Add parallel Print Page Options

¶ Se poutèt sa, frè m' yo, nou menm k'ap viv apa pou Bondye, nou menm Bondye te rele pou antre ansanm nan syèl la, fikse je nou sou Jezi, moun Bondye te voye pou sèvi nou granprèt nan konfyans nou genyen an.

Paske li pa t' twonpe Bondye ki te chwazi l' pou travay sa a. Li fè travay li byen tankou Moyiz ki te fè tout travay li byen nan kay Bondye a.

Moun ki bati yon kay resevwa plis lwanj pase kay la. Konsa tou, Jezi resevwa yon pi gwo lwanj pase Moyiz.

Chak kay gen yon moun ki bati li. Men, se Bondye ki fè tout bagay.

Moyiz te fè travay li byen nan tout kò kay Bondye a. Li te yon senp sèvitè ki te la pou pale sou bagay Bondye tapral di pita.

Men, Jezikri te fè travay li tankou yon pitit Bondye te mete chèf kay li. Se nou menm ki kay Bondye a, depi nou pa janm dekouraje, depi nou pa janm pèdi konfyans, depi nou pa janm wont sa n'ap tann lan.

¶ Se poutèt sa, jan Sentespri te di l' la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a,

pa kenbe tèt ak li, menm jan zansèt nou yo te fè l', lè yo te chache kont ak Bondye a, tankou lè, nan dezè a, yo te vle wè jouk ki bò Bondye ye ak yo.

Lè sa a, zansèt nou yo te tante m', yo te sonde m' atout yo te deja wè tou sa m' t'ap fè depi karantan.

10 Se sak fè, mwen te fache sou moun sa yo. Mwen te di: Moun sa yo toujou ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman m' yo.

11 Mwen te fè kòlè, mwen te fè sèman: Yo pa janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an.

12 Frè m' yo, atansyon pou okenn nan nou pa rive gen move santiman nan kè l' ki pou fè l' pèdi konfyans nan Bondye, pou lè sa a, li pa vire do bay Bondye vivan an.

13 Okontrè, chak jou, se pou nou yonn ankouraje lòt toutotan n'ap viv nan epòk Liv la rele jòdi a. Piga nou yonn kite peche detounen nou, pou lè sa a nou pa rive nan kenbe tèt ak Bondye.

14 Paske, nou se moun k'ap mache ansanm ak Kris la, depi nou kenbe fèm nan konfyans nou te genyen depi nan konmansman an jouk sa kaba.

15 Men sa ki ekri nan Liv la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li, tankou lè nou te chache kont ak Bondye a.

16 Kilès sa yo ki te tande vwa Bondye men ki apre sa te chache kont ak li? Se tout moun Moyiz te fè soti nan peyi Lejip la.

17 Sou ki moun Bondye te fè kòlè pandan karantan an? Se sou moun ki te fè peche yo. Tout moun sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a.

18 Lè Bondye te fè sèman sa a, kilès li t'ap pale? Li t'ap pale sou moun ki te chache kont ak li yo.

19 Nou wè vre, yo yonn pa t' kapab mete pye yo kote sa a, paske yo pa t' gen konfyans.

Moyiz pa ka rive nan pwent pye Jezi

Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm ki resevwa apèl Bondye pou nou fòme yon pèp ki sen, an n fikse panse nou sou Jezi. Nou kwè se li menm ki mesaje Bondye voye pou sove nou epi li jwe wòl granprèt pou nou. Se Bondye menm ki te mete l granprèt. Li te fidèl menm jan Moyiz te fidèl nan kay Bondye a. Lè yon moun bati yon kay se nòmal pou moun ki bati kay la jwenn plis onè pase kay la. Se menm bagay pou Jezi ak Moyiz. Se nòmal pou Jezi gen plis onè pase Moyiz. Chak kay gen yon moun ki bati l, men se Bondye ki bati tout bagay. Moyiz se yon sèvitè ki te fidèl nan tout kay Bondye a. Li te anonse moun sa Bondye te gen pou l fè nan tan k ap vini yo. Men Kris fidèl nan gouvène kay Bondye a kòm pitit Bondye. Si nou rete fèm nan lafwa ak si nou kenbe konfyans nou nan esperans nou genyen an.

An n kontinye vanse pou pi devan

Se poutèt sa, jan Sentespri a di l la:

“Si w tande vwa Bondye jodi a,
    pa fè tèt rèd,
menm jan ak lè w te vire do bay Bondye,
    lè w te pwovoke l nan dezè a.
Zansèt ou yo te pwovoke m nan dezè a,
    malgre yo te temwen travay m te fè pandan 40 tan.
10 Konsa mwen te fache avèk yo.
    Mwen te di: Yo toujou ap twonpe pwòp tèt yo.
    Yo pa janm konprann sa m t ap tann nan men yo.
11 Poutèt mwen te fache, mwen te sèmante:
    Yo p ap antre nan plas repo m nan.”[a]

12 Frè m ak sè m yo, fè atansyon pou pa gen okenn moun nan mitan nou ki gen yon kè mechan, yon kè rebèl ki pou ta fè l vire do bay Bondye vivan an. 13 Okontrè, toutotan bouch nou ka di “jodi a”,[b] se pou nou ankouraje youn lòt chak jou. Konsa, peche p ap ka fè kè nou vin tèlman di pou l ta rive nan yon pwen li pa ka chanje. 14 Nou gen privilèj pou nou patisipe nan tout sa ki pou Kris la, si nou kontinye jiska lafen nan lafwa nou te genyen depi nan kòmansman an. 15 Se sa menm ki fè Sentespri a di:

“Si ou tande vwa Bondye jodi a pa fè tèt rèd,
    menm jan ou te fè, lè w te vire do bay Bondye a.”[c]

16 Ki moun ki te vire do bay Bondye, apre yo te fin tande vwa li? Se pèp sa a menm Moyiz te dirije soti an Ejip la. 17 Ak ki moun Bondye te fache pandan 40 tan? Se ak tout sa yo ki te tonbe nan peche epi ki mouri nan dezè a. 18 Ak ki moun Bondye t ap pale lè l te fè sèman pou di yo p ap janm antre nan plas repo li a? Li t ap pale ak tout sa yo ki te dezobeyi. 19 Donk, men konsta nou fè, yo pa t antre nan repo Bondye a, paske yo pa t kwè.

Footnotes

  1. 3:7-11 Sitasyon sa a soti nan Sòm 95:7-11.
  2. 3:13 jodi a Se menm mo sa a nou jwenn nan vèsè 7 la. Li vle di bagay la tèlman enpòtan li bezwen fèt touswit pandan gen okazyon pou l fèt toujou.
  3. 3:15 Sitasyon sa a soti nan Sòm 95:7-8.