Ebre 3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Moyiz pa ka rive nan pwent pye Jezi
3 Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm ki resevwa apèl Bondye pou nou fòme yon pèp ki sen, an n fikse panse nou sou Jezi. Nou kwè se li menm ki mesaje Bondye voye pou sove nou epi li jwe wòl granprèt pou nou. 2 Se Bondye menm ki te mete l granprèt. Li te fidèl menm jan Moyiz te fidèl nan kay Bondye a. 3 Lè yon moun bati yon kay se nòmal pou moun ki bati kay la jwenn plis onè pase kay la. Se menm bagay pou Jezi ak Moyiz. Se nòmal pou Jezi gen plis onè pase Moyiz. 4 Chak kay gen yon moun ki bati l, men se Bondye ki bati tout bagay. 5 Moyiz se yon sèvitè ki te fidèl nan tout kay Bondye a. Li te anonse moun sa Bondye te gen pou l fè nan tan k ap vini yo. 6 Men Kris fidèl nan gouvène kay Bondye a kòm pitit Bondye. Si nou rete fèm nan lafwa ak si nou kenbe konfyans nou nan esperans nou genyen an.
An n kontinye vanse pou pi devan
7 Se poutèt sa, jan Sentespri a di l la:
“Si w tande vwa Bondye jodi a,
8 pa fè tèt rèd,
menm jan ak lè w te vire do bay Bondye,
lè w te pwovoke l nan dezè a.
9 Zansèt ou yo te pwovoke m nan dezè a,
malgre yo te temwen travay m te fè pandan 40 tan.
10 Konsa mwen te fache avèk yo.
Mwen te di: Yo toujou ap twonpe pwòp tèt yo.
Yo pa janm konprann sa m t ap tann nan men yo.
11 Poutèt mwen te fache, mwen te sèmante:
Yo p ap antre nan plas repo m nan.”(A)
12 Frè m ak sè m yo, fè atansyon pou pa gen okenn moun nan mitan nou ki gen yon kè mechan, yon kè rebèl ki pou ta fè l vire do bay Bondye vivan an. 13 Okontrè, toutotan bouch nou ka di “jodi a”,[a] se pou nou ankouraje youn lòt chak jou. Konsa, peche p ap ka fè kè nou vin tèlman di pou l ta rive nan yon pwen li pa ka chanje. 14 Nou gen privilèj pou nou patisipe nan tout sa ki pou Kris la, si nou kontinye jiska lafen nan lafwa nou te genyen depi nan kòmansman an. 15 Se sa menm ki fè Sentespri a di:
“Si ou tande vwa Bondye jodi a pa fè tèt rèd,
menm jan ou te fè, lè w te vire do bay Bondye a.”(B)
16 Ki moun ki te vire do bay Bondye, apre yo te fin tande vwa li? Se pèp sa a menm Moyiz te dirije soti an Ejip la. 17 Ak ki moun Bondye te fache pandan 40 tan? Se ak tout sa yo ki te tonbe nan peche epi ki mouri nan dezè a. 18 Ak ki moun Bondye t ap pale lè l te fè sèman pou di yo p ap janm antre nan plas repo li a? Li t ap pale ak tout sa yo ki te dezobeyi. 19 Donk, men konsta nou fè, yo pa t antre nan repo Bondye a, paske yo pa t kwè.
Footnotes
- 3:13 jodi a Se menm mo sa a nou jwenn nan vèsè 7 la. Li vle di bagay la tèlman enpòtan li bezwen fèt touswit pandan gen okazyon pou l fèt toujou.
