Ebre 2
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Delivrans nou resevwa a gen plis valè pase Lalwa
2 Se poutèt sa, nou dwe fè plis atansyon toujou ak ansèyman nou te resevwa a. Wi, nou dwe fè atansyon pou nou pa vire do kite wout dwat la detanzantan. 2 Mesaj yo te pote a montre li gen tout valè li. Tout moun ki te meprize l oswa ki te dezobeyi l te jwenn pinisyon yo merite pou sa. 3 Konsa, se yon bagay ki sèten, si nou neglije kalite delivrans Bondye ap ofri nou jodi a, n ap jwenn pinisyon pou sa tou. Delivrans sa a, se Senyè a menm ki te anonse l an premye. Epi moun ki te tande l yo bay prèv se yon mesaj ki chita sou verite a. 4 Bondye kore mesaj la ak tout kalite prèv tou tankou siy ekstrawòdinè, mèvèy, ak tout kalite mirak. Anplis, li bay tout kalite don, selon pwòp volonte l pa mwayen Sentespri a.
Jezi vin fèt pòtrè ak pèp li a pou l ka sove yo
5 Bondye pa chwazi zanj pou l bay gouvène mond tounèf ki gen pou vini an. Se de mond tounèf sa a n ap pale a. 6 Men sa ki ekri nan Bib la:
“Poukisa moun enpòtan pou ou konsa?
Pou kisa ou panse ak moun menm?
Poukisa ou pran swen pitit lòm nan[a]?
Poukisa li enpòtan pou ou konsa?
7 Ou te ba l mwens enpòtans pase zanj yo pou yon ti tan.
Ou kouwòne l avèk glwa ak onè.
8 Ou mete tout bagay anba kontwòl[b] li.”(A)
Si Bondye mete tout bagay anba kontwòl li, sa vle di pa gen anyen li pa t gouvène. Poutan nou pako wè tout bagay anba kontwòl li. 9 Nou wè Jezi nan yon pozisyon ki pi ba pase zanj yo pou yon ti tan, men kounye a, li kouwòne avèk glwa ak onè paske li te soufri epi li te mouri pou tout moun ka benefisye gras Bondye.
10 Bondye kreye tout bagay, epi tout bagay egziste pou glwa li. Bondye chwazi pou li gen anpil pitit ki pou jwi glwa li avè l. Konsa, Bondye fè Jezi pase nan mitan soufrans pou l ka tounen yon Sovè ki pa gen pyès fay[c] nan li. Konsa, li ka sove anpil moun.
11 Konsa, Jezi ki fè moun vin sen an, ansanm ak moun ki vin sen yo, yo tout soti nan menm fanmi lan. Se sa k fè Jezi pa wont pou l rele yo frè ak sè li. 12 Li di:
“Bondye, m ap pale de ou devan frè m ak sè m yo.
M ap chante louwanj ou devan tout moun.”(B)
13 Li di ankò:
“M ap mete konfyans mwen nan Bondye.”(C)
Epi li di:
“Men mwen ak tout pitit Bondye ban mwen yo.”(D)
14 Pitit sa yo se moun ki gen yon kò ki fèt avèk chè ak san. Jezi pran menm kalite kò sa a pou l ka fè menm kalite esperyans avèk yo. Jezi te vin tounen menm jan ak yo, kon sa lanmò l te ka detwi satan ki gen pouvwa lanmò a. 15 Li tou libere tout moun ki te esklav dyab la pandan tout lavi yo, paske yo te pè lanmò. 16 Li parèt klè Jezi pa t vin pou ede zanj, se pou pitit pitit Abraram yo li te vini. 17 Se pou rezon sa a, Jezi te bezwen sanble ak frè l ak sè l yo nan tout bagay. Se sa menm ki fè li ka fè sèvis pou nou devan Bondye, tankou yon granprèt fidèl epi ki gen kè nan men. Se li menm ki ofri sakrifis ki padone peche pèp la. 18 Wi, poutèt Jezi te sibi soufrans ak tantasyon, li ka pote sekou bay sila yo k ap sibi tantasyon.
希伯来书 2
Chinese Contemporary Bible (Simplified)
持守真道
2 因此,我们必须更加重视所听的道,以免随流漂去。 2 既然借天使传下来的话正确无误,凡干犯、违背的人都受到了应有的报应, 3 我们若忽略了这么大的救恩,怎能逃避惩罚呢?这救恩首先由主亲口宣讲出来,后来由听见的人向我们证实了。 4 同时,上帝按自己的旨意,用神迹、奇事、各样的异能、圣灵的恩赐和他们一同做见证。
救恩的元帅
5 上帝并没有把我们所谈论的未来世界交给天使掌管。 6 相反,有人在圣经中做见证说:
“人算什么,你竟顾念他?
世人算什么,你竟眷顾他?
7 你使他暂时比天使低微一点,
赐他荣耀和尊贵作冠冕,
派他管理你所造的一切,
8 使万物降服在他脚下。”
既说叫万物都降服在人的管理之下,就没有一样例外。不过,我们到现在还没有看到万物都降服在人的管理之下, 9 只看见耶稣暂时比天使低微一点,好靠着上帝的恩典为全人类亲尝死亡的滋味。祂因为经历死亡的痛苦而得到了尊贵和荣耀作冠冕。
10 作为万物的归宿和根源的上帝,叫救恩的元帅耶稣经历苦难而得以纯全,以便带领许多的儿女进入荣耀,这样的安排是恰当的。 11 因为使人圣洁的耶稣和那些得以圣洁的人都出自同一位父亲,所以耶稣不以称呼他们弟兄姊妹为耻。 12 祂说:
“我要向众弟兄传扬你的名,
在会众中歌颂你。”
13 又说:
“我要倚靠祂。”
还说:
“看啊,我和上帝赐给我的儿女都在这里。”
14 因为众儿女都是血肉之躯,所以祂也同样取了血肉之躯,为要亲身经历死亡,借此摧毁掌握死亡权势的魔鬼, 15 释放那些因怕死而一生做奴隶的人。 16 很明显,祂要救助的不是天使,而是亚伯拉罕的后裔。 17 所以祂必须在每一方面都与祂的弟兄姊妹相同,以便在事奉上帝的事上成为一位仁慈忠信的大祭司,替众人献上赎罪祭。 18 祂经历过受试炼的痛苦,所以能帮助受试炼的人。
Copyright © 2017 by Bible League International
Chinese Contemporary Bible Copyright © 1979, 2005, 2007, 2011 by Biblica® Used by permission. All rights reserved worldwide.