Add parallel Print Page Options

Se poutèt sa, nou menm, pitit Bondye, nou pran egzanp sou Bondye ki renmen nou anpil. An n mennen yon lavi ki ranpli ak lanmou. An n renmen lòt moun yo, menm jan Kris la renmen nou. Li te bay lavi l pou nou tankou yon ofrann, yon sakrifis yo ofri bay Bondye epi ki fè Bondye plezi ak bon sant li.

Se moun Bondye nou ye, konsa pawòl ki konsène imoralite seksyèl, bagay sal, ak move lanvi pa ta dwe jann soti nan bouch nou. Menm jan an tou, lè n ap pale, piga nou nan repete gwo mo ak vye blag, bagay ki pa gen enpòtans. Bagay sa yo pa pou nou. Okontrè, se pawòl remèsiman anvè Bondye ki pou nan bouch nou pito. Nou mèt sèten, moun k ap viv tankou moun k ap sèvi zidòl, yo p ap kapab antre nan wayòm Bondye ak Kris la: moun ki pote lanvi sou zafè lòt moun, se tankou moun k ap sèvi zidòl; moun ki sal tèt yo nan komèt imoralite seksyèl andeyò mariyaj, se tankou moun k ap sèvi zidòl.

Pa kite okenn moun twonpe nou ak yon kantite manti. Se poutèt peche sa yo menm Bondye fache epi li pini moun ki pa vle obeyi l yo. Konsa, pa asosye w ak kalite moun konsa. Anvan nou te kwè nan Kris la, nou te nan fènwa. Men kounye a, nou se yon sous limyè nan Senyè a. Konsa, nou fèt pou n mennen bak nou tankou moun ki nan limyè a vre. Paske limyè sa a fè moun fè sa ki byen, sa ki dwat epi viv nan verite a. 10 Chache konnen ki bagay ki fè Senyè a plezi. 11 Pa asosye w ak anyen moun ki nan fènwa yo ap fè, bagay sa yo pa janm pote bon rezilta. Okontrè, denonse yo pou moun wè klè jan yo pa bon. 12 Se yon wont pou w menm ta pale de bagay moun sa yo ap fè an kachèt. 13 Men, limyè a montre aklè kijan bagay sa yo pa bon ditou. 14 Se vre wi, limyè a montre kijan tout bagay ye. Se poutèt sa yo di:

“Reveye w, ou menm k ap dòmi!
    Leve nan mitan moun ki mouri yo,
    epi Kris ap klere w.”

15 Pran anpil prekosyon ak jan n ap viv. Piga nou viv tankou moun fou, okontrè viv tankou moun ki saj. 16 Pa kite okenn bon okazyon pase pou nou pa fè sa ki byen, paske tan sa yo n ap viv la a pa bon menm. 17 Se poutèt sa, piga nou viv tankou moun egare. Okontrè, chache konnen sa Senyè a vle n fè. 18 Piga nou soule tèt nou ak diven, bagay konsa ap mennen nou nan debòch. Okontrè, kite Sentespri Bondye a ranpli lavi nou pito. 19 Ankouraje youn lòt avèk sòm yo, ak chan, ak kantik espirityèl. Chante epi fè mizik pou lwanj Senyè a ak tout kè nou. 20 Nan non Senyè Jezikris, toujou di Bondye, Papa a, mèsi pou tout bagay.

Jan pou yon fanmi mache

21 Se pou nou soumèt nou youn anvè lòt, poutèt respè nou gen pou Kris la.

22 Medam, soumèt ou devan mari w menm jan ou soumèt ou devan Kris la. 23 Yon mari se chèf madanm li, menm jan Kris la se chèf legliz la. Kris la se sovè legliz la epi legliz la menm se kò Kris la. 24 Konsa, menm jan legliz la soumèt devan Kris la, se menm jan an tou madanm yo dwe soumèt devan mari yo nan tout bagay.

25 Mari yo, se pou n renmen madanm nou menm jan kris la renmen legliz, jis li menm bay lavi l pou legliz la. 26 Kris bay lavi li pou l ka mete legliz la apa pou Bondye. Li pirifye Legliz la lè l lave l ak dlo epi netwaye l fè l pwòp ak pawòl li. 27 Kris bay lavi l tou pou l ka fè legliz la parèt devan l ak tout bèlte li, san tach, san okenn pli nan figi l, san menm yon ti defo.

28 Menm jan an tou, mari yo dwe renmen madanm yo tankou jan yo renmen pwòp kò yo. Yon mari ki renmen madanm li, se pwòp tèt pa l ankò li renmen. 29 Paske pa gen pèsonn ki rayi pwòp kò li. Okontrè, li ba l manje, li pran swen l. Se sa menm Kris fè pou legliz, 30 paske nou se manm kò li. 31 Bib la di: “Yon gason dwe kite papa l ak manman l, pou l atache l ak madanm li. Konsa, de moun sa yo ap vin fè yon sèl.”[a] 32 Gen yon gwo mistè nan pawòl sa a. M ap pale de Kris la ansanm ak legliz la. 33 Kidonk, chak moun dwe renmen madanm li menm jan li renmen pwòp tèt li, epi se pou chak madanm respekte mari li.

Footnotes

  1. 5:31 Sitasyon sa a soti nan Jen 2:24.