Add parallel Print Page Options

¶ Se poutèt sa, mwen menm Pòl ki nan prizon poutèt Kris la pou byen nou, nou menm ki pa jwif, m'ap lapriyè pou nou devan Bondye.

Mwen kwè nou konnen deja ki jan Bondye, nan bon kè l', te ban m' travay sa a pou m' te fè pou nou.

Bondye devwale m' sekrè travay li a, pou m' te ka konnen plan li te gen sere nan kè li. Se sou plan sa a mwen deja ekri nou kèk mo pi wo a.

Lè n'a li yo, n'a kapab gen yon lide ki jan mwen konprann sekrè Kris la.

Nan tan lontan Bondye pa t' devwale plan travay sa a bay ankenn moun sou latè, men koulye a, ak pouvwa Sentespri a, li devwale l' bay moun li mete apa pou sèvi l' apòt ak pwofèt.

Men sekrè a: Nan Jezikri, ak pouvwa bon nouvèl la, moun ki pa jwif yo gen pou resevwa ansanm ak jwif yo pòsyon pa yo nan byen Bondye a. Yo se manm yon menm kò ansanm ak jwif yo, y'ap jwenn pa yo ansanm ak yo tou nan menm pwomès Bondye te fè a.

Kifè m'ap sèvi bon nouvèl sa a, se paske Bondye nan bon kè l' fè m' yon favè, li fè pouvwa li travay nan mwen.

Mwen pi pitit pase moun ki pi pitit nan tout pèp Bondye a. Men atousa, se mwen menm Bondye bay privilèj sa a, pou m' fè moun lòt nasyon yo konnen bon nouvèl richès Kris la, richès moun p'ap janm fin konprann.

Li ban m' privilèj sa a pou m' fè tout moun wè aklè ki jan plan travay Bondye te sere nan kè li a ap reyalize, paske Bondye ki kreye tout bagay te kenbe plan sa a nan kè l' depi lontan.

10 Men koulye a, avèk legliz la, tout chèf ak tout otorite ki nan syèl la pral rive konnen bon konprann Bondye a sou tout fòm li yo.

11 Bondye aji konsa dapre plan ki te la depi lontan an. Se plan sa a li reyalize nan Jezikri, Seyè nou an.

12 Ak lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la, gremesi konfyans nou gen nan li a, nou lib pou nou pwoche devan Bondye san kè sote.

13 Se sak fè, mwen mande nou pou nou pa dekouraje poutèt soufrans m'ap sibi pou nou yo, paske se yon bèl avantaj sa ye pou nou.

14 ¶ Wi, se poutèt sa, mwen tonbe ajenou devan Papa a,

15 ki bay tout fanmi ki nan syèl la ak sou latè a non yo.

16 M'ap mande Bondye pou li ban nou, dapre richès pouvwa li a, fòs ak kouraj nan kè nou, pa mwayen pouvwa Sentespri a, pou nou ka grandi nan karaktè nou,

17 pou Kris la rete nan kè nou ak konfyans nou gen nan li a. M'ap mande Bondye pou nou pouse rasin, pou nou chita byen fèm nan renmen,

18 pou nou ka konprann, ansanm ak tout pèp Bondye a, jan renmen Kris la laj, jan li long, jan li fon, jan li wo.

19 Wi, mwen mande pou nou rive konnen kalite renmen Kris la gen pou nou, atout pesonn p'ap janm ka rive konnen l' nèt. Konsa, n'a vin plen nèt ak tou sa ki nan Bondye.

20 Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou.

21 Wi, tout lwanj lan pou Bondye nan legliz la ak nan Jezikri, pou tout tan ak pou tout tan. Amèn. Se sa menm!

Travay Pòl pou moun ki pa Jwif yo

Konsa, mwen menm Pòl, mwen se yon prizonye, paske m ap sèvi Jezikris pou nou menm ki pa Jwif. Nou konnen byen, Bondye ban m fè travay sa a, nan gras li, pou m ede nou. Bondye te montre m plan sekrè li pou m ka konnen l. Mwen gentan ekri kèk bagay deja sou sa. Epi si nou li sa m te ekri tou brèf anvan yo, n ap wè mwen konprann verite sekrè ki konsènen Kris la vre. Moun ki te viv nan tout jenerasyon pase yo pa t konnen verite sa a. Men, kounye a, pa mwayen Sentespri a, Bondye fè apot li yo ak pwofèt li yo konnen verite ki te sekrè a. Men verite ki te sekrè a: Lè moun ki pa Jwif yo aksepte Levanjil la, yo vin pataje menm benediksyon Bondye genyen pou moun ki Jwif tou. Yo fè pati menm kò a, epi yo patisipe tou nan pwomès Bondye te fè pa mwayen Jezikris la.

Nan gras Bondye, li ban m opòtinite sa a. Li fè m vin yon sèvitè pou m pwoklame Bòn Nouvèl la. Se pouvwa Bondye menm ki ban m gras sa a. Se mwen menm ki gen mwens enpòtans pami tout pèp Bondye a. Epoutan, se mwen menm li bay don sa a, don pou m fè moun ki pa Jwif yo konnen Bòn Nouvèl konsènan tout richès ki genyen nan Kris la. Bondye mete m responsab pou m fè li klè pou tout moun, kijan l ap reyalize plan li te kenbe sekrè a. Nan tout tan pase yo, Bondye ki te kreye tout mond lan, li pa t kite pèsonn konnen sa l t apral fè. 10 Plan Bondye nan tout bagay sa yo, se pou tout anj ki nan syèl yo rive konnen kijan li montre sajès li nan yon bann fason ki varye. Y ap konnen sa pa mwayen Legliz la. 11 Sa fèt konsa, dapre plan Bondye te genyen depi okòmansman an. Li fè plan sa a reyalize nan Jezikris Senyè nou an. 12 Nan Kris la, nou kapab pwoche devan Bondye ak tout libète, san nou pa pè angnen. Nou ka fè sa poutèt lafwa nou nan Kris la.[a] 13 Konsa, m ap mande nou pou nou pa dekouraje poutèt sa k rive m nan. Paske, soufrans mwen yo se yon trè bèl avantaj pou nou.

Lamou Kris la

14 Se pou rezon sa a, m ap priye Bondye Papa a. 15 Se nan li tout fanmi Bondye a ki nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo. 16 M ap mande Bondye Papa a, dapre richès glwa li, pou l fòtifye nou nan mantal nou, pa mwayen Sentespri li. 17 Mwen mande l tou, pou Jezikris abite nan kè nou poutèt lafwa nou. Mwen priye tou pou nou pouse rasin, pou nou kanpe djanm nan renmen. 18 M ap priye pou Bondye fè ni nou menm, ni tout lòt moun yo ki nan pèp Bondye a rive konprann lajè, longè, wotè, ak pwofondè lanmou Kris la. 19 Se vre, pèsonn p ap ka rive konnen grandè lanmou Kris la nètale. Malgre sa, m priye pou nou rive konnen lanmou sa a pou nou ka vin ranpli ak tou richès ki nan Bondye.

20 Bondye aji nan nou ak puisans. Lè nou mande Bondye yon bagay, li ka fè pi plis pase tout sa nou mande oubyen imajine. 21 Tout glwa se pou Bondye, nan legliz ak nan Jezikris, pou tout tan. Amèn.

Footnotes

  1. 3:12 lafwa nou nan Kris la Oubyen “poutèt fidelite li”.