希伯来书 3
Chinese Contemporary Bible (Simplified)
耶稣超越摩西
3 因此,同蒙天召的圣洁的弟兄姊妹,你们应当仔细思想那位我们公认为特使和大祭司的耶稣。 2 祂向委任祂的上帝尽忠,就好像摩西向上帝的全家尽忠一样。 3 然而祂却比摩西配得更大的荣耀,因为建造房子的人当然比房子更尊贵。 4 所有的房子都有建造者,但建造万物的是上帝。 5 摩西以仆人的身份向上帝的全家尽忠,为将来要宣告的事做见证。 6 但基督是以儿子的身份忠心治理上帝的家。我们若坚强勇敢,持定引以为荣的盼望,我们就是祂的家了。
不可存刚硬的心
7 因此,正如圣灵说:
“你们今天若听见祂的声音,
8 不可心里顽固,
像从前在旷野试探祂、悖逆祂一样。
9 当时,你们的祖先试我、探我,
观看我的作为达四十年之久。
10 所以,我向那世代的人发怒,
说,‘他们总是执迷不悟,
不认识我的道路。’
11 我就在愤怒中起誓说,
‘他们绝不可进入我的安息。’”
12 弟兄姊妹,要谨慎,免得你们当中有人心存恶念,不肯相信,背弃了永活的上帝。 13 趁着还有今日,要天天互相劝勉,免得有人被罪迷惑,心里变得刚硬。 14 如果我们将起初的信念坚持到底,便在基督里有份了。
15 圣经上说:
“你们今日若听见祂的声音,
不可像从前那样硬着心悖逆祂。”
16 听见祂的声音却又悖逆祂的是谁呢?不就是摩西从埃及领出来的那些人吗? 17 四十年之久惹上帝发怒的是谁呢?不就是那些犯罪作恶并倒毙在旷野的人吗? 18 上帝起誓不准谁进入祂的安息呢?不就是那些不肯信从的人吗? 19 可见,他们不能进入上帝的安息是因为不信的缘故。
Hebrews 3
New King James Version
The Son Was Faithful
3 Therefore, holy brethren, partakers of the heavenly calling, consider the Apostle and High Priest of our confession, Christ Jesus, 2 who was faithful to Him who appointed Him, as (A)Moses also was faithful in all His house. 3 For this One has been counted worthy of more glory than Moses, inasmuch as (B)He who built the house has more honor than the house. 4 For every house is built by someone, but (C)He who built all things is God. 5 (D)And Moses indeed was faithful in all His house as (E)a servant, (F)for a testimony of those things which would be spoken afterward, 6 but Christ as (G)a Son over His own house, (H)whose house we are (I)if we hold fast the confidence and the rejoicing of the hope [a]firm to the end.
Be Faithful(J)
7 Therefore, as (K)the Holy Spirit says:
(L)“Today, if you will hear His voice,
8 Do not harden your hearts as in the rebellion,
In the day of trial in the wilderness,
9 Where your fathers tested Me, tried Me,
And saw My works forty years.
10 Therefore I was angry with that generation,
And said, ‘They always go astray in their heart,
And they have not known My ways.’
11 So I swore in My wrath,
‘They shall not enter My rest.’ ”
12 Beware, brethren, lest there be in any of you an evil heart of unbelief in departing from the living God; 13 but [b]exhort one another daily, while it is called “Today,” lest any of you be hardened through the deceitfulness of sin. 14 For we have become partakers of Christ if we hold the beginning of our confidence steadfast to the end, 15 while it is said:
(M)“Today, if you will hear His voice,
Do not harden your hearts as in the rebellion.”
Failure of the Wilderness Wanderers
16 (N)For who, having heard, rebelled? Indeed, was it not all who came out of Egypt, led by Moses? 17 Now with whom was He angry forty years? Was it not with those who sinned, (O)whose corpses fell in the wilderness? 18 And (P)to whom did He swear that they would not enter His rest, but to those who did not obey? 19 So we see that they could not enter in because of (Q)unbelief.
Footnotes
- Hebrews 3:6 NU omits firm to the end
- Hebrews 3:13 encourage
Copyright © 2017 by Bible League International
Chinese Contemporary Bible Copyright © 1979, 2005, 2007, 2011 by Biblica® Used by permission. All rights reserved worldwide.
Scripture taken from the New King James Version®. Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved.
