Add parallel Print Page Options

Nouvo lavi nou an

Poutèt nou se moun ki resisite avèk Kris, nou dwe chache bagay ki soti anwo, bagay ki soti adwat Bondye Papa a kote Kris chita a. Mete nan panse nou bagay ki soti anwo sèlman, pa mete bagay ki sou latè nan lespri nou. Mwen di sa paske nou menm, nou te mouri, Bondye kache lavi nou nan Kris epi l ap pwoteje lavi nou nan syèl la nan li. Kris se lavi nou kounye a. Lè Kris retounen, n ap parèt ansanm avèk li, epi n ap patisipe nan glwa li. Se poutèt sa, fè seri bagay latè sa yo disparèt nan lavi nou: imoralite, bagay sal, anvi pou fè sa ki mal, lanvi pou ramase lajan, ki se menm bagay ak adore zidòl. Se bagay sa yo ki rale kòlè Bondye sou moun ki refize obeyi l[a] yo. Nou menm tou, nou te konn fè kalite bagay sa yo anvan, lè nou t ap viv nan lemonn.

Men kounye a, an n voye bagay sa yo jete nan lavi nou: fè kolè, viyolans, di oubyen fè bagay pou fè moun mal, di moun gwo mo pou ensilte yo. Pa bay frè ak sè nou manti. Nou te gentan retire vye rad sa yo voye jete deja, sa vle di kalite moun nou te ye lontan an ak vye bagay nou te konn fè yo. 10 Kounye a, se yon nouvo lavi ki nan nou, yon lavi ki vin pi nèf chak jou. Nou vin ap konprann moun ki te kreye nou an pi plis chak jou. Epi, de jou an jou, n ap sanble ak li pi plis. 11 Poutèt n ap mennen yon lavi tounèf nan Kris, kit nou se moun lòt nasyon, kit nou se Jwif, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi se pa sa ki enpòtan. Li pa enpòtan nonplis pou n ta pale lang etranj si nou se moun peyi Sit.[b] Kit nou se esklav kit nou se moun lib, se pa sa ki enpòtan. Sa ki enpòtan an se Kris ki nan lavi nou tout.

Nouvo lavi a nan rapò nou youn ak lòt

12 Bondye chwazi nou pou l fè nou tounen yon pèp ki apa pou li. Li renmen nou. Poutèt sa, men kijan lavi nou dwe ye: Nou dwe abiye nou ak konpasyon pou pwochen nou. Nou dwe gen jantiyès ak moun, nou dwe gen imilite, nou dwe aji byen youn ak lòt ak pasyans. 13 Nou pa dwe mete nou an kòlè youn kont lòt, men se pou youn padone lòt. Si nou santi yon moun fè nou yon bagay ki mal, se pou n padone l. An n padone lòt yo, paske Senyè a te padone nou menm jan an tou. 14 Apre tout sa, sa ki pi enpòtan nan nouvo lavi a, se pou nou youn renmen lòt. Se nan renmen tout bagay mare ansanm nèt. 15 Se pou lapè ki soti nan Kris la kontwole tout panse nou. Bondye te rele nou pou nou viv nan lapè epi li mete nou ansanm nan yon sèl kò.[c] Se pou nou toujou ap di Bondye mèsi.

16 Se pou ansèyman Jezi yo toujou aji nan ou. Se pou nou anseye youn lòt, bay youn lòt konsèy ak anpil sajès. Pou n di Bondye mèsi, se pou n chante sòm, kantik, ak chan Sentespri Bondye enspire nou. 17 Tout sa nou kapab di oubyen fè, se pou n fè tout sa pou Senyè Jezi. Epi nan tout sa n ap fè, se pou n remèsye Bondye Papa a pa mwayen non Jezi.

Nouvo lavi a nan fwaye a

18 Medam yo, se pou n dakò ak lidèchip mari nou. Se kon sa pou sa fèt, paske nou se moun Senyè a.

19 Nou menm mari yo, se pou n renmen madanm nou, epi nou pa dwe mete n an kòlè kont yo.

20 Nou menm ti moun, se pou n obeyi paran nou nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi.

21 Nou menm papa yo, pa fè timoun yo fache pou yo pa vin dekouraje.

22 Nou menm sèvitè ak sèvant yo, fè sa mèt nou gen sou latè yo mande nou fè. Se pa sèlman lè yo la pou n ap chache aji kon sa pou n fè yo plezi, men fè sa ak yon kè sensè, ak krentif pou Senyè a. 23 Tout sa n ap fè, se pou n fè l ak tout kè nou, tankou se pa pou moun nou t ap fè l men se pou Senyè a. 24 Mete nan tèt nou Senyè a ap rekonpanse nou epi l ap fè nou jwenn sa li pwomèt moun pa l yo. Se Jezikris Senyè nou an n ap sèvi. 25 Pa bliye, nenpòt moun ki fè sa ki mal, l ap jwenn pinisyon nan men Bondye pou sa l fè a. Jijman Senyè a pa fèt nan moun pa.

Footnotes

  1. 3:6 sou moun ki refize obeyi l Kèk nan Kopi Grèk yo pa genyen mo sa yo.
  2. 3:11 moun peyi Sit Yo te gade moun peyi Sit yo kòm yon pèp ki pa sivilize, yo te pran yo pou yon pèp sovaj.
  3. 3:15 Kò espirityèl Kris la, li vle di Legliz, pèp li a.

If ye then be risen with Christ, seek those things which are above, where Christ sitteth on the right hand of God.

Set your affection on things above, not on things on the earth.

For ye are dead, and your life is hid with Christ in God.

When Christ, who is our life, shall appear, then shall ye also appear with him in glory.

Mortify therefore your members which are upon the earth; fornication, uncleanness, inordinate affection, evil concupiscence, and covetousness, which is idolatry:

For which things' sake the wrath of God cometh on the children of disobedience:

In the which ye also walked some time, when ye lived in them.

But now ye also put off all these; anger, wrath, malice, blasphemy, filthy communication out of your mouth.

Lie not one to another, seeing that ye have put off the old man with his deeds;

10 And have put on the new man, which is renewed in knowledge after the image of him that created him:

11 Where there is neither Greek nor Jew, circumcision nor uncircumcision, Barbarian, Scythian, bond nor free: but Christ is all, and in all.

12 Put on therefore, as the elect of God, holy and beloved, bowels of mercies, kindness, humbleness of mind, meekness, longsuffering;

13 Forbearing one another, and forgiving one another, if any man have a quarrel against any: even as Christ forgave you, so also do ye.

14 And above all these things put on charity, which is the bond of perfectness.

15 And let the peace of God rule in your hearts, to the which also ye are called in one body; and be ye thankful.

16 Let the word of Christ dwell in you richly in all wisdom; teaching and admonishing one another in psalms and hymns and spiritual songs, singing with grace in your hearts to the Lord.

17 And whatsoever ye do in word or deed, do all in the name of the Lord Jesus, giving thanks to God and the Father by him.

18 Wives, submit yourselves unto your own husbands, as it is fit in the Lord.

19 Husbands, love your wives, and be not bitter against them.

20 Children, obey your parents in all things: for this is well pleasing unto the Lord.

21 Fathers, provoke not your children to anger, lest they be discouraged.

22 Servants, obey in all things your masters according to the flesh; not with eyeservice, as menpleasers; but in singleness of heart, fearing God;

23 And whatsoever ye do, do it heartily, as to the Lord, and not unto men;

24 Knowing that of the Lord ye shall receive the reward of the inheritance: for ye serve the Lord Christ.

25 But he that doeth wrong shall receive for the wrong which he hath done: and there is no respect of persons.