Add parallel Print Page Options

Adorasyon sou ansyen pwomès la

Premye pwomès la te gen yon seri règ pou moun respekte ak yon plas espesyal pou adore isit sou latè. Plas adorasyon sa a te anndan yon tant. Premye pati tant lan te rele Kote ki Sen an. Nan Kote ki Sen an, te gen yon lanp ak yon tab kote yo te mete pen espesyal yo te ofri bay Bondye. Pa dèyè dezyèm rido a, te gen yon lòt chanm yo rele Kote ki pi Sen an. Nan Kote ki pi Sen an, te gen yon lotèl kouvri ak yo te sèvi pou boule lansan. Te gen Kòf kontra a tou ki te gen yon kouch lò sou tout kò l. Anndan Kòf la, te gen yon bokal an nò ki te gen lamàn ladan l, te gen baton Aawon an, baton ki te pouse boujon an, epi te gen de wòch plat ki te gen dis kòmannman ansyen kontra a ekri sou yo. Anlè Kòf la, te gen imaj zanj ak zèl yo rele cheriben ki te sèvi kòm senbòl glwa Bondye. Zèl cheriben yo te sou tout kouvèti Kòf Pwomès la.[a] Men nou pa ka di tout bagay sou sa kounye a.

Tout bagay nan tant lan te fin byen pare konsa, prèt yo te antre nan premye chanm tant lan pou yo fè travay yo chak jou. Men se sèlman granprèt yo ki te ka antre nan dezyèm chanm nan yon sèl fwa nan yon ane. E li pa t janm ka antre san l pa t gen san bèt nan men l. Se san sa a li te ofri bay Bondye pou peche pa l ak pou peche pèp la te komèt san yo pa konnen.

Sentespri te sèvi ak de chanm pou fè nou konnen wout pou nou antre Kote ki pi Sen an pa t ko ouvè toutotan premye chanm nan te egziste. Sa se yon egzanp pou nou jodi a. Li montre nou tout ofrann ak sakrifis prèt yo t ap ofri bay Bondye pa t ka pirifye konsyans moun ki t ap patisipe nan adorasyon an. 10 Ofrann ak sakrifis nan ansyen sistèm nan te plis pase manje, bwason, ak divès seremoni pirifikasyon. Règ sa yo te valab jouktan Bondye te vini ak yon lòt sistèm tounèf.

Adorasyon sou Nouvo Pwomès la

11 Okontrè, Kris deja vini kòm granprèt. Li se granprèt tout kalite bon bagay nou gen kounye a. Men li pa fè sèvis nan menm kalite tant ak lòt prèt yo. L ap sèvi nan yon tant ki san fay. Se pa yon tant ki te fèt isit sou latè. Li pa fè pati mond sa a. 12 Kris te antre yon sèl fwa Kote ki pi Sen an. E li pa t bezwen fè l yon dezyèm fwa. Li te antre Kote ki pi Sen an avèk pwòp san li, li pa t ofri san bouk kabrit oswa san ti towo bèf. Li antre epi li delivre nou anba peche pou tout tan.

13 Anvan sa, san bouk kabrit, san towo bèf ak san femèl bèf yo te boule yo te sifi pou yo te rann moun ki pa t nan kondisyon pou fè adorasyon yo pwòp. Men sa te netwaye kò yo sèlman. 14 Pa gen okenn dout san Kris la ka fè plis toujou. Kris te ofri tèt li bay Bondye, pa mwayen Sentespri a ki te toujou la, tankou yon sakrifis san defo. San li ap netwaye nou nèt anba tout bagay mal nou te fè. L ap ban nou yon konsyans ki klè pou nou ka sèvi Bondye vivan an.

15 Se poutèt sa Kris negosye yon nouvo pwomès pou pèp li a. Konsa tout moun Bondye chwazi yo ap ka jwi eritaj etènèl Bondye te pwomèt yo. Sa posib paske Kris te mouri pou libere lèzòm anba peche yo te komèt lè yo te nan premye pwomès la.

