Font Size
Ebre 1:8-10
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ebre 1:8-10
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
8 Poutan, men sa li di pou Pitit la:
“Bondye, wayòm ou an ap dire pou letènite.
Ou sèvi ak otorite w pou bay jistis.
9 Ou renmen sa ki dwat, ou rayi sa ki mal.
Se sa k fè Bondye, Bondye w la mete w apa,
li ba w plis kè kontan ak plis onè pase tout lòt kanmarad ou yo.”(A)
10 Men sa Bondye di ankò:
“O SENYÈ a, ou kreye latè nan kòmansman,
ou fè syèl la avèk men w.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International