Add parallel Print Page Options

1-2 Konsa, nan sa ki konsène Jezikri, nou ta dwe fini ak premye leson yo. Nou pa dwe kontinye ap tounen dèyè, menm kote nou te kòmanse a. Wi, nan kòmansman, nou te aprann klè pou nou vire do bay vye zak nou te konn pratike yo epi pou nou mete konfyans nou nan Bondye. Se lè sa a tou, nou te aprann kesyon batèm,[a] poze men sou tèt moun,[b] rezireksyon moun ki mouri, ak jijman final. Kounye a, se lè pou nou avanse nan ansèyman ki pi solid toujou. Wi, an nou fè sa nan mezi Bondye pèmèt nou.

4-6 Lè moun kite chemen Kris la, ki lòt bagay ou ka fè ankò pou fè yo chanje lavi yo? M ap pale de moun ki gen tan aprann verite a, moun ki gen tan resevwa don Bondye, moun ki gen tan patisipe nan Sentespri a. Yo gentan tande mesaj la epi yo gentan wè puisans li k ap aji nan lemonn. Men, apre sa, yo vire do bay tout bagay. Li enposib pou fè moun konsa chanje ankò. Moun ki rejte Kris la se klouwe y ap klouwe l sou kwa a ankò, se wont y ap fè li wont devan tout moun.

Lè yon tè bwè dlo lapli ki tonbe sou li, li bay kiltivatè a bon rekòt, Bondye beni tè sa a. Men si se pikan ak move zèb l ap pwodui, li pa itil anyen. Bondye ap modi l, epi l ap mete dife ladan l.

Zanmi m yo, se vre nou pale konsa, men nou vrèman pa espere okenn nan nou ta nan ka sa a. Nou espere pi bon bagay pou nou, nou sèten nou nan chemen delivrans lan. 10 Bondye pa enjis, li p ap bliye tout travay nou fè pou li. L ap sonje ki kalite lanmou nou te montre nou genyen pou li nan jan nou te ede lòt kretyen ak nan jan n ap kontinye ede yo. 11 Nou swete volonte ak dezi nou genyen pou montre lanmou kontinye rete aktif pou tout rès lavi nou. Konsa, nou ka sèten esperans nou yo ap satisfè. 12 Nou pa vle nou vin parese. Nou vle nou vin menm jan avèk sila yo ki pral resevwa tout sa Bondye te pwomèt l ap bay yo poutèt lafwa ak pasyans yo.

13 Bondye te fè Abraram pwomès. Men kòm pa gen pèsonn ki pi wo pase l, Bondye te sèvi ak pwòp non l kòm sèman pou bay garanti pou pwomès la. 14 Men li te di: “Wi, mwen ba ou garanti m ap beni w. M ap ba ou pitit san konte.”[c] 15 Abraram te tann ak pasyans. Abraram te resevwa sa Bondye te pwomèt la.

16 Lèzòm toujou sèvi ak non yon moun ki pi gran pase yo pou yo fè yon pwomès avèk sèman. Sèman an sèvi kòm yon garanti epi li mete fen ak tout diskisyon. 17 Paske Bondye te vle montre yon fason klè pa gen mank nan pwomès li te fè a, konsa li te fè yon pwomès ak sèman. 18 De bagay ki pa ka chanje: Bondye pa ka bay manti, li pa ka pa kenbe pwomès li te fè. Konsa, pou nou menm ki chache refij nan Bondye, nou ankouraje kenbe esperans nou pi fèm toujou. 19 Esperans nou genyen an se tankou yon lank bato pou lavi nou. Li fikse byen solid. Li travèse rido[d] Tanp lan. 20 Jezi deja antre la, epi l ap fè wout pou nou. Se li menm ki tounen granprèt pou letènite nan menm liy ak Mèlkisedèk.

Footnotes

  1. 6:1-2 batèm Mo a ka vle di batèm kretyen yo tou senpleman (plonje anba dlo), men konsa tou, li gen dwa ap pale sou aspè seremoni pirifikasyon Jwif yo.
  2. 6:1-2 poze men sou tèt moun Se te yon fason pou mande Bondye beni moun nan yon fason espesyal, pou l geri yo, pou l pèmèt Sentespri a vin rete nan kè yo oubyen pou l ba yo pouvwa pou yo fè yon travay espesyal.
  3. 6:14 Sitasyon sa a soti nan Jen 22:17.
  4. 6:19 rido Rido espirityèl tanp ki nan syèl la, ki te senbolize nan rido tanp lan ki te separe pati andan an (kote prezans Bondye te ye a) ak lòt pati ki nan Tant lan epi tou ki te nan lye trèsen Tanp Jerizalèm nan. Gade Rido nan Lis Mo yo. Menm jan an tou nan 10:20.