16 Lè gen yon testaman,[b] li enpòtan pou gen prèv ki montre mèt testaman an mouri. 17 Yon testaman pa vo anyen toutotan mèt testaman an vivan. Se lè mèt testaman an mouri sèlman moun ap ka kòmanse aplike sa k ladan l. 18 Se sa k fè menm premye kontra a te bezwen san koule pou bay prèv te gen lanmò anvan moun te kòmanse aplike l. 19 Premye bagay Moyiz te fè, se te li tout kòmannman lalwa yo jan yo ye a. Apre sa, li te pran san jèn towo bèf yo,[c] li melanje l avèk dlo. Lè l fin i, li sèvi ak yon moso lèn wouj avèk branch izòp pou l te ka simen kèk gout sou liv lalwa a ak sou tout pèp la. 20 Li di: “Sa a se san ki montre valè kontra Bondye mande pou n respekte a.”(A) 21 Menm jan an tou, Moyiz te simen san sou Tant lan tou ak tout sa yo te konn sèvi ladan l pou fè adorasyon Bondye. 22 Prèske tout bagay pirifye ak san selon lalwa Moyiz la. Moun pa ka jwenn padon pou peche yo si pa gen san ki koule.

Jezikris se sakrifis pou peche nou

23 Bagay sa yo se reprezantasyon bagay ki egziste nan syèl la tout bon vre. Yo te sèvi san bèt pou pirifye reprezantasyon sa yo. Men bagay ki reyèl yo bezwen pi bon sakrifis pou pirifye yo. 24 Kris te antre Kote ki pi Sen an, men se pa sa lèzòm te fè a. Sa lèzòm te fè a, se te yon reprezantasyon li te ye sèlman. Li te antre nan syèl la epi se la li ye kounye a, nan prezans Bondye, pou l defann koz nou.

25 Granprèt la antre Kote ki pi Sen an yon fwa chak ane. Li antre ak san bèt pou ofri kòm sakrifis. Men Kris pa t monte nan syèl pou ofri san li chak ane. 26 Si Kris te ofri tèt li plizyè fwa, li t ap bezwen soufri plizyè fwa depi kòmansman kreyasyon an. Men li te vini pou ofri tèt li yon sèl fwa pou tout. Li vini nan lè lemonn pa lwen rive nan bout li. Li ofri tèt li kòm sakrifis pou li retire tout peche.

27 Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa. Apre sa, yo dwe pase nan jijman. 28 Menm jan an tou Kris ofri tèt li kòm sakrifis yon fwa pou tout, pou li kapab efase peche anpil moun. Li gen pou l parèt yon dezyèm fwa, men se pa pou l vin ofri tèt li pou peche, men pou l pote delivrans bay moun ki ap tann li kòm yon sakrifis.

Footnotes

  1. 9:5 kouvèti Kòf Pwomès la Yo rele kouvèti a “plas konpasyon an” oubyen “syèj konpasyon an.” Se nan plas sa a granprèt la te konn mete san bèt yon fwa pa ane pou regle pwoblèm peche pèp la ak Bondye.
  2. 9:16 testaman Se menm mo Grèk ki sèvi pou pale de kontra oubyen alyans.
  3. 9:19 bèf yo Kèk kopi nan ansyen vèsyon Grèk yo genyen “ak bouk kabrit yo” isit la.

Los dos santuarios

Ciertamente la primera alianza disponía de un ritual para el culto y de un santuario terrestre. En efecto, la Tienda de la presencia estaba preparada de forma que en la primera parte, llamada “lugar santo”, se encontraban el candelabro, la mesa de las ofrendas y los panes que se presentaban a Dios. Detrás de la segunda cortina estaba la parte de la Tienda llamada “lugar santísimo”, donde había un incensario de oro y el Arca de la alianza totalmente recubierta de oro. En esta última se guardaba una urna de oro que contenía el maná, la vara de Aarón en otro tiempo florecida y las losas sobre las que estaban escritas las cláusulas de la alianza. Encima del Arca estaban los querubines, representantes de la presencia gloriosa de Dios, que cubrían el llamado “propiciatorio”. Pero no es este el momento de entrar en más detalles sobre el particular.

