Add parallel Print Page Options

Sòl nan Jerizalèm

26 Apre sa, Sòl ale nan Jerizalèm. Li eseye asosye l ansanm ak lòt disip ki Jerizalèm yo, men disip yo te pè li. Yo pa t kwè Sòl te tounen yon patizan Jezikris toutbon vre. 27 Men, Banabas limenm, li te aksepte Sòl epi li mennen l bay apot yo. Banabas rakonte yo kijan Sòl te wè Senyè a sou wout Damas la epi kijan Senyè a te pale ak Sòl. Anplis, li di yo kijan Sòl te preche Bòn Nouvèl Kris la nan lavil Damas avèk anpil konviksyon.

28 Konsa, Sòl rete avèk disip yo. Li t ap fè ale vini ak yo nan tout Jerizalèm ap preche nan non Kris la avèk anpil konviksyon. 29 Li te pale sitou ak Jwif ki te pale Grèk yo. Li te konn diskite ak yo. Konsa, yo t ap chache fè plan pou touye l.

Read full chapter