Add parallel Print Page Options

Menm jan an tou, Kris la pa t chwazi pou l te pran onè pou l vin granprèt. Men se Bondye li menm ki te chwazi l, lè l di:

“Ou se Pitit mwen.
    Mwen se Papa w apati de jodi a.”(A)

Nan yon lòt pasaj Bondye di l:

“Ou se sakrifikatè pou letènite
    nan menm liy ak Mèlkisedèk.”(B)

Pandan lavi Jezi sou latè li te priye Bondye, li te mande èd nan men sila ki te ka sove l anba lanmò. Li te priye ak gwo rèl ak dlo nan je. Bondye te reponn priyè li poutèt krentif li te gen pou Bondye.

Read full chapter