Así dispuestas las cosas, los sacerdotes entran continuamente en la primera parte de la Tienda para celebrar el culto. Pero en la segunda parte, entra únicamente el sumo sacerdote una vez al año, con la sangre de las víctimas ofrecidas por sus propios pecados y por los que el pueblo comete inadvertidamente. Con esto quiere dar a entender el Espíritu Santo que, mientras ha estado en pie la primera Tienda de la presencia, el camino del verdadero santuario ha permanecido cerrado. Todo lo cual tiene un alcance simbólico referido a nuestro tiempo. En efecto, las ofrendas y sacrificios presentados allí eran incapaces de perfeccionar interiormente a quien los presentaba. 10 Eran simplemente alimentos, bebidas o ritos purificatorios diversos; observancias todas ellas exteriores, válidas únicamente hasta el momento en que se instaurara el nuevo orden de cosas.

11 Pero Cristo se ha presentado como sumo sacerdote de los bienes definitivos. Y siendo el suyo un santuario mayor y más valioso, no fabricado por manos humanas y por tanto no perteneciente al mundo creado, 12 entró una vez por todas en “el lugar santísimo”, no con sangre de machos cabríos o de toros, sino con la suya propia, rescatándonos así para siempre.

Los dos sacrificios

13 Se da por hecho que la sangre de machos cabríos y de toros, así como las cenizas de una ternera, tienen poder para restaurar la pureza externa cuando se esparcen sobre quienes son considerados ritualmente impuros. 14 ¡Pues cuánto más eficaz será la sangre de Cristo que, bajo la acción del Espíritu eterno, se ha ofrecido a Dios como víctima sin mancha! ¡Cuánto más será capaz de limpiar nuestra conciencia de las acciones que causan la muerte para que podamos dar culto al Dios viviente!

15 Precisamente por eso, Cristo es el mediador de una alianza nueva. Con su muerte ha obtenido el perdón de los pecados cometidos durante la antigua alianza, haciendo posible que los elegidos reciban la herencia eterna prometida. 16 Todos saben que para que un testamento surta efecto, es necesario que conste la muerte de quien lo otorgó; 17 en vida del testador no tiene ninguna validez ya que sólo a partir de la muerte adquiere valor un testamento. 18 De ahí que también la primera alianza dio comienzo con un rito de sangre. 19 En efecto, cuando Moisés terminó de explicar a todo el pueblo los preceptos de la ley, tomó sangre de los toros y los machos cabríos, la mezcló con agua y, valiéndose de un poco de lana roja y de una rama de hisopo, roció con ella al libro de la ley y a todo el pueblo 20 diciendo: Esta es la sangre que ratifica la alianza que Dios ha establecido con ustedes. 21 Después roció con sangre la Tienda de la presencia y todos los objetos reservados para el culto. 22 Y es que, según la ley, prácticamente todas las cosas se purifican mediante la sangre y, si no hay derramamiento de sangre, tampoco hay perdón.

23 Se necesitaban, pues, tales sacrificios para purificar lo que sólo era esbozo de las realidades celestiales; pero estas mismas realidades celestiales precisaban de sacrificios más valiosos. 24 Por eso Cristo no entró en un santuario construido por manos humanas —que era simple imagen del verdadero santuario—, sino que entró en el cielo mismo donde ahora intercede por nosotros en presencia de Dios. 25 Y tampoco tuvo que ofrecerse muchas veces, como tiene que hacerlo el sumo sacerdote judío que año tras año entra en “el lugar santísimo” con una sangre que no es la suya. 26 De no ser así, Cristo debería haber padecido muchas veces desde que el mundo es mundo; y, sin embargo, le ha bastado con manifestarse una sola vez ahora, en el momento culminante de la historia, destruyendo el pecado con el sacrificio de sí mismo.

