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, ansanm ak twal fen blan tise byen sere.

9 W'a pran de pyè oniks, w'a grave non branch fanmi douz pitit Izrayèl yo sou yo.

10 W'a grave non sis sou yon pyè, ak non sis sou lòt la, dapre laj yo, depi pi gran an jouk pi piti a.

11 Avèk ladrès òfèv ki konn grave non sou bag, ou ankò ladrès atizan ki konn fè so, w'a grave non branch fanmi pèp Izrayèl yo sou de pyè yo, epi w'a moute pyè yo chak sou yon moso lò.

12 W'a moute yo sou de zèpòlèt jile a pou yo pa bliye branch fanmi pèp Izrayèl yo. Konsa, Arawon va pote non yo sou zepòl li pou Seyè a pa janm bliye yo.

13 W'a pran de moso lò pou moute pyè yo sou yo.

14 W'a fè de ti chenn ak pi bon kalite lò ki genyen. Chenn yo va trese tankou ti kòdon. W'a tache yo sou moso lò yo.

15 ¶ W'a fè yon plastwon pou yo mete bagay y'a sèvi pou chache konnen sa Bondye vle. Se yon bon atis ki pou fè travay bodri a tankou pou jile a. W'a fè l' an lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere.

16 Plastwon an va mezire nèf pous kare kare, l'a double.

17 W'a moute kat ranje pyè sou li. Nan premye ranje a, va gen yon pyè woubi, yon pyè topaz ak yon pyè emwòd.

18 Nan dezyèm ranje a, va gen yon pyè malachi, yon pyè safi ak yon pyè dyaman.

19 Nan twazyèm ranje a, va gen yon pyè opal, yon pyè agat ak yon pyè ametis.

20 Nan katriyèm ranje a, va gen yon pyè krizolit, yon pyè oniks ak yon pyè jasp. y'a moute tout pyè sa yo chak sou yon moso lò.

21 Va gen douz pyè ak non branch fanmi pèp Izrayèl yo grave sou yo, yon non sou chak pyè. y'a grave non yo tankou lè òfèv ap grave bag.

22 W'a pran pi bon kalite lò ki genyen, w'a fè de ti chenn pou plastwon an. W'a trese yo tankou ti kòdon.

23 W'a fè de ti bag an lò, w'a tache yo nan de bout anwo plastwon an.

24 W'a mare de ti chenn yo nan de bag yo.

25 W'a pran de lòt bout chenn yo, w'a fè yo pase pa devan jile a, w'a tache yo sou de moso lò ki sou zèpòlèt jile a.

26 W'a fè ankò de lòt bag an lò, w'a tache yo nan de bout anba plastwon an sou lanvè, nan bòdi a toupre jile a.

27 W'a fè de lòt bag an lò ankò, w'a tache yo anba zèpòlèt jile a pa devan, toupre kouti a anwo tèt sentiwon bwode a.

28 y'a mare de bag plastwon an ak de bag jile a ansanm ak yon kòdon ble pou plastwon an bat sou sentiwon jile a. Konsa, plastwon an p'ap ka soti detache sou jile a.

29 Lè Arawon va antre nan kote ki apa pou Bondye a, l'a pote non branch fanmi pèp Izrayèl yo sou kè l', sou plastwon an, konsa Seyè a p'ap janm bliye yo.

30 W'a mete nan plastwon an ourim yo ak toumim yo. Konsa, Arawon va pote yo sou kè l' lè l'ap parèt devan lòtèl Seyè a. Lè l'a kanpe devan lòtèl Seyè a, l'a toujou pote sou kè l' sa li sèvi pou fè pèp Izrayèl la konnen volonte m'.

31 ¶ W'a pran twal ble pou fè rad ki ale anba jile a.

32 Nan mitan rad la, w'a fè yon twou pou l' pase tèt li. W'a mete yon doubli nan ankoli a, tankou yo fè l' pou varèz an po bèt yo, pou li pa chire.

33 Sou tout woulèt anba rad la, w'a pran twal ble, violèt ak wouj, w'a fè bodri an fòm grenad ak ti klòch an lò nan mitan yo.

34 Sou tout woulèt rad la va gen yon grenad, yon ti klòch, yon grenad, yon ti klòch, jouk yo fè tout tou rad la.

35 Se rad sa a Arawon va mete sou li lè li pral fè sèvis. Lè l'ap antre kote yo mete apa pou Bondye a pou l' parèt devan lòtèl Seyè a, ansanm ak lè l'ap soti, y'a tande ti klòch yo ap sonnen. Konsa li p'ap mouri.

36 W'a fè fè yon ti plak ak pi bon kalite lò ki genyen. Tankou lè y'ap fè so, w'a grave pawòl sa a sou li: Apa pou Seyè a.

37 W'a mare l' sou devan mouchwa tèt la avèk yon ti kòdon ble.

38 Arawon va mete l' sou fwon li, konsa Arawon va pran sou tèt li tou sa pèp Izrayèl la va fè ki mal lè y'ap pote ofrann apa yo bay Seyè a. Arawon va toujou pote l' sou fwon li pou ofrann yo ka toujou fè Seyè a plezi.

39 W'a fè chemiz la ak mouchwa tèt la ak twal fen blan, ansanm ak yon sentiwon bwode byen bèl.

40 ¶ W'a fè rad, sentiwon ak bonnèt pou pitit gason Arawon yo tou, pou yo ka byen abiye pou moun ka rekonèt grad yo.

41 Apre sa, w'a mete rad yo sou Arawon, frè ou la, ansanm ak pitit gason l' yo. Lèfini, w'a vide lwil sou tèt yo, w'a ba yo pouvwa pou yo fè sèvis Bondye. W'a mete yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m' prèt.

42 W'a fè kalson ak twal fen pou yo pou kò yo pa parèt anba rad la. Kalson yo va pran depi nan ren desann wotè jenou yo.

43 Se pou Arawon ak pitit gason l' yo toujou pote kalson yo lè y'ap antre nan Tant Randevou a, osinon lè y'ap pwoche bò lòtèl la pou fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a. Konsa, yo p'ap fè sa ki mal, yo p'ap mouri. Sa se yon lwa k'ap la pou tout tan pou Arawon ak tout pitit pitit gason li yo apre li.

Next
Egzòd 27
Egzòd 29
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway