Add parallel Print Page Options

18 Men rèv mwen menm, wa Nèbikadneza, mwen te fè a. Koulye a, ou menm Beltechaza, esplike m' sa li vle di. Pa gen yonn nan tout nèg save peyi m' lan ki te ka fè m' konnen sans rèv la. Men ou menm, ou kapab, paske lespri bondye yo nan ou.

19 ¶ Lè sa a, Danyèl ki te rele Beltechaza tou, rete yon bon ti tan li pa di anyen, paske tèt li te boulvèse. Wa a di l' konsa: -Beltechaza monchè, pa kite rèv la ak esplikasyon l' lan boulvèse tèt ou! Beltechaza reponn: -Monwa, mwen ta swete rèv la ak tout esplikasyon l' lan pa pou ou, men pou lènmi ou yo, pou moun ki pa vle wè ou yo.

20 Pyebwa ou te wè ki t'ap grandi, ki t'ap gwosi jouk tèt li rive nan syèl la kifè dènye moun sou latè te ka wè l' la,

21 pyebwa ki te gen fèy li yo bèl, ki te chaje donn kont pou tout moun sou latè te manje, ki te gen bèt nan bwa rete anba lonbray li ak zwezo ki te fè nich nan tout branch li yo,

22 pyebwa sa a se ou menm, monwa, ki grandi, ki vin fò. Ou sitèlman grandi ou rive jouk nan syèl la. Ou chèf sou tout latè.

23 Apre sa, antan wa a t'ap gade, li wè yon zanj Bondye soti nan syèl la desann, epi ki di: Koupe pyebwa a mete l' atè, detwi li. Men, kite chouk la nan tè ak tout rasin li yo. Mare l' ak chenn fèt an fè ak kwiv. Lèfini, kite l' nan mitan zèb yo. Kite lawouze tonbe sou nonm sa a, kite l' viv ak bèt nan bwa yo pandan sètan.

24 Bon, koulye a, men sa rèv la vle di monwa. Men sa Bondye ki anwo nan syèl la di ki pral rive ou.

25 Yo pral voye ou byen lwen pou ou pa mache sou moun. Ou pral rete ak bèt nan bwa pandan sètan. Ou pral manje zèb tankou bèf, ou pral dòmi deyò pou lawouze bat ou. Apre sa, w'a rekonèt se Bondye nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè. Se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen.

26 Zanj yo te di pou yo te kite chouk la ak tout rasin li yo nan tè. Sa vle di w'ap moute wa ankò lè w'a rekonèt se Bondye nan syèl la k'ap gouvènen sou tout latè.

27 Se poutèt sa, monwa, koute konsèy m'ap ba ou. Fè sa ki dwat devan Bondye pou kouvri peche ou yo. Gen pitye pou pòv malere yo pou kouvri tout mechanste ou yo! Konsa, monwa, w'a ka viv alèz ak kè poze pou lontan ankò.

28 ¶ Tou sa Danyèl te di a rive wa Nèbikadneza vre.

29 Douz mwa apre sa, wa a t'ap pwonmennen sou teras palè li a lavil Babilòn,

30 li di konsa: -Gade jan lavil Babilòn lan vin gran non! Se mwen menm ki bati l' ak fòs kouraj mwen pou l' sèvi m' kapital peyi a, pou fè wè jan mwen gen pouvwa, jan mwen grannèg.

31 Wa a pa t' ankò fèmen bouch li, lè yon vwa rete nan syèl la, li di: -Wa Nèbikadneza, koute sa m'ap di ou. Depi jòdi a, yo wete pouvwa a nan men ou. Ou pa wa ankò.

32 Yo p'ap kite ou mache sou moun. Ou pral rete ak bèt nan bwa. Ou pral manje zèb tankou bèf pandan sètan, jouk w'a rekonèt se Bondye nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè. Se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen.

33 Lamenm sa pawòl la te di a rive vre. Yo mete wa a deyò pou l' pa mache sou moun. Li t'ap manje zèb tankou bèf. Lawouze tonbe sou tout kò l'. Cheve nan tèt li pouse tankou plim malfini, zong li yo vin long tankou grif zwezo.

34 ¶ Wa a di ankò: -Apre sètan sa yo, mwen menm Nèbikadneza, mwen leve je m' mwen gade syèl la. Bonnanj mwen vin sou mwen. Mwen di Bondye nan syèl la mèsi, mwen fè lwanj Bondye k'ap viv pou tout tan tout tan an, mwen rekonèt jan li gen pouvwa. L'ap donminen pou tout tan. Gouvènman li ap la jouk sa kaba.

35 Li pa pran moun k'ap viv sou latè yo pou anyen. Li fè sa li vle ak lame zanj ki nan syèl la, ansanm ak tout moun ki sou latè. Pesonn pa ka kenbe tèt avè l'. Pesonn pa ka mande l' kont!

36 Lè bonnanj mwen tounen sou mwen, yo renmèt mwen pouvwa mwen, otorite mwen ak tout bèl bagay mwen te genyen. Konseye mwen yo ak chèf k'ap sèvi mwen yo voye chache m', yo mete m' wa ankò. Mwen vin gen plis pouvwa pase anvan.

37 Koulye a, mwen menm Nèbikadneza, m'ap fè fèt pou wa ki nan syèl la, m'ap fè lwanj pou li, m'ap di jan li gen pouvwa. Tou sa li fè bon. Li pa fè paspouki pou pesonn. Li konn jan pou l' fè ak moun ki kite lògèy vire tèt yo. L'ap desann kòlèt yo.

Read full chapter