27 Y así como está establecido que todos los seres humanos deben pasar por la muerte una sola vez para ser a continuación juzgados, 28 así también Cristo se ofreció una sola vez para cargar con los pecados de la humanidad. Después se mostrará por segunda vez, pero ya no en relación con el pecado, sino para salvar a quienes han puesto su esperanza en él.

舊約敬拜的禮儀

舊約有敬拜的禮儀和地上的聖幕。 建成後的聖幕共分兩間,外面的一間稱為聖所,擺設了燈臺、桌子和聖餅。 在第二道幔子後面的那一間叫至聖所, 裡面有純金的香壇和包金的約櫃。約櫃裡珍藏著盛嗎哪的金罐、亞倫那根發過芽的手杖和兩塊刻著十誡的石版, 上面有榮耀的基路伯天使,高展翅膀蓋著約櫃上面的施恩座。關於這些事,現在不能一一細說。

這些東西都齊備了,祭司們便經常進入聖所,舉行敬拜。 可是,只有大祭司有資格每年一次獨自進入至聖所,而且每次都要端著血進去,為自己和以色列人的過犯獻上。 聖靈藉此指明,只要頭一個聖幕還在,進入至聖所的路就還沒有開啟。 這件事是一個象徵,告訴現今的世代:所獻的禮物和祭物都不能使敬拜的人良心純全, 10 因為這些不過是關於飲食和各樣潔淨禮儀的外在規條,等新秩序的時代一到,便不再有效了。

美好新約

11 現在基督已經來到,作了美好新約的大祭司,祂進入了那更偉大、更全備、非人手建造、不屬於這個世界的聖幕。 12 祂只進入至聖所一次便完成了永遠的救贖,用的不是山羊和牛犢的血,而是自己的血。 13 如果把山羊血、公牛血和母牛犢的灰灑在污穢的人[a]身上,就可以使他們聖潔,身體得到潔淨, 14 更何況基督藉著永恆的靈把自己毫無瑕疵地獻給上帝呢?祂的血豈不更能洗淨我們的良心,使我們脫離導致滅亡的行為,以便事奉永活的上帝嗎?

15 因此,祂是新約的中保,藉著死亡救贖了觸犯舊約的人,好叫那些蒙召的人得到所應許的永恆基業。

16 凡是遺囑[b],必須等到立遺囑的人死了以後才能生效。 17 如果立遺囑的人依然健在,遺囑就不能生效。 18 正因如此,連立舊約也需要用血才能生效。 19 摩西依照律法向猶太人頒佈所有誡命之後,便用紅色的羊毛和牛膝草蘸了牛犢和山羊的血以及水,灑在律法書和百姓身上, 20 說:「這是上帝用來與你們立約的血。」 21 他又照樣把血灑在聖幕和所有用來獻祭的器具上。 22 根據律法,幾乎所有的器具都要用血來潔淨,因為若不流血,罪就得不到赦免。

23 既然仿照天上的樣式所造的器具需要用祭牲的血來潔淨,天上的原物當然要用更美的祭物來潔淨。 24 因為基督並非進入了人手所造的聖所,那只是真聖所的縮影,祂是進入了天堂,替我們來到上帝面前。 25 祂在天上不必一次又一次地把自己獻上,好像那些大祭司年年都帶著牛羊的血進入至聖所。 26 否則,自創世以來,祂不知道要受難多少次了。但如今在這世代的末期,祂只一次獻上自己,便除去了人的罪。 27 按著定命,人人都有一死,死後還有審判。 28 同樣,基督為了承擔世人的罪,也曾一次獻上自己。祂還要再來,不是來除罪,而是來拯救那些熱切等候祂的人。

Footnotes

  1. 9·13 污穢的人」指在猶太人的宗教禮儀上被視為不潔淨的人。
  2. 9·16 遺囑」希臘文和「約」是同